< 列王紀下 4 >
1 有一個先知門徒的妻哀求以利沙說:「你僕人-我丈夫死了,他敬畏耶和華是你所知道的。現在有債主來,要取我兩個兒子作奴僕。」
Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: “Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”
2 以利沙問她說:「我可以為你做甚麼呢?你告訴我,你家裏有甚麼?」她說:「婢女家中除了一瓶油之外,沒有甚麼。」
Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke yon bokal lwil.”
3 以利沙說:「你去,向你眾鄰舍借空器皿,不要少借;
Alò, li te di: “Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil.
4 回到家裏,關上門,你和你兒子在裏面將油倒在所有的器皿裏,倒滿了的放在一邊。」
Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote.”
5 於是,婦人離開以利沙去了,關上門,自己和兒子在裏面;兒子把器皿拿來,她就倒油。
Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen.
6 器皿都滿了,她對兒子說:「再給我拿器皿來。」兒子說:「再沒有器皿了。」油就止住了。
Lè tout veso yo te plen li te di a fis li yo: “Mennen ban mwen yon lòt veso.” Epi li reponn li: “Nanpwen menm yon veso ankò.” Konsa, lwil la te sispann.
7 婦人去告訴神人,神人說:「你去賣油還債,所剩的你和你兒子可以靠着度日。」
Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”
8 一日,以利沙走到書念,在那裏有一個大戶的婦人強留他吃飯。此後,以利沙每從那裏經過就進去吃飯。
Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen.
9 婦人對丈夫說:「我看出那常從我們這裏經過的是聖潔的神人。
Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan.
10 我們可以為他在牆上蓋一間小樓,在其中安放床榻、桌子、椅子、燈臺,他來到我們這裏,就可以住在其間。」
Souple, annou fè yon ti chanm sou twati kay la. Annou mete yon kabann pou li la, avèk yon tab ak chèz avèk yon chandelye. Konsa li va ye ke lè li vini kote nou, li kapab vire antre la.”
Yon jou, li te vini la e te vire antre nan chanm anwo a pou te repoze.
12 以利沙吩咐僕人基哈西說:「你叫這書念婦人來。」他就把婦人叫了來,婦人站在以利沙面前。
Konsa li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Rele fanm Sinamit lan.” Epi lè li te fin rele li, li te parèt kanpe devan l.
13 以利沙吩咐僕人說:「你對她說:你既為我們費了許多心思,可以為你做甚麼呢?你向王或元帥有所求的沒有?」她回答說:「我在我本鄉安居無事。」
Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a. Se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’” Li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.”
14 以利沙對僕人說:「究竟當為她做甚麼呢?」基哈西說:「她沒有兒子,她丈夫也老了。」
Konsa, li te mande: “Alò, se kisa ki kab fèt pou li?” Epi Guéhazi te reponn: “Anverite, li pa gen fis, e mari li fin granmoun.”
15 以利沙說:「再叫她來。」於是叫了她來,她就站在門口。
Li te di: “Rele li.” Lè li te rele li, li te kanpe nan pòtay la.
16 以利沙說:「明年到這時候,你必抱一個兒子。」她說:「神人,我主啊,不要那樣欺哄婢女。」
Epi li te di: “Nan sezon sila nan ane k ap vini an, ou va anbrase yon fis.” Epi li te reponn: “Non, mèt mwen, O nonm Bondye a, pa bay manti a sèvant ou.”
17 婦人果然懷孕,到了那時候,生了一個兒子,正如以利沙所說的。
Konsa, Fanm nan te vin ansent e te fè yon fis nan menm sezon sa a nan ane ki vini an, jan Élisée te pale li a.
Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo.
19 他對父親說:「我的頭啊,我的頭啊!」他父親對僕人說:「把他抱到他母親那裏。」
Li te di a papa li: “Tèt mwen, tèt mwen.” Epi papa l te pale sèvitè li: “Pote li bay manman li.”
20 僕人抱去,交給他母親;孩子坐在母親的膝上,到晌午就死了。
Lè li te pran li pou te mennen li bay manman l, li te chita sou jenou li jis rive midi e li te mouri.
21 他母親抱他上了樓,將他放在神人的床上,關上門出來,
Li te monte anlè a, li te kouche li sou kabann nonm Bondye a, li te fèmen pòt la dèyè l e li te sòti.
22 呼叫她丈夫說:「你叫一個僕人給我牽一匹驢來,我要快快地去見神人,就回來。」
Konsa, li te rele mari li, e li te di l: “Souple, voye ban m youn nan bourik yo pou m ka al jwenn nonm Bondye a epi tounen.”
23 丈夫說:「今日不是月朔,也不是安息日,你為何要去見他呢?」婦人說:「平安無事。」
Li te di, “Poukisa ou w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”
24 於是備上驢,對僕人說:「你快快趕着走,我若不吩咐你,就不要遲慢。」
Alò, li te sele yon bourik e te di a sèvitè li: “Kondwi pou avanse! Pa ralanti vitès sof ke se mwen ki di ou sa.”
25 婦人就往迦密山去見神人。 神人遠遠地看見她,對僕人基哈西說:「看哪,書念的婦人來了!
