< 民数记 20 >
1 正月间,以色列全会众到了寻的旷野,就住在加低斯。米利暗死在那里,就葬在那里。
Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la.
Pa t gen dlo pou kongregasyon an, e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron.
3 百姓向摩西争闹说:“我们的弟兄曾死在耶和华面前,我们恨不得与他们同死。
Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: “Si sèlman nou te mouri lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a!
4 你们为何把耶和华的会众领到这旷野、使我们和牲畜都死在这里呢?
Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la?
5 你们为何逼着我们出埃及、领我们到这坏地方呢?这地方不好撒种,也没有无花果树、葡萄树、石榴树,又没有水喝。”
Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”
6 摩西、亚伦离开会众,到会幕门口,俯伏在地;耶和华的荣光向他们显现。
Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm.
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
8 “你拿着杖去,和你的哥哥亚伦招聚会众,在他们眼前吩咐磐石发出水来,水就从磐石流出,给会众和他们的牲畜喝。”
“Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”
9 于是摩西照耶和华所吩咐的,从耶和华面前取了杖去。
Konsa, Moïse te pran baton an soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a.
10 摩西、亚伦就招聚会众到磐石前。摩西说:“你们这些背叛的人听我说:我为你们使水从这磐石中流出来吗?”
Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?”
11 摩西举手,用杖击打磐石两下,就有许多水流出来,会众和他们的牲畜都喝了。
Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.
12 耶和华对摩西、亚伦说:“因为你们不信我,不在以色列人眼前尊我为圣,所以你们必不得领这会众进我所赐给他们的地去。”
Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.”
13 这水名叫米利巴水,是因以色列人向耶和华争闹,耶和华就在他们面前显为圣。
Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.
14 摩西从加低斯差遣使者去见以东王,说:“你的弟兄以色列人这样说:‘我们所遭遇的一切艰难,
Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou konnen tout traka ki gen tan pran nou;
15 就是我们的列祖下到埃及,我们在埃及久住;埃及人恶待我们的列祖和我们,
ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil.
16 我们哀求耶和华的时候,他听了我们的声音,差遣使者把我们从埃及领出来。这事你都知道。如今,我们在你边界上的城加低斯。
Men lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè teritwa pa nou an.
17 求你容我们从你的地经过。我们不走田间和葡萄园,也不喝井里的水,只走大道,不偏左右,直到过了你的境界。’”
“Souple, kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout teritwa nou an.”
18 以东王说:“你不可从我的地经过,免得我带刀出去攻击你。”
“‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”
19 以色列人说:“我们要走大道上去;我们和牲畜若喝你的水,必给你价值。不求别的,只求你容我们步行过去。”
“Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’”
20 以东王说:“你们不可经过!”就率领许多人出来,要用强硬的手攻击以色列人。
Men li te di: “Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan.
21 这样,以东王不肯容以色列人从他的境界过去。于是他们转去,离开他。
Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan teritwa pa li a. Pou sa Israël te vire kite li.
Alò, yo te sòti Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor.
23 耶和华在附近以东边界的何珥山上晓谕摩西、亚伦说:
SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di:
24 “亚伦要归到他列祖那里。他必不得入我所赐给以色列人的地;因为在米利巴水,你们违背了我的命。
“Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo.
Pran Aaron avèk fis li a, Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor.
26 把亚伦的圣衣脱下来,给他的儿子以利亚撒穿上;亚伦必死在那里,归他列祖。”
Retire tout vètman yo sou Aaron e mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.”
27 摩西就照耶和华所吩咐的行。三人当着会众的眼前上了何珥山。
Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an.
28 摩西把亚伦的圣衣脱下来,给他的儿子以利亚撒穿上,亚伦就死在山顶那里。于是摩西和以利亚撒下了山。
Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan.
29 全会众,就是以色列全家,见亚伦已经死了,便都为亚伦哀哭了三十天。
Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trantjou.