< 詩篇 119 >
ALÈPH. A la beni se (sila) ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.
A la beni se (sila) ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.
Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
4 耶和華啊,你曾將你的訓詞吩咐我們, 為要我們殷勤遵守。
Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!
Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.
Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
Mwen va kenbe règleman Ou yo. Pa abandone m nèt! BETH
9 少年人用甚麼潔淨他的行為呢? 是要遵行你的話!
Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? Nan kenbe li selon pawòl Ou.
10 我一心尋求了你; 求你不要叫我偏離你的命令。
Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m, pou m pa t peche kont Ou.
12 耶和華啊,你是應當稱頌的! 求你將你的律例教訓我!
Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.
Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.
Mwen va reflechi sou règleman Ou yo, e okipe chemen Ou yo.
Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL
17 求你用厚恩待你的僕人,使我存活, 我就遵守你的話。
Aji ak gras avèk sèvitè Ou a, pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.
Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.
19 我是在地上作寄居的; 求你不要向我隱瞞你的命令!
Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.
Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
21 受咒詛、偏離你命令的驕傲人, 你已經責備他們。
Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen yo, k ap egare kite kòmandman Ou yo.
22 求你除掉我所受的羞辱和藐視, 因我遵守你的法度。
Retire repwòch ak mepri a sou mwen, paske mwen obsève temwayaj Ou yo.
23 雖有首領坐着妄論我, 你僕人卻思想你的律例。
Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen, Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH
25 我的性命幾乎歸於塵土; 求你照你的話將我救活!
Nanm mwen kole rèd nan pousyè a. Fè m leve selon pawòl Ou.
26 我述說我所行的,你應允了我; 求你將你的律例教訓我!
Mwen te pale sou chemen mwen yo, e Ou te reponn mwen. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
28 我的心因愁苦而消化; 求你照你的話使我堅立!
Nanm mwen ap kriye akoz doulè. Ban m fòs selon pawòl Ou a.
29 求你使我離開奸詐的道, 開恩將你的律法賜給我!
Retire sou mwen fo chemen an e ban mwen gras nan lalwa Ou a.
Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a. Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
31 我持守你的法度; 耶和華啊,求你不要叫我羞愧!
Mwen kole rèd de temwayaj Ou yo. O SENYÈ, pa fè m desi.
32 你開廣我心的時候, 我就往你命令的道上直奔。
Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE
33 耶和華啊,求你將你的律例指教我, 我必遵守到底!
Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo e mwen va obsève li jiska lafen.
34 求你賜我悟性,我便遵守你的律法, 且要一心遵守。
Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
35 求你叫我遵行你的命令, 因為這是我所喜樂的。
Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo, paske sa fè kè m kontan.
36 求你使我的心趨向你的法度, 不趨向非義之財。
Enkline kè m a temwayaj Ou yo, e pa nan ranmase richès malonèt.
37 求你叫我轉眼不看虛假, 又叫我在你的道中生活。
Vire zye m pou yo pa gade vanite e fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.
38 你向敬畏你的人所應許的話, 求你向僕人堅定!
Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a, kon (sila) ki gen lakrent Ou.
39 求你使我所怕的羞辱遠離我, 因你的典章本為美。
Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.
40 我羨慕你的訓詞; 求你使我在你的公義上生活!
Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo! Fè m remonte nan ladwati Ou. VAV
41 耶和華啊,願你照你的話,使你的慈愛, 就是你的救恩,臨到我身上,
Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen, O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.
Pou m kab genyen yon repons pou (sila) ki repwoche m nan, paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.
43 求你叫真理的話總不離開我口, 因我仰望你的典章。
Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt, pou tout tan e pou tout tan.
Epi mwen va mache nan libète, paske se òdonans Ou ke m chache.
46 我也要在君王面前論說你的法度, 並不至於羞愧。
Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.
