< 民數記 31 >

1 耶和華吩咐摩西說:
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 「你要在米甸人身上報以色列人的仇,後來要歸到你列祖那裏。」
Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.
3 摩西吩咐百姓說:「要從你們中間叫人帶兵器出去攻擊米甸,好在米甸人身上為耶和華報仇。
Moïse te pale avèk pèp la e te di: “Bay gason pami nou yo zam pou fè lagè; pou yo kapab sòti kont Madian pou egzekite vanjans SENYÈ a kont Madian.
4 從以色列眾支派中,每支派要打發一千人去打仗。」
Yon milye ki soti nan chak tribi a tout tribi Israël yo, nou va voye yo nan lagè.”
5 於是從以色列千萬人中,每支派交出一千人,共一萬二千人,帶着兵器預備打仗。
Konsa, te vin disponib soti nan milye an Israël, yon milye soti nan chak tribi, douz mil avèk zam prepare pou lagè.
6 摩西就打發每支派的一千人去打仗,並打發祭司以利亞撒的兒子非尼哈同去;非尼哈手裏拿着聖所的器皿和吹大聲的號筒。
Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan.
7 他們就照耶和華所吩咐摩西的,與米甸人打仗,殺了所有的男丁。
Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e yo te touye tout gason yo.
8 在所殺的人中,殺了米甸的五王,就是以未、利金、蘇珥、戶珥、利巴,又用刀殺了比珥的兒子巴蘭。
Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.
9 以色列人擄了米甸人的婦女孩子,並將他們的牲畜、羊群,和所有的財物都奪了來,當作擄物,
Fis a Israël yo te pran an kaptif fanm a Madian avèk timoun piti yo, tout bèf yo avèk tout bann bèt yo ak tout byen yo te piyaje yo.
10 又用火焚燒他們所住的城邑和所有的營寨,
Yo te brile tout vil kote yo te rete yo ak tout kan yo avèk dife.
11 把一切所奪的、所擄的,連人帶牲畜都帶了去,
Yo te piyaje ak tout sila ki te pran an kaptif yo, ni moun, ni bèt.
12 將所擄的人,所奪的牲畜、財物,都帶到摩押平原,在約旦河邊與耶利哥相對的營盤,交給摩西和祭司以利亞撒,並以色列的會眾。
Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho.
13 摩西和祭司以利亞撒,並會眾一切的首領,都出到營外迎接他們。
Moïse avèk Éléazar, prèt la ak tout chèf ki nan kongregasyon yo te ale deyò kan an pou rankontre yo.
14 摩西向打仗回來的軍長,就是千夫長、百夫長,發怒,
Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo.
15 對他們說:「你們要存留這一切婦女的活命嗎?
Moïse te di yo: “Èske nou te bay tout fanm yo lavi?
16 這些婦女因巴蘭的計謀,叫以色列人在毗珥的事上得罪耶和華,以致耶和華的會眾遭遇瘟疫。
Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a.
17 所以,你們要把一切的男孩和所有已嫁的女子都殺了。
Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason.
18 但女孩子中,凡沒有出嫁的,你們都可以存留她的活命。
Men tout fi ki poko konnen gason, konsève yo pou nou menm.
19 你們要在營外駐紮七日;凡殺了人的,和一切摸了被殺的,並你們所擄來的人口,第三日,第七日,都要潔淨自己,
“Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a.
20 也要因一切的衣服、皮物、山羊毛織的物,和各樣的木器,潔淨自己。」
Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”
21 祭司以利亞撒對打仗回來的兵丁說:「耶和華所吩咐摩西律法中的條例乃是這樣:
Alò, Éléazar, prèt la, te di a mesye lagè ki te ale nan batay yo: “Sa se règleman a lalwa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la:
22 金、銀、銅、鐵、錫、鉛,
sèlman lò avèk ajan, avèk bwonz, fè, fè blan ak plon,
23 凡能見火的,你們要叫它經火就為潔淨,然而還要用除污穢的水潔淨它;凡不能見火的,你們要叫它過水。
tout sa ki kapab sipòte dife, nou va fè pase nan dife, e li va vin pwòp; men li va pirifye avèk dlo pirifikasyon an. Men nenpòt sa ki pa kab sipòte dife, nou va pase yo nan dlo.
24 第七日,你們要洗衣服,就為潔淨,然後可以進營。」
Epi nou va lave rad nou nan setyèm jou a pou nou vin pwòp; epi apre, nou kapab antre nan kan an.”
25 耶和華曉諭摩西說:
Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
26 「你和祭司以利亞撒,並會眾的各族長,要計算所擄來的人口和牲畜的總數。
“Ou menm avèk Éléazar, prèt la, chèf a lakay zansèt yo nan kongregasyon an, pran kontwòl de sa ki te pran an kaptif yo, ni lòm, ni bèt;
27 把所擄來的分作兩半:一半歸與出去打仗的精兵,一半歸與全會眾。
epi divize piyaj la antre gèrye ki te sòti nan batay yo ak tout kongregasyon an.
