< 歷代志上 13 >

1 大衛與千夫長、百夫長,就是一切首領商議。
Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf.
2 大衛對以色列全會眾說:「你們若以為美,見這事是出於耶和華-我們的上帝,我們就差遣人走遍以色列地,見我們未來的弟兄,又見住在有郊野之城的祭司利未人,使他們都到這裏來聚集。
David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk teren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou.
3 我們要把上帝的約櫃運到我們這裏來;因為在掃羅年間,我們沒有在約櫃前求問上帝。」
Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”
4 全會眾都說可以如此行;這事在眾民眼中都看為好。
Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la.
5 於是,大衛將以色列人從埃及的西曷河直到哈馬口都招聚了來,要從基列‧耶琳將上帝的約櫃運來。
Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.
6 大衛率領以色列眾人上到巴拉,就是屬猶大的基列‧耶琳,要從那裏將約櫃運來。這約櫃就是坐在二基路伯上耶和華上帝留名的約櫃。
David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a.
7 他們將上帝的約櫃從亞比拿達的家裏抬出來,放在新車上。烏撒和亞希約趕車。
Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la.
8 大衛和以色列眾人在上帝前用琴、瑟、鑼、鼓、號作樂,極力跳舞歌唱。
David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.
9 到了基頓的禾場;因為牛失前蹄,烏撒就伸手扶住約櫃。
Lè yo te rive nan glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l.
10 耶和華向他發怒,因他伸手扶住約櫃擊殺他,他就死在上帝面前。
Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye.
11 大衛因耶和華擊殺烏撒,心裏愁煩,就稱那地方為毗列斯‧烏撒,直到今日。
Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a.
12 那日,大衛懼怕上帝,說:「上帝的約櫃怎可運到我這裏來?」
David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?”
13 於是大衛不將約櫃運進大衛的城,卻運到迦特人俄別‧以東的家中。
Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote kay Obed-Édom an nan Gath.
14 上帝的約櫃在俄別‧以東家中三個月,耶和華賜福給俄別‧以東的家和他一切所有的。
Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.

< 歷代志上 13 >