47 我要在你的命令中自樂; 這命令素來是我所愛的。
Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
48 我又要遵行你的命令, 這命令素來是我所愛的; 我也要思想你的律例。
Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo ke m tèlman renmen. Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo. ZAYIN
Sonje pawòl a sèvitè Ou a. Se nan li Ou te fè m gen espwa a.
Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an, paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
Moun awogan yo meprize m nèt, men mwen pa vire kite lalwa Ou.
52 耶和華啊,我記念你從古以來的典章, 就得了安慰。
Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ, e yo rekonfòte mwen.
53 我見惡人離棄你的律法, 就怒氣發作,猶如火燒。
Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo, ki abandone lalwa Ou.
Règleman Ou yo se chanson mwen nan kay kote m demere.
55 耶和華啊,我夜間記念你的名, 遵守你的律法。
O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e mwen kenbe lalwa Ou.
Se sa ki chemen m, mwen kenbe tout òdonans Ou yo. HETH
57 耶和華是我的福分; 我曾說,我要遵守你的言語。
Se SENYÈ a ki pòsyon mwen. Mwen te fè pwomès pou kenbe pawòl Ou yo.
Mwen te chache favè Ou ak tout kè m. Fè m gras selon pawòl Ou.
Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta pou obeyi kòmandman Ou yo.
Kòd a mechan yo te antoure m, men mwen pa t bliye lalwa Ou.
A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman, akoz òdonans dwat Ou yo.
Mwen se zanmi parèy a tout (sila) ki gen lakrent Ou yo ak (sila) ki swiv règleman Ou yo.
64 耶和華啊,你的慈愛遍滿大地; 求你將你的律例教訓我!
Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo. TETH
Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
66 求你將精明和知識賜給我, 因我信了你的命令。
Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans, Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
68 你本為善,所行的也善; 求你將你的律例教訓我!
Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
69 驕傲人編造謊言攻擊我, 我卻要一心守你的訓詞。
Awogan yo te fòje yon manti kont mwen. Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.
Kè yo rèd, kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye. YODH
73 你的手製造我,建立我; 求你賜我悟性,可以學習你的命令!
Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
Ke (sila) ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan. Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.
75 耶和華啊,我知道你的判語是公義的; 你使我受苦是以誠實待我。
Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.
O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen, Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
77 願你的慈悲臨到我,使我存活, 因你的律法是我所喜愛的。
Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.
78 願驕傲人蒙羞,因為他們無理地傾覆我; 但我要思想你的訓詞。
Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
Ke (sila) ki krent Ou yo kapab vire kote mwen. Yo va konnen règleman Ou yo.
Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo, pou m pa vin desi. KAPH
Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.
82 我因盼望你的應許眼睛失明,說: 你何時安慰我?
Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou, pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.
84 你僕人的年日有多少呢? 你幾時向逼迫我的人施行審判呢?
Konbyen jou sèvitè Ou gen? Se kilè Ou va pase jijman sou (sila) ki pèsekite mwen yo?
Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen, (Sila) ki pa an akò ak lalwa Ou yo.
86 你的命令盡都誠實; 他們無理地逼迫我,求你幫助我!
Tout kòmandman Ou yo fidèl. Se ak manti yo te pèsekite mwen. Fè m sekou!
87 他們幾乎把我從世上滅絕, 但我沒有離棄你的訓詞。
Yo te prèske fin detwi m sou latè, Men pou mwen, mwen pa t kite òdonans Ou yo.
88 求你照你的慈愛將我救活, 我就遵守你口中的法度。
Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a, Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo. LAMEDH
Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin etabli nan syèl la.
Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo. Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
91 天地照你的安排存到今日; 萬物都是你的僕役。
Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou. Paske tout bagay se sèvitè Ou.
92 我若不是喜愛你的律法, 早就在苦難中滅絕了!
Si lalwa Ou pa t plezi mwen, mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.
