< 创世记 5 >

1 亚当的后代记在下面。(当 神造人的日子,是照着自己的样式造的,
Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
2 并且造男造女。在他们被造的日子, 神赐福给他们,称他们为“人”。)
Li te kreye yo mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
3 亚当活到一百三十岁,生了一个儿子,形象样式和自己相似,就给他起名叫塞特。
Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth.
4 亚当生塞特之后,又在世八百年,并且生儿养女。
Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.
5 亚当共活了九百三十岁就死了。
Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.
6 塞特活到一百零五岁,生了以挪士。
Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch.
7 塞特生以挪士之后,又活了八百零七年,并且生儿养女。
Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi.
8 塞特共活了九百一十二岁就死了。
Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
9 以挪士活到九十岁,生了该南。
Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.
10 以挪士生该南之后,又活了八百一十五年,并且生儿养女。
Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
11 以挪士共活了九百零五岁就死了。
Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
12 该南活到七十岁,生了玛勒列。
Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel.
13 该南生玛勒列之后,又活了八百四十年,并且生儿养女。
Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
14 该南共活了九百一十岁就死了。
Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri.
15 玛勒列活到六十五岁,生了雅列。
Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred.
16 玛勒列生雅列之后,又活了八百三十年,并且生儿养女。
Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
17 玛勒列共活了八百九十五岁就死了。
Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
18 雅列活到一百六十二岁,生了以诺。
Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.
19 雅列生以诺之后,又活了八百年,并且生儿养女。
Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
20 雅列共活了九百六十二岁就死了。
Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
21 以诺活到六十五岁,生了玛土撒拉。
Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah.
22 以诺生玛土撒拉之后,与 神同行三百年,并且生儿养女。
Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.
23 以诺共活了三百六十五岁。
Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane.
24 以诺与 神同行, 神将他取去,他就不在世了。
Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.
25 玛土撒拉活到一百八十七岁,生了拉麦。
Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec.
26 玛土撒拉生拉麦之后,又活了七百八十二年,并且生儿养女。
Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.
27 玛土撒拉共活了九百六十九岁就死了。
Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
28 拉麦活到一百八十二岁,生了一个儿子,
Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis.
29 给他起名叫挪亚,说:“这个儿子必为我们的操作和手中的劳苦安慰我们;这操作劳苦是因为耶和华咒诅地。”
Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”
30 拉麦生挪亚之后,又活了五百九十五年,并且生儿养女。
Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.
31 拉麦共活了七百七十七岁就死了。
Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
32 挪亚五百岁生了闪、含、雅弗。
Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.

< 创世记 5 >