< 以西結書 42 >
1 他帶我出來向北,到外院,又帶我進入聖屋;這聖屋一排順着空地,一排與北邊鋪石地之屋相對。
Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò.
Avèk longè a, ki te san koude a, se te pòt nò a; lajè a te senkant koude.
3 對着內院那二十肘寬之空地,又對着外院的鋪石地,在第三層樓上有樓廊對着樓廊。
Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo.
4 在聖屋前有一條夾道,寬十肘,長一百肘。房門都向北。
Devan chanm yo, se te yon machpye pa anndan de dis koude nan lajè, yon chemen de san koude nan longè, epi ouvèti pa yo te vè nò.
5 聖屋因為樓廊佔去些地方,所以上層比中下兩層窄些。
Alò, chanm anlè yo te pi piti akoz galri yo te pran plis espas sou yo ke sila nan baz ak mitan etaj nan konstriksyon yo.
6 聖屋有三層,卻無柱子,不像外院的屋子有柱子;所以上層比中下兩層更窄。
Paske se nan twa etaj yo te ye e pa t gen pilye tankou pilye nan lakou yo. Akoz sa, chanm anlè yo te vin pi etwat ke mitan ak piba yo.
Pou miray eksteryè bò chanm yo, vè lakou deyò anfas chanm yo, longè li te senkant koude.
8 靠着外院的聖屋長五十肘。殿北面的聖屋長一百肘。
Paske longè a chanm ki te nan lakou eksteryè yo te senkant koude. Epi gade byen, longè a sila anfas tanp yo te san koude.
9 在聖屋以下,東頭有進入之處,就是從外院進入之處。
Pi ba chanm sa yo, se te antre sou kote lès la, kote yon moun ka antre nan yo soti nan lakou eksteryè a.
10 向南在內院牆裏有聖屋,一排與鋪石地之屋相對,一排順着空地。
Nan epesè miray la sou kote lès, anfas kote apa a e anfas konstriksyon an, te gen chanm yo.
11 這聖屋前的夾道與北邊聖屋的夾道長寬一樣;出入之處與北屋門的樣式相同。
Chemen devan yo a te sanble ak chanm ki te sou kote nò yo. Selon longè yo, konsa lajè yo te ye e tout kote pou antre sòti yo te menm selon aranjman ak ouvèti pa yo.
12 正在牆前、夾道的東頭,有門可以進入,與向南聖屋的門一樣。
Nan koresponn a pòt chanm ki te vè sid yo, te gen yon pòt nan tèt chemen an, chemen devan miray ki te vè lès la, kote yon moun ta antre ladan yo.
13 他對我說:「順着空地的南屋北屋,都是聖屋;親近耶和華的祭司當在那裏吃至聖的物,也當在那裏放至聖的物,就是素祭、贖罪祭,和贖愆祭,因此處為聖。
Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen.
14 祭司進去出了聖所的時候,不可直到外院,但要在聖屋放下他們供職的衣服,因為是聖衣;要穿上別的衣服才可以到屬民的外院。」
Lè prèt yo antre, alò yo p ap sòti nan lakou eksteryè a lè yo kite sanktyè a san ke yo pa mete la vètman ak sila yo fè sèvis la, paske yo sen. Yo va mete lòt vètman sou yo; nan lè sa a, yo va pwoche sa ki pou pèp la.”
15 他量完了內殿,就帶我出朝東的門,量院的四圍。
Alò, lè l te fin mezire kay enteryè a, li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay ki te bay fas vè lès la e te mezire li toupatou.
Li te mezire kote lès la ak baton mezi a, senk-san baton pa mezi baton an.
Li te mezire kote nò a, senk-san baton pa mezi baton an.
Nan sid, li te mezire senk-san baton ak mezi baton an.
Li te vire kote lwès e li te mezire senk-san baton ak mezi baton an.
20 他量四面,四圍有牆,長五百肘,寬五百肘,為要分別聖地與俗地。
Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.