< Suci 8 >

1 Tada Efrajimovi ljudi rekoše Gideonu: “Kako si postupio prema nama: nisi nas pozvao kada si pošao u boj protiv Midjanaca?” I žestoko mu prigovoriše.
Alò, mesye Éphraïm yo te di li: “Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd.
2 On im odgovori: “Pa što sam ja učinio kad se usporedim s vama? Nije li Efrajimovo pabirčenje bolje od Abiezerove berbe?
Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a?
3 U vaše je ruke Jahve predao knezove midjanske, Oreba i Zeeba. Može li se usporediti moje djelo s onim što ste vi učinili?” Na te riječi utiša se njihova srdžba prema njemu.
Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi fè ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a.
4 Kad je Gideon došao do Jordana, prijeđe ga, ali i on i tri stotine ljudi s njim bijahu iznemogli i gladni.
Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo.
5 Stoga reče ljudima iz Sukota: “Dajte kruha ljudima koji idu za mnom, iznemogli su. Ja gonim Zebaha i Salmunu, kraljeve midjanske.”
Li te di a mesye Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.”
6 Ali mu sukotski glavari odgovoriše: “Zar je Zebahova i Salmunina šaka već u tvojoj ruci da dademo kruha tvojoj vojsci?”
Chèf Succoth yo te di: “Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?”
7 Gideon im reče: “Dobro! Kad mi Jahve preda u ruke Zebaha i Salmunu, iskidat ću vam meso trnjem i dračem pustinjskim.”
Gédéon te di: “Trè byen, lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.”
8 Odatle ode u Penuel i zatraži isto od Penuelaca, a oni mu odgovore kao što su mu odgovorili i Sukoćani.
Li te monte soti la nan Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan.
9 On zaprijeti i Penuelcima: “Kad se vratim kao pobjednik, porušit ću ovu kulu.”
Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: “Lè m retounen an bon eta, m ap chire fò sa a.”
10 Zebah i Salmuna bijahu u Karkoru i vojska njihova s njima, oko petnaest tisuća ljudi, što ih god osta od vojske sinova Istoka; sto dvadeset tisuća ratnika bijaše palo.
Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe.
11 Gideon pođe putem kojim prolaze oni što žive pod šatorima, istočno od Nobaha i Jogbohe, te potuče vojsku kad stajaše bezbrižna.
Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an lè yo pa t sispèk anyen.
12 Zebah i Salmuna pobjegoše. On ih pogna i uhvati dva kralja midjanska, Zebaha i Salmunu. A vojsku im svu uništi.
Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout.
13 Poslije bitke Gideon, sin Joašev, vrati se preko Hareške uzvisine.
Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la.
14 I uhvati nekog momka iz Sukota te ga uze ispitivati; a on mu popisa imena sukotskih knezova i starješina, sedamdeset i sedam ljudi.
Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succot yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm.
15 Potom Gideon ode Sukoćanima i reče: “Evo Zebaha i Salmune zbog kojih ste mi se rugali govoreći: 'Je li Zebahova i Salmunina šaka već u tvojoj ruci pa da dademo kruha tvojim iznemoglim ljudima?'”
Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’”
16 I uhvati starješine gradske, nabra pustinjskog trnja i drača da ih oćute leđa Sukoćana.
Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo.
17 Poruši Penuelsku kulu i pobi građane.
Li te chire fò Penuel la e te touye mesye lavil yo.
18 Onda reče Zebahu i Salmuni: “Kakvi bijahu ljudi koje pobiste na Taboru?” “Bili su nalik na te”, odgovoriše. “Svaki bijaše kao kraljev sin.”
Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”
19 “To su bila moja braća, sinovi moje matere”, reče Gideon. “Tako mi Jahve, da ste ih ostavili na životu, ne bih vas ubio.”
Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.”
20 Potom zapovjedi svom prvencu Jeteru: “Ustani, pogubi ih!” Ali dječak ne izvuče mača: bojao se, bijaše još mlad.
Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn.
21 Tada rekoše Zebah i Salmuna: “Ustani ti i navali na nas, jer kakav je čovjek, onakva mu i snaga.” I ustavši, Gideon pogubi Zebaha i Salmunu i uze mjesečiće što su visjeli o vratu njihovih deva.
Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.
22 Izraelci rekoše Gideonu: “Vladaj nad nama, ti, sin tvoj i unuk tvoj, jer si nas ti izbavio iz ruku Midjanaca.”
Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”
23 Ali im Gideon odgovori: “Ne, neću ja vladati nad vama, a ni moj sin; Jahve će biti vaš vladar.”
Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.”
24 Još im reče Gideon: “Jedno samo od vas tražim: da mi svaki dade prsten od svog plijena.” Pobijeđeni su nosili zlatne prstenove jer bijahu Jišmaelci.
Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te Izmayelit ke yo te ye.)
25 “Vrlo rado”, odgovore oni. On nato razastrije svoj plašt, a svaki od njih baci od svog plijena po prsten.
Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo.
26 Težina zlatnih prestenova što ih je zaiskao iznosila je tisuću i sedam stotina zlatnih šekela, osim mjesečića, naušnica i skrletnih haljina koje su nosili midjanski kraljevi i osim lančića što bijahu oko vrata njihovih deva.
Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo.
27 Gideon načini od toga efod i postavi ga u svome gradu Ofri. I sav Izrael udari za njim u nevjeru i bijaše to zamka Gideonu i njegovu domu.
Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.
28 Tako su Midjanci bili poniženi pred Izraelcima. Više ne dizahu glave i zemlja bi mirna četrdeset godina, koliko još potraja vijek Gideonov.
Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.
29 Jerubaal, sin Joašev, otišao je i živio u svojoj kući.
Alò, Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li.
30 Gideon je imao sedamdeset sinova koji su potekli od njega jer je imao mnogo žena.
Gédéon te gen swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm.
31 Njegova inoča koja je živjela u Šekemu rodi mu sina komu nadjenu ime Abimelek.
Mennaj li ki te nan Sichem, osi te fè yon fis pou li e li te bay li non Abimélec.
32 Gideon, sin Joašev, umrije u dubokoj starosti; sahraniše ga u grobu njegova oca Joaša u Abiezerovoj Ofri.
Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.
33 Po Gideonovoj smrti Izraelci okrenuše u preljub s baalima te postaviše sebi za boga Baal-Berita.
Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.
34 Izraelci se nisu više sjećali Jahve, svoga Boga, koji ih je izbavio iz ruku svih njihovih neprijatelja unaokolo.
Konsa, fis Israël yo pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote.
35 I nisu iskazivali zahvalnost domu Jerubaala Gideona za dobro što ga je učinio Izraelu.
Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo.

< Suci 8 >