28 又要從出去打仗所得的人口、牛、驢、羊群中,每五百取一,作為貢物奉給耶和華。
Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton;
29 從他們一半之中,要取出來交給祭司以利亞撒,作為耶和華的舉祭。
pran li nan mwatye pa yo, e bay li a Éléazar, prèt la, kòm yon ofrann bay SENYÈ a.
30 從以色列人的一半之中,就是從人口、牛、驢、羊群、各樣牲畜中,每五十取一,交給看守耶和華帳幕的利未人。」
Soti nan mwatye fis Israël yo, ou va pran youn ki sòti nan chak senkant moun, nan bèf, nan bourik ak nan mouton, nan tout bèt; epi bay yo a Levit ki responsab lòd nan tabènak SENYÈ a.”
31 於是摩西和祭司以利亞撒照耶和華所吩咐摩西的行了。
Moïse avèk Éléazar, prèt la, te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
32 除了兵丁所奪的財物以外,所擄來的:羊六十七萬五千隻;
Alò, piyaj ki te rete nan byen ke mesye lagè yo te piyaje a te si-mil-swasann-kenz mouton,
33 牛七萬二千隻;
swasann-douz-mil bèf,
34 驢六萬一千匹;
swasanteyen-mil bourik,
35 女人共三萬二千口,都是沒有出嫁的。
epi nan Kretyen kaptif yo, fanm ki pa t janm konnen gason yo, tout moun te trann-de-mil.
36 出去打仗之人的分,就是他們所得的那一半,共計羊三十三萬七千五百隻,
Mwatye a, pati a sila ki te ale nan lagè yo te konsa: kantite mouton yo te: twa-san-trann-sèt-mil-senk-san,
37 從其中歸耶和華為貢物的,有六百七十五隻;
taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz;
38 牛三萬六千隻,從其中歸耶和華為貢物的,有七十二隻;
bèf yo te trann-si-mil, ladann taks la te swasann-douz;
39 驢三萬零五百匹,從其中歸耶和華為貢物的,有六十一匹;
bourik yo te trant-mil-senk-san, ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen;
40 人一萬六千口,從其中歸耶和華的,有三十二口。
moun vivan yo te sèz-mil, ladan yo taks SENYÈ a te trann-de moun.
41 摩西把貢物,就是歸與耶和華的舉祭,交給祭司以利亞撒,是照耶和華所吩咐摩西的。
Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
42 以色列人所得的那一半,就是摩西從打仗的人取來分給他們的。(
Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo——
43 會眾的那一半有:羊三十三萬七千五百隻;
Mwatye kongregasyon an te twa-san-trann-sèt-mil-senk-san mouton,
44 牛三萬六千隻;
trann-si-mil bèf,
45 驢三萬零五百匹;
trant-mil-senk-san bourik,
46 人一萬六千口。)
moun vivan yo te sèz-mil
47 無論是人口是牲畜,摩西每五十取一,交給看守耶和華帳幕的利未人,是照耶和華所吩咐摩西的。
epi soti nan mwatye fis Israël yo, Moïse te retire nan chak senkant, ni nan lòm ak nan bèt yo, e li te bay yo a Levit yo, ki te kenbe lòd nan tabènak SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
48 帶領千軍的各軍長,就是千夫長、百夫長,都近前來見摩西,
Alò, ofisye ki te sou dè milye nan lame yo, kapitèn a dè milye e kapitèn a dè santèn yo te apwoche Moïse,
49 對他說:「僕人權下的兵已經計算總數,並不短少一人。
epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la.
50 如今我們將各人所得的金器,就是腳鍊子、鐲子、打印的戒指、耳環、手釧,都送來為耶和華的供物,好在耶和華面前為我們的生命贖罪。」
Konsa, nou vin pote yon ofrann bay SENYÈ a sou sa ke chak moun te twouve, bagay an lò, chenèt, braslè, bag, zanno ak kolye, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a.”
51 摩西和祭司以利亞撒就收了他們的金子,都是打成的器皿。
Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò pa yo, tout kalite bagay ki fonn.
52 千夫長、百夫長所獻給耶和華為舉祭的金子共有一萬六千七百五十舍客勒。
Tout lò pou ofrann, yo te ofri devan SENYÈ a, soti nan kapitèn dè milye ak kapitèn dè santèn yo, se te sèz-mil-sèt-san-senkant sik.
53 各兵丁都為自己奪了財物。
Mesye lagè yo te pran piyaj la, chak nonm pou kont li.
54 摩西和祭司以利亞撒收了千夫長、百夫長的金子,就帶進會幕,在耶和華面前作為以色列人的紀念。
Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a.

< 民數記 31 >