< 撒母耳記下 3 >

1 掃羅家和大衛家爭戰許久。大衛家日見強盛;掃羅家日見衰弱。
Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.
2 大衛在希伯崙得了幾個兒子:長子暗嫩是耶斯列人亞希暖所生的;
Fis te ne a David an Hébron: premye ne li a se te Amnon, pa Achinoam, Jizreyelit la;
3 次子基利押是作過迦密人拿八的妻亞比該所生的;三子押沙龍是基述王達買的女兒瑪迦所生的;
epi dezyèm li a, Kileab, pa Abigaïl la, vèv a Nabal la, Kamalit la; epi twazyèm nan, Absalom, fis Maaca a, fi a Talmaï a, wa a Gueschur;
4 四子亞多尼雅是哈及所生的;五子示法提雅是亞比她所生的;
epi katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la e senkyèm nan, Schephathia, fis a Abithal la;
5 六子以特念是大衛的妻以格拉所生的。大衛這六個兒子都是在希伯崙生的。
epi sizyèm nan, Jithream, pa Égla a, madanm a David.
6 掃羅家和大衛家爭戰的時候,押尼珥在掃羅家大有權勢。
Li te vin rive ke pandan te gen lagè antre lakay Saül ak lakay David, ke Abner t ap ranfòse pozisyon li lakay Saül.
7 掃羅有一妃嬪,名叫利斯巴,是愛亞的女兒。一日,伊施波設對押尼珥說:「你為甚麼與我父的妃嬪同房呢?」
Alò, Saül te gen yon ti mennaj ki te rele Ritspa, fi a Ajja a. Konsa, Isch-Boscheth te di a Abner: “Poukisa ou te antre nan ti mennaj papa m nan?”
8 押尼珥因伊施波設的話就甚發怒,說:「我豈是猶大的狗頭呢?我恩待你父掃羅的家和他的弟兄、朋友,不將你交在大衛手裏,今日你竟為這婦人責備我嗎?
Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: “Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan.
9 我若不照着耶和華起誓應許大衛的話行,廢去掃羅的位,建立大衛的位,使他治理以色列和猶大,從但直到別是巴,願上帝重重地降罰與我!」
Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li,
pou fè wayòm nan kite lakay Saül pou vin etabli sou twòn David sou Israël ak sou Juda, soti nan Dan, jis rive Beer-Schéba.”
11 伊施波設懼怕押尼珥,不敢回答一句。
Epi li pa t kab reponn Abner ankò, akoz li te pè li.
12 押尼珥打發人去見大衛,替他說:「這國歸誰呢?」又說:「你與我立約,我必幫助你,使以色列人都歸服你。」
Alò Abner te voye mesaje yo kote David nan plas li, e te di: “Pou kilès peyi a ye? Fè akò ou avèk mwen; epi pou sa, men m va avèk ou pou mennen tout Israël bò kote ou.”
13 大衛說:「好!我與你立約。但有一件,你來見我面的時候,若不將掃羅的女兒米甲帶來,必不得見我的面。」
Li te di: “Sa bon! Mwen va fè yon akò avèk ou, men mwen ap fè yon sèten demann a ou menm. Konsa, ou p ap menm wè figi m sof ke ou mennen premyèman Mical, fi a Saül la, lè ou vin wè mwen.”
14 大衛就打發人去見掃羅的兒子伊施波設,說:「你要將我的妻米甲歸還我;她是我從前用一百非利士人的陽皮所聘定的。」
Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse pou yon santèn prepuce moun ki sòti nan Filisten yo.”
15 伊施波設就打發人去,將米甲從拉億的兒子、她丈夫帕鐵那裏接回來。
Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la.
16 米甲的丈夫跟着她,一面走一面哭,直跟到巴戶琳。押尼珥說:「你回去吧!」帕鐵就回去了。
Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.
17 押尼珥對以色列長老說:「從前你們願意大衛作王治理你們,
Alò, Abner te fè konsiltasyon avèk ansyen Israël yo e te di: “Nan tan pase yo, nou te chache fè David vin wa sou nou.
18 現在你們可以照心願而行。因為耶和華曾論到大衛說:『我必藉我僕人大衛的手,救我民以色列脫離非利士人和眾仇敵的手。』」
Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’”
19 押尼珥也用這話說給便雅憫人聽,又到希伯崙,將以色列人和便雅憫全家一切所喜悅的事說給大衛聽。
Abner osi te pale nan zòrèy a moun Benjamin yo. Anplis, Abner te ale fè rapò a David nan Hébron ke tout sa te parèt bon pou Israël, tout lakay Israël la ak a tout lakay Benjamin an.
20 押尼珥帶着二十個人來到希伯崙見大衛,大衛就為押尼珥和他帶來的人設擺筵席。
Alò, Abner avèk ven mesye avèk li te vin kote David nan Hébron. David te fè yon gwo fèt pou Abner avèk mesye ki te avèk li yo.