93 我永不忘記你的訓詞, 因你用這訓詞將我救活了。
Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo, Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
94 我是屬你的,求你救我, 因我尋求了你的訓詞。
Se pa W mwen ye. Fè m sekou! Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
95 惡人等待我,要滅絕我, 我卻要揣摩你的法度。
Mechan yo ap tann mwen pou detwi m. Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.
Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon, men kòmandman Ou an vrèman vast. MEM
O! A la mwen renmen lalwa Ou a! Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo, Paske yo toujou pou mwen.
Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo, Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
Mwen gen konprann plis pase granmoun yo, akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
101 我禁止我腳走一切的邪路, 為要遵守你的話。
Mwen te anpeche pye m antre nan tout wout ki gen mechanste, Pou m te kab kenbe pawòl Ou.
Mwen pa t vire kite règleman Ou yo, paske se Ou menm ki te enstwi m.
103 你的言語在我上膛何等甘美, 在我口中比蜜更甜!
A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
104 我藉着你的訓詞得以明白, 所以我恨一切的假道。
Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann. Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo. NUN
Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e yon limyè nan pa pye mwen.
106 你公義的典章,我曾起誓遵守, 我必按誓而行。
Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.
107 我甚是受苦; 耶和華啊,求你照你的話將我救活!
Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
108 耶和華啊,求你悅納我口中的讚美為供物, 又將你的典章教訓我!
O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
109 我的性命常在危險之中, 我卻不忘記你的律法。
Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
110 惡人為我設下網羅, 我卻沒有偏離你的訓詞。
Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen, malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.
111 我以你的法度為永遠的產業, 因這是我心中所喜愛的。
Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.
112 我的心專向你的律例, 永遠遵行,一直到底。
Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo jis pou tout tan, jiska lafen. SAMEKH
113 心懷二意的人為我所恨; 但你的律法為我所愛。
Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
114 你是我藏身之處,又是我的盾牌; 我甚仰望你的話語。
Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen, Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
115 作惡的人哪,你們離開我吧! 我好遵守我上帝的命令。
Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
116 求你照你的話扶持我,使我存活, 也不叫我因失望而害羞。
Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv. Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.
117 求你扶持我,我便得救, 時常看重你的律例。
Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
118 凡偏離你律例的人,你都輕棄他們, 因為他們的詭詐必歸虛空。
Ou te rejte tout (sila) ki te egare kite règleman Ou yo, paske sediksyon yo a pa reyisi.
119 凡地上的惡人,你除掉他,好像除掉渣滓; 因此我愛你的法度。
Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou kim initil. Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.
Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN
121 我行過公平和公義, 求你不要撇下我給欺壓我的人!
Mwen te fè sa ki jis e dwat. Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.
122 求你為僕人作保,使我得好處, 不容驕傲人欺壓我!
Aji kon soutyèn pou bonte a sèvitè Ou a. Pa kite awogan yo oprime mwen.
Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.
124 求你照你的慈愛待僕人, 將你的律例教訓我。
Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
125 我是你的僕人,求你賜我悟性, 使我得知你的法度。
Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann pou m konnen temwayaj Ou yo.
126 這是耶和華降罰的時候, 因人廢了你的律法。
Se lè pou Ou aji, SENYÈ, paske yo te vyole lalwa Ou a.
127 所以,我愛你的命令勝於金子, 更勝於精金。
Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.
128 你一切的訓詞,在萬事上我都以為正直; 我卻恨惡一切假道。
Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo. PE
Temwayaj Ou yo mèvèye. Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a (sila) ki senp yo.
Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
132 求你轉向我,憐憫我, 好像你素常待那些愛你名的人。
Vire kote mwen e fè m gras, menm jan ke Ou konn fè ak (sila) ki renmen non Ou yo.
133 求你用你的話使我腳步穩當, 不許甚麼罪孽轄制我。
Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.
134 求你救我脫離人的欺壓, 我要遵守你的訓詞。
Rachte mwen anba opresyon a lòm, pou m kab kenbe òdonans Ou yo.
Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
136 我的眼淚下流成河, 因為他們不守你的律法。
Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a. TZADHE
137 耶和華啊,你是公義的; 你的判語也是正直的!
Oudwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati. Yo fidèl nèt.
139 我心焦急,如同火燒, 因我敵人忘記你的言語。
Zèl mwen fin manje m nèt, akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.
Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
143 我遭遇患難愁苦, 你的命令卻是我所喜愛的。
Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen. Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
144 你的法度永遠是公義的; 求你賜我悟性,我就活了。
Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan. Ban mwen bon konprann pou m kab viv. QOPH
145 耶和華啊,我一心呼籲你; 求你應允我,我必謹守你的律例!
Mwen te kriye ak tout kè mwen. Reponn mwen, O SENYÈ! Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
146 我向你呼籲,求你救我! 我要遵守你的法度。
Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen! Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou. Mwen ap tann pawòl Ou yo.
148 我趁夜更未換將眼睜開, 為要思想你的話語。
Zye m rete ovèt pandan vè lanwit la, konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
149 求你照你的慈愛聽我的聲音; 耶和華啊,求你照你的典章將我救活!
Tande vwa m selon lanmou dous Ou a. Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
(Sila) ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.
151 耶和華啊,你與我相近; 你一切的命令盡都真實!
Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
152 我因學你的法度, 久已知道是你永遠立定的。
Depi nan tan ansyen yo, mwen te konnen de temwayaj Ou yo, ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo. RESH
153 求你看顧我的苦難,搭救我, 因我不忘記你的律法。
Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
154 求你為我辨屈,救贖我, 照你的話將我救活。
Plede kòz mwen e rachte mwen! Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.
Sali a lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
156 耶和華啊,你的慈悲本為大; 求你照你的典章將我救活。
Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ. Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.
157 逼迫我的,抵擋我的,很多, 我卻沒有偏離你的法度。
Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo. Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.
158 我看見奸惡的人就甚憎惡, 因為他們不遵守你的話。
Mwen gade moun trèt yo e mwen rayi yo nèt, akoz yo pa kenbe pawòl Ou.
159 你看我怎樣愛你的訓詞! 耶和華啊,求你照你的慈愛將我救活!
Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo. Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
160 你話的總綱是真實; 你一切公義的典章是永遠長存。
Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan. SIN AK SHIN
161 首領無故地逼迫我, 但我的心畏懼你的言語。
Prens yo pèsekite mwen san koz, men kè m kanpe etonnen devan pawòl Ou yo.
Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.
163 謊話是我所恨惡所憎嫌的; 惟你的律法是我所愛的。
Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo. Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou, akoz òdonans dwat Ou yo.
165 愛你律法的人有大平安, 甚麼都不能使他們絆腳。
(Sila) ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè. Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
166 耶和華啊,我仰望了你的救恩, 遵行了你的命令。
Mwen espere gen Sali Ou, O SENYÈ. Mwen te fè kòmandman Ou yo.
Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo. Mwen renmen yo anpil anpil.
168 我遵守了你的訓詞和法度, 因我一切所行的都在你面前。
Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo, Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou. TAV
169 耶和華啊,願我的呼籲達到你面前, 照你的話賜我悟性。
Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ. Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou. Delivre mwen selon pawòl Ou.
171 願我的嘴發出讚美的話, 因為你將律例教訓我。
Kite lèv mwen eksprime lwanj, paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
172 願我的舌頭歌唱你的話, 因你一切的命令盡都公義。
Kite lang mwen chante de pawòl Ou, paske tout kòmandman Ou yo dwat.
Kite men Ou parèt pou fè m sekou, paske mwen te chwazi òdonans Ou yo.
174 耶和華啊,我切慕你的救恩! 你的律法也是我所喜愛的。
Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.
175 願我的性命存活,得以讚美你! 願你的典章幫助我!
Kite nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou. Kite òdonans Ou yo ban m sekou.
176 我如亡羊走迷了路,求你尋找僕人, 因我不忘記你的命令。
Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.