< 箴言 8 >
Èske sajès pa rele? Èske bon konprann pa leve vwa li?
Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo; la li pran pozisyon li.
Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la, nan antre pòtay yo, li kriye fò:
Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele! Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
5 說:愚蒙人哪,你們要會悟靈明; 愚昧人哪,你們當心裏明白。
O moun ensanse yo, vin aprann pridans! Moun fou yo, vin konprann sajès!
6 你們當聽,因我要說極美的話; 我張嘴要論正直的事。
Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay. Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
Paske bouch mwen va eksprime verite; epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.
Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.
10 你們當受我的教訓,不受白銀; 寧得知識,勝過黃金。
Pran konsèy mwen olye ajan, e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11 因為智慧比珍珠更美; 一切可喜愛的都不足與比較。
Paske, sajès pi bon ke bijou; epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann. Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
13 敬畏耶和華在乎恨惡邪惡; 那驕傲、狂妄,並惡道, 以及乖謬的口,都為我所恨惡。
Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
Akoz mwen, wa yo vin renye; e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 王子和首領, 世上一切的審判官,都是藉我掌權。
Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa; tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 愛我的,我也愛他; 懇切尋求我的,必尋得見。
Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
Richès ak lonè avèk m; richès k ap dire ak ladwati.
19 我的果實勝過黃金,強如精金; 我的出產超乎高銀。
Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
Mwen mache nan ladwati, nan mitan wout lajistis yo,
Pou m bay a sila ki renmen m, richès; pou m kab ranpli kès yo.
22 在耶和華造化的起頭, 在太初創造萬物之先,就有了我。
SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li; menm avan zèv ansyen Li yo.
Depi nan etènite, mwen te etabli, depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.
Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt, lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
Avan mòn yo te poze, avan kolin yo, mwen te fèt;
26 耶和華還沒有創造大地和田野, 並世上的土質,我已生出。
pandan li potko fè tè a ak chan yo, ni premye grenn pousyè mond lan.
27 他立高天,我在那裏; 他在淵面的周圍,劃出圓圈。
Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la, lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, lè sous nan fon yo te vin etabli,
29 為滄海定出界限,使水不越過他的命令, 立定大地的根基。
lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;
30 那時,我在他那裏為工師, 日日為他所喜愛, 常常在他面前踴躍,
Nan tan sa a, mwen te akote Li, yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen e te rejwi devan L tout tan,
31 踴躍在他為人預備可住之地, 也喜悅住在世人之間。
Mwen t ap Rejwi nan mond Li a, e fè kè kontan nan fis a lòm yo.
32 眾子啊,現在要聽從我, 因為謹守我道的,便為有福。
“Alò, pou sa, fis yo, koute mwen; paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34 聽從我、日日在我門口仰望、 在我門框旁邊等候的,那人便為有福。
Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35 因為尋得我的,就尋得生命, 也必蒙耶和華的恩惠。
Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36 得罪我的,卻害了自己的性命; 恨惡我的,都喜愛死亡。
Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”