Konsa li te ale e te vin kote nonm Bondye a sou Mòn Carmel. Lè nonm Bondye a te wè li a yon distans li te di a Guéhazi, sèvitè li a: “Men vwala se Sinamit lan.
26 你跑去迎接她,問她說:你平安嗎?你丈夫平安嗎?孩子平安嗎?」她說:「平安。」
Souple, kouri koulye a rankontre li, epi mande li: ‘Èske tout bagay byen pou ou? Èske sa byen pou mari ou? Èske sa byen pou fis ou a?’” Konsa, li te reponn: “L ap bon”.
27 婦人上了山,到神人那裏,就抱住神人的腳。基哈西前來要推開她,神人說:「由她吧!因為她心裏愁苦,耶和華向我隱瞞,沒有指示我。」
Lè l te rive kote nonm Bondye a sou ti mòn nan, li te kenbe de pye li. Guéhazi te parèt pou pouse l fè l sòti; men nonm Bondye a te di: “Kite li, paske nanm li twouble anndan l. SENYÈ a te kache sa de mwen sa, e pa t di m sa.”
28 婦人說:「我何嘗向我主求過兒子呢?我豈沒有說過,不要欺哄我嗎?」
Fanm nan te di: “Èske mwen te mande mèt mwen pou yon fis? Èske mwen pa t di ou: ‘Pa twonpe m’?”
29 以利沙吩咐基哈西說:「你束上腰,手拿我的杖前去;若遇見人,不要向他問安;人若向你問安,也不要回答;要把我的杖放在孩子臉上。」
Alò, li te di a Guéhazi: “Mare senti ou, pran baton mwen nan men ou pou al fè wout ou. Si ou rankontre nenpòt moun, pa salye li, e si nenpòt moun salye ou, pa reponn li. Al mete baton mwen an kouche sou figi gason an.”
30 孩子的母親說:「我指着永生的耶和華,又敢在你面前起誓,我必不離開你。」於是以利沙起身,隨着她去了。
Manman a gason an te di: “Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, li te leve e te swiv li.
31 基哈西先去,把杖放在孩子臉上,卻沒有聲音,也沒有動靜。基哈西就迎着以利沙回來,告訴他說:「孩子還沒有醒過來。」
Guéhazi te pase devan yo e te kouche baton an sou figi a gason an, men li pa t fè bwi, ni li pa t reponn. Konsa, li te retounen rankontre Élisée e te di li: “Gason an pa t leve.”
32 以利沙來到,進了屋子,看見孩子死了,放在自己的床上。
Lè Élisée te vini nan kay la, men vwala, gason an te kouche tou mouri sou kabann li an.
33 他就關上門,只有自己和孩子在裏面,他便祈禱耶和華,
Pou sa, li te antre fèmen pòt la dèyè yo toude a, e te priye a SENYÈ a.
34 上床伏在孩子身上,口對口,眼對眼,手對手;既伏在孩子身上,孩子的身體就漸漸溫和了。
Konsa, li te pwoche kouche sou pitit la, li te mete bouch li sou bouch pa li, zye li sou zye pa li, men li sou men pa li. Li te lonje kò li sou li, e chè pitit la te kòmanse vin cho.
35 然後他下來,在屋裏來往走了一趟,又上去伏在孩子身上,孩子打了七個噴嚏,就睜開眼睛了。
Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li.
36 以利沙叫基哈西說:「你叫這書念婦人來」;於是叫了她來。以利沙說:「將你兒子抱起來。」
Li te rele Guéhazi e te di: “Rele Sinamit lan.” Konsa, li te rele li. Lè li te antre kote li, li te di: “Ranmase pran pitit ou a.”
37 婦人就進來,在以利沙腳前俯伏於地,抱起她兒子出去了。
Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.
38 以利沙又來到吉甲,那地正有饑荒。先知門徒坐在他面前,他吩咐僕人說:「你將大鍋放在火上,給先知門徒熬湯。」
Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”
39 有一個人去到田野掐菜,遇見一棵野瓜籐,就摘了一兜野瓜回來,切了擱在熬湯的鍋中,因為他們不知道是甚麼東西;
Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo.
40 倒出來給眾人吃,吃的時候,都喊叫說:「神人哪,鍋中有致死的毒物!」所以眾人不能吃了。
Konsa, yo te vide li pou mesye yo manje. Epi pandan yo t ap bwè bouyon an, yo te kriye fò. Yo te di: “O nonm Bondye, gen lanmò nan po a.” Epi yo pa t kab manje.
41 以利沙說:「拿點麵來」,就把麵撒在鍋中,說:「倒出來,給眾人吃吧!」鍋中就沒有毒了。
Men li te di: “Alò, pote sereyal moulen an.” Li te jete li nan bonm nan e te di: “Vide li pou pèp la pou yo kab manje.” Epi pa t gen okenn mal nan po a.
42 有一個人從巴力‧沙利沙來,帶着初熟大麥做的餅二十個,並新穗子,裝在口袋裏送給神人。神人說:「把這些給眾人吃。」
Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”
43 僕人說:「這一點豈可擺給一百人吃呢?」以利沙說:「你只管給眾人吃吧!因為耶和華如此說,眾人必吃了,還剩下。」
Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?” Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”
44 僕人就擺在眾人面前,他們吃了,果然還剩下,正如耶和華所說的。
Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.