< 箴言 24 >
Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.
Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.
Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm.
Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.
Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.
Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.
7 智慧極高,非愚昧人所能及, 所以在城門內不敢開口。
Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.
Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan.
Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.
Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre.
11 人被拉到死地,你要解救; 人將被殺,你須攔阻。
Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.
12 你若說:這事我未曾知道, 那衡量人心的豈不明白嗎? 保守你命的豈不知道嗎? 他豈不按各人所行的報應各人嗎?
Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
13 我兒,你要吃蜜,因為是好的; 吃蜂房下滴的蜜便覺甘甜。
Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou,
14 你心得了智慧,也必覺得如此。 你若找着,至終必有善報; 你的指望也不致斷絕。
se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale.
15 你這惡人,不要埋伏攻擊義人的家; 不要毀壞他安居之所。
Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a.
16 因為,義人雖七次跌倒,仍必興起; 惡人卻被禍患傾倒。
Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.
17 你仇敵跌倒,你不要歡喜; 他傾倒,你心不要快樂;
Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.
18 恐怕耶和華看見就不喜悅, 將怒氣從仇敵身上轉過來。
Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa.
Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.
Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.
21 我兒,你要敬畏耶和華與君王, 不要與反覆無常的人結交,
Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.
22 因為他們的災難必忽然而起。 耶和華與君王所施行的毀滅, 誰能知道呢?
Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.
23 以下也是智慧人的箴言: 審判時看人情面是不好的。
Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.
24 對惡人說「你是義人」的, 這人萬民必咒詛,列邦必憎惡。
Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè.
25 責備惡人的,必得喜悅; 美好的福也必臨到他。
Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen.
Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.
27 你要在外頭預備工料, 在田間辦理整齊, 然後建造房屋。
Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.
28 不可無故作見證陷害鄰舍, 也不可用嘴欺騙人。
Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.
29 不可說:人怎樣待我,我也怎樣待他; 我必照他所行的報復他。
Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.
Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.
31 荊棘長滿了地皮, 刺草遮蓋了田面, 石牆也坍塌了。
Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe.
Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson.
Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon!
34 你的貧窮就必如強盜速來, 你的缺乏彷彿拿兵器的人來到。
W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.