< 詩篇 77 >

1 亞薩的詩,照耶杜頓的作法,交與伶長。 我要向上帝發聲呼求; 我向上帝發聲,他必留心聽我。
Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
2 我在患難之日尋求主; 我在夜間不住地舉手禱告; 我的心不肯受安慰。
Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
3 我想念上帝,就煩燥不安; 我沉吟悲傷,心便發昏。 (細拉)
Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
4 你叫我不能閉眼; 我煩亂不安,甚至不能說話。
Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
5 我追想古時之日, 上古之年。
M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
6 我想起我夜間的歌曲,捫心自問; 我心裏也仔細省察。
Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
7 難道主要永遠丟棄我, 不再施恩嗎?
Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
8 難道他的慈愛永遠窮盡, 他的應許世世廢棄嗎?
Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
9 難道上帝忘記開恩, 因發怒就止住他的慈悲嗎? (細拉)
Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
10 我便說:這是我的懦弱, 但我要追念至高者顯出右手之年代。
Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?
11 我要提說耶和華所行的; 我要記念你古時的奇事。
Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.
12 我也要思想你的經營, 默念你的作為。
M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!
13 上帝啊,你的作為是潔淨的; 有何神大如上帝呢?
Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
14 你是行奇事的上帝; 你曾在列邦中彰顯你的能力。
Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
15 你曾用你的膀臂贖了你的民, 就是雅各和約瑟的子孫。 (細拉)
Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
16 上帝啊,諸水見你, 一見就都驚惶; 深淵也都戰抖。
Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
17 雲中倒出水來; 天空發出響聲; 你的箭也飛行四方。
Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.
18 你的雷聲在旋風中; 電光照亮世界; 大地戰抖震動。
Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.
19 你的道在海中; 你的路在大水中; 你的腳蹤無人知道。
Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.
20 你曾藉摩西和亞倫的手引導你的百姓, 好像羊群一般。
Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.

< 詩篇 77 >