< 士师记 3 >

1 耶和华留下这几族,为要试验那不曾知道与迦南争战之事的以色列人,
Alò, sila yo se nasyon ke SENYÈ a te kite pou sèvi kòm eprèv pou Israëlit yo ki potko konn fè lagè avèk Kananeyen yo.
2 好叫以色列的后代又知道又学习未曾晓得的战事。
Konsa li ta rive ke jenerasyon a fis Israël ki pa t kon fè lagè, ta kapab enstwi.
3 所留下的就是非利士的五个首领和一切迦南人、西顿人,并住黎巴嫩山的希未人,从巴力·黑们山直到哈马口。
Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath.
4 留下这几族,为要试验以色列人,知道他们肯听从耶和华借摩西吩咐他们列祖的诫命不肯。
Yo te pou pase a leprèv Israël, pou dekouvri si yo ta obeyi kòmand ke SENYÈ a te kòmande zansèt yo pa Moïse.
5 以色列人竟住在迦南人、赫人、亚摩利人、比利洗人、希未人、耶布斯人中间,
Fis Israël yo te rete pami Kananeyen yo, Etyen ak Jebizyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo ak Evyen yo.
6 娶他们的女儿为妻,将自己的女儿嫁给他们的儿子,并事奉他们的神。
Yo te pran fi pa yo pou yo menm kòm madanm, yo te bay pwòp fi yo a fis pa yo, e yo te sèvi dye pa yo.
7 以色列人行耶和华眼中看为恶的事,忘记耶和华—他们的 神,去事奉诸巴力和亚舍拉,
Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.
8 所以耶和华的怒气向以色列人发作,就把他们交在美索不达米亚王古珊·利萨田的手中。以色列人服事古珊·利萨田八年。
Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.
9 以色列人呼求耶和华的时候,耶和华就为他们兴起一位拯救者救他们,就是迦勒兄弟基纳斯的儿子俄陀聂。
Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.
10 耶和华的灵降在他身上,他就作了以色列的士师,出去争战。耶和华将美索不达米亚王古珊·利萨田交在他手中,他便胜了古珊·利萨田。
Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.
11 于是国中太平四十年。基纳斯的儿子俄陀聂死了。
Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri.
12 以色列人又行耶和华眼中看为恶的事,耶和华就使摩押王伊矶伦强盛,攻击以色列人。
Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.
13 伊矶伦招聚亚扪人和亚玛力人,去攻打以色列人,占据棕树城。
Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo.
14 于是以色列人服事摩押王伊矶伦十八年。
Fis Israël yo te sèvi Églon, wa Moab la, pandan dizuit ane.
15 以色列人呼求耶和华的时候,耶和华就为他们兴起一位拯救者,就是便雅悯人基拉的儿子以笏;他是左手便利的。以色列人托他送礼物给摩押王伊矶伦。
Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la.
16 以笏打了一把两刃的剑,长一肘,带在右腿上衣服里面。
Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li.
17 他将礼物献给摩押王伊矶伦(原来伊矶伦极其肥胖);
Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra.
18 以笏献完礼物,便将抬礼物的人打发走了,
Li te vin rive ke lè li te fin prezante kòb la, li te fè moun pa l yo ki te pote don an sòti.
19 自己却从靠近吉甲凿石之地回来,说:“王啊,我有一件机密事奏告你。”王说:“回避吧!”于是左右侍立的人都退去了。
Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa.” Epi li menm wa a te di: “Rete an silans.” Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati.
20 以笏来到王面前;王独自一人坐在凉楼上。以笏说:“我奉 神的命报告你一件事。”王就从座位上站起来。
Éhud te vin vè li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: “Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou.” Li te leve sou chèz li a.
21 以笏便伸左手,从右腿上拔出剑来,刺入王的肚腹,
Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li.
22 连剑把都刺进去了。剑被肥肉夹住,他没有从王的肚腹拔出来,且穿通了后身。
Manch lan osi te antre anndan l apre lam nan e grès te vin kouvri sou lam nan; paske li pa t retire nepe a sòti nan vant li e salte vant lan te vin sòti ladann.
23 以笏就出到游廊,将楼门尽都关锁。
Alò, Éhud te sòti sou galeri gran chanm nan, te fèmen pòt a chanm twati dèyè li yo, e li te kadnase yo.
24 以笏出来之后,王的仆人到了,看见楼门关锁,就说:“他必是在楼上大解。”
Lè l te fin sòti, sèvitè li yo te vin gade; epi vwala, pòt a chanm twati yo te kadnase. Konsa yo te di: “L ap sèlman okipe bezwen li nan chanm fre a.”
25 他们等烦了,见仍不开楼门,就拿钥匙开了,不料,他们的主人已死,倒在地上。
Yo te tann jiskaske yo te vin twouble, men gade byen, li pa t vin ouvri pòt a chanm twati la. Pou sa, yo te pran kle a pou te louvri yo, epi gade byen, mèt yo a te tonbe atè a mouri nèt.
26 他们耽延的时候,以笏就逃跑了,经过凿石之地,逃到西伊拉;
Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra.
27 到了,就在以法莲山地吹角。以色列人随着他下了山地,他在前头引路,
Li te vin rive ke lè li te parèt, li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo.
28 对他们说:“你们随我来,因为耶和华已经把你们的仇敌摩押人交在你们手中。”于是他们跟着他下去,把守约旦河的渡口,不容摩押一人过去。
Li te di yo: “Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou.” Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe.
29 那时击杀了摩押人约有一万,都是强壮的勇士,没有一人逃脱。
Yo te frape fè tonbe nan tan sa a anviwon di-mil Moabit. Yo tout te gason vanyan e fò. Nanpwen ki te chape.
30 这样,摩押就被以色列人制伏了。国中太平八十年。
Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.
31 以笏之后,有亚拿的儿子珊迦,他用赶牛的棍子打死六百非利士人。他也救了以色列人。
Apre li te vin Schamgar, fis a Anath la, ki te frape fè tonbe sis-san Filisten avèk yon baton ki pou pouse bèf kabwa. Li menm tou te libere Israël.

< 士师记 3 >