21 押尼珥對大衛說:「我要起身去招聚以色列眾人來見我主我王,與你立約,你就可以照着心願作王。」於是大衛送押尼珥去,押尼珥就平平安安地去了。
Abner te di a David: “Kite mwen leve pou m ale rasanble tout Israël la kote mèt mwen an, wa a, pou yo kapab fè yon akò avèk ou e pou ou kapab devni wa sou tout sa ke nanm ou dezire yo.” Konsa, David te voye Abner ale e li te ale anpè.
22 約押和大衛的僕人攻擊敵軍,帶回許多的掠物。那時押尼珥不在希伯崙大衛那裏,因大衛已經送他去,他也平平安安地去了。
Epi vwala, sèvitè a David yo avèk Joab te antre sòti nan yon atak piyaj e yo te pote anpil piyaj avèk yo. Men Abner pa t avèk David nan Hébron; paske li te voye li ale e li te sòti anpè.
23 約押和跟隨他的全軍到了,就有人告訴約押說:「尼珥的兒子押尼珥來見王,王送他去,他也平平安安地去了。」
Lè Joab avèk tout lame ki te avèk li a te rive, yo te pale Joab e te di: “Abner, fis a Ner a te rive vè wa a, li te voye li ale e li te sòti anpè.”
24 約押去見王說:「你這是做甚麼呢?押尼珥來見你,你為何送他去,他就蹤影不見了呢?
Alò, Joab te vini vè wa a e te di: “Se kisa ou te fè la a? Gade, Abner te vin kote ou. Alò, poukisa ou te voye li ale sòti deja?
25 你當曉得,尼珥的兒子押尼珥來是要誆哄你,要知道你的出入和你一切所行的事。」
Ou konnen Abner, fis a Ner a, ke li te antre pou twonpe ou, pou aprann jan ou sòti ak jan ou antre, pou dekouvri tout sa w ap fè.”
26 約押從大衛那裏出來,就打發人去追趕押尼珥,在西拉井追上他,將他帶回來,大衛卻不知道。
Lè Joab te sòti kote David, li te voye mesaje yo dèyè Abner. Yo te mennen li retounen soti nan pwi Sira a; men David pa t konnen.
27 押尼珥回到希伯崙,約押領他到城門的甕洞,假作要與他說機密話,就在那裏刺透他的肚腹,他便死了。這是報殺他兄弟亞撒黑的仇。
Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.
28 大衛聽見了,就說:「流尼珥的兒子押尼珥的血,這罪在耶和華面前必永不歸我和我的國。
Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a.
29 願流他血的罪歸到約押頭上和他父的全家;又願約押家不斷有患漏症的,長大痲瘋的,架柺而行的,被刀殺死的,缺乏飲食的。」
Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.”
30 約押和他兄弟亞比篩殺了押尼珥,是因押尼珥在基遍爭戰的時候殺了他們的兄弟亞撒黑。
Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an.
31 大衛吩咐約押和跟隨他的眾人說:「你們當撕裂衣服,腰束麻布,在押尼珥棺前哀哭。」大衛王也跟在棺後。
Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la.
32 他們將押尼珥葬在希伯崙。王在押尼珥的墓旁放聲而哭,眾民也都哭了。
Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote tonm Abner a, e tout moun te kriye.
33 王為押尼珥舉哀,說: 押尼珥何竟像愚頑人死呢?
Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri?
34 你手未曾捆綁,腳未曾鎖住。 你死,如人死在罪孽之輩手下一樣。 於是眾民又為押尼珥哀哭。
Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.” Epi tout moun te kriye ankò sou li.
35 日頭未落的時候,眾民來勸大衛吃飯,但大衛起誓說:「我若在日頭未落以前吃飯,或吃別物,願上帝重重地降罰與我!」
Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”
36 眾民知道了就都喜悅。凡王所行的,眾民無不喜悅。
Alò, tout pèp la te remake afè sa a, e li te fè yo plezi, jis jan ke tout sa ke wa a te fè te fè tout pèp la plezi.
37 那日,以色列眾民才知道殺尼珥的兒子押尼珥並非出於王意。
Konsa, tout pèp la ak tout Israël te konprann nan jou sa a ke li pa t volonte a wa a pou mete Abner, fis a Ner a lanmò.
38 王對臣僕說:「你們豈不知今日以色列人中死了一個作元帥的大丈夫嗎?
Epi wa a te pale ak sèvitè li yo: “Èske nou pa konnen ke yon prens, yon gran òm vin tonbe nan jou sa a an Israël?
39 我雖然受膏為王,今日還是軟弱;這洗魯雅的兩個兒子比我剛強。願耶和華照着惡人所行的惡報應他。」
Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”

< 撒母耳記下 3 >