< 約伯記 29 >
Ankò, Job te reprann diskou. Li te di:
2 惟願我的景況如從前的月份, 如上帝保守我的日子。
“O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo! Kon nan jou ke Bondye te bay rega sou mwen yo;
Lè lanp Li yo te briye sou tèt mwen, e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
4 我願如壯年的時候: 那時我在帳棚中, 上帝待我有密友之情;
Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo, lè amitye Bondye te sou tant mwen an;
lè Toupwisan an te toujou avè m, e pitit mwen yo te antoure mwen;
lè pa mwen yo te benyen nan bè e wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la, pou m te gen chèz mwen sou plas la.
Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo, e granmoun yo te konn leve kanpe.
Prens yo te sispann pale e te mete men yo sou bouch yo.
Vwa a moun pwisan yo te rete, e lang yo te kole anlè nan bouch yo.
11 耳朵聽我的,就稱我有福; 眼睛看我的,便稱讚我;
Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni, e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou, avèk òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.
Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m; jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
Mwen te sèvi kon zye pou avèg yo, e pye pou sila bwate yo.
16 我為窮乏人的父; 素不認識的人,我查明他的案件。
Mwen te yon papa pou malere a, e ka ke m pa konnen an, mwen te chache twouve bout li.
17 我打破不義之人的牙床, 從他牙齒中奪了所搶的。
Mwen te kase machwè a mechan an e mwen te retire viktim nan anba dan l.
18 我便說:我必死在家中, 必增添我的日子,多如塵沙。
Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen, e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
Fòs mwen toujou nèf, e banza m renouvle nan men m.’
“Moun yo te koute e te tann. Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
22 我說話之後,他們就不再說; 我的言語像雨露滴在他們身上。
Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò, e pawòl mwen yo te etonnen yo.
Yo te tann mwen tankou lapli. Yo te ouvri bouch yo pou bwe, konsi se pou lapli nan sezon prentan.
24 他們不敢自信,我就向他們含笑; 他們不使我臉上的光改變。
Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè, e limyè a figi m pa t janm vin ba.
25 我為他們選擇道路,又坐首位; 我如君王在軍隊中居住, 又如弔喪的安慰傷心的人。
Mwen te chwazi yon chemen pou yo, te chita tankou chèf, e te demere tankou wa pami sòlda yo, tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”