< 创世记 11 >

1 那时,天下人的口音、言语都是一样。
Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo.
2 他们往东边迁移的时候,在示拿地遇见一片平原,就住在那里。
Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear, e yo te vin rete la.
3 他们彼此商量说:“来吧!我们要做砖,把砖烧透了。”他们就拿砖当石头,又拿石漆当灰泥。
Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.
4 他们说:“来吧!我们要建造一座城和一座塔,塔顶通天,为要传扬我们的名,免得我们分散在全地上。”
Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
5 耶和华降临,要看看世人所建造的城和塔。
SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a.
6 耶和华说:“看哪,他们成为一样的人民,都是一样的言语,如今既做起这事来,以后他们所要做的事就没有不成就的了。
Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche.
7 我们下去,在那里变乱他们的口音,使他们的言语彼此不通。”
Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
8 于是耶和华使他们从那里分散在全地上;他们就停工,不造那城了。
Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la.
9 因为耶和华在那里变乱天下人的言语,使众人分散在全地上,所以那城名叫巴别。
Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
10 闪的后代记在下面。洪水以后二年,闪一百岁生了亚法撒。
Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la.
11 闪生亚法撒之后又活了五百年,并且生儿养女。
Epi Sem te viv senk-santane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
12 亚法撒活到三十五岁,生了沙拉。
Arpacschad te viv trant-senk ane, lè l te vin papa a Schélach.
13 亚法撒生沙拉之后又活了四百零三年,并且生儿养女。
Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
14 沙拉活到三十岁,生了希伯。
Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber;
15 沙拉生希伯之后又活了四百零三年,并且生儿养女。
epi Schélach te viv kat-san-twazane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
16 希伯活到三十四岁,生了法勒。
Héber te viv pandan trant-kat ane, lè l te devni papa a Péleg;
17 希伯生法勒之后又活了四百三十年,并且生儿养女。
epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
18 法勒活到三十岁,生了拉吴。
Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu.
19 法勒生拉吴之后又活了二百零九年,并且生儿养女。
Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
20 拉吴活到三十二岁,生了西鹿。
Rehu te viv pandan trant-de ane, lè l te vin papa a Serug.
21 拉吴生西鹿之后又活了二百零七年,并且生儿养女。
Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
22 西鹿活到三十岁,生了拿鹤。
Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor.
23 西鹿生拿鹤之后又活了二百年,并且生儿养女。
Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
24 拿鹤活到二十九岁,生了他拉。
Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach;
25 拿鹤生他拉之后又活了一百一十九年,并且生儿养女。
epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
26 他拉活到七十岁,生了亚伯兰、拿鹤、哈兰。
Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.
27 他拉的后代记在下面。他拉生亚伯兰、拿鹤、哈兰;哈兰生罗得。
Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.
28 哈兰死在他的本地迦勒底的吾珥,在他父亲他拉之先。
Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Ur pou Kaldeyen yo.
29 亚伯兰、拿鹤各娶了妻:亚伯兰的妻子名叫撒莱;拿鹤的妻子名叫密迦,是哈兰的女儿;哈兰是密迦和亦迦的父亲。
Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca.
30 撒莱不生育,没有孩子。
Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.
31 他拉带着他儿子亚伯兰和他孙子哈兰的儿子罗得,并他儿妇亚伯兰的妻子撒莱,出了迦勒底的吾珥,要往迦南地去;他们走到哈兰,就住在那里。
Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
32 他拉共活了二百零五岁,就死在哈兰。
Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran.

< 创世记 11 >