< 申命记 28 >
1 “你若留意听从耶和华—你 神的话,谨守遵行他的一切诫命,就是我今日所吩咐你的,他必使你超乎天下万民之上。
Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.
2 你若听从耶和华—你 神的话,这以下的福必追随你,临到你身上:
Wi, si nou koute Seyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:
Seyè a va beni nou lavil kou andeyò.
4 你身所生的,地所产的,牲畜所下的,以及牛犊、羊羔,都必蒙福。
Seyè a va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo.
Seyè a va beni rekòt ble nou ak rekòt farin nou.
Seyè a va beni nou nan tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.
7 “仇敌起来攻击你,耶和华必使他们在你面前被你杀败;他们从一条路来攻击你,必从七条路逃跑。
Seyè a va fè nou kraze tout lènmi ki va atake nou. Lè y'ap vin sou nou, y'a mache ansanm sou yon sèl chemen. Men, y'a gaye toupatou lè y'ap kraze rak pou nou.
8 在你仓房里,并你手所办的一切事上,耶和华所命的福必临到你。耶和华—你 神也要在所给你的地上赐福与你。
Seyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an.
9 你若谨守耶和华—你 神的诫命,遵行他的道,他必照着向你所起的誓立你作为自己的圣民。
Si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou fè, si nou viv jan li vle nou viv la, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te fè nou pwomès la.
Lè sa a, tout pèp sou latè va wè Seyè a te chwazi nou pou pote non l', y'a gen respè pou nou.
11 你在耶和华向你列祖起誓应许赐你的地上,他必使你身所生的,牲畜所下的,地所产的,都绰绰有余。
Seyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Seyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
12 耶和华必为你开天上的府库,按时降雨在你的地上。在你手里所办的一切事上赐福与你。你必借给许多国民,却不致向他们借贷。
L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.
13 你若听从耶和华—你 神的诫命,就是我今日所吩咐你的,谨守遵行,不偏左右,也不随从事奉别神,耶和华就必使你作首不作尾,但居上不居下。”
Seyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè. N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba, depi nou swiv tout lòd Seyè a, Bondye nou an, depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a,
san nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n' ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo.
15 “你若不听从耶和华—你 神的话,不谨守遵行他的一切诫命律例,就是我今日所吩咐你的,这以下的咒诅都必追随你,临到你身上:
Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
Madichon Bondye va tonbe sou nou nan lavil kou andeyò.
Madichon Bondye va tonbe sou rekòt ble nou ak sou rekòt farin nou.
18 你身所生的,地所产的,以及牛犊、羊羔,都必受咒诅。
Madichon Bondye va tonbe sou pitit nou yo, sou rekòt jaden nou yo, sou pòte bèf, pòte kabrit ak pòte mouton nou yo.
Madichon Bondye va tonbe sou tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.
20 耶和华因你行恶离弃他,必在你手里所办的一切事上,使咒诅、扰乱、责罚临到你,直到你被毁灭,速速地灭亡。
Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Seyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n' fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.
21 耶和华必使瘟疫贴在你身上,直到他将你从所进去得为业的地上灭绝。
Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.
22 耶和华要用痨病、热病、火症、疟疾、刀剑、旱风、霉烂攻击你。这都要追赶你,直到你灭亡。
L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.
Syèl la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch.
24 耶和华要使那降在你地上的雨变为尘沙,从天临在你身上,直到你灭亡。
Nan plas lapli, Seyè a va fè pousyè tè ak sab kouvri nou jouk nou mouri.
25 “耶和华必使你败在仇敌面前,你从一条路去攻击他们,必从七条路逃跑。你必在天下万国中抛来抛去。
L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
26 你的尸首必给空中的飞鸟和地上的走兽作食物,并无人哄赶。
Lè n'a mouri, se zwazo ak bèt nan bwa ki pral manje kadav nou yo san p'ap gen pesonn pou pouse yo ale.
27 耶和华必用埃及人的疮并痔疮、牛皮癣与疥攻击你,使你不能医治。
Seyè a va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo.
Seyè a va fè nou pèdi tèt nou, nou p'ap konprann sa n'ap fè, nou p'ap konnen kote pou n' mete kò nou.
29 你必在午间摸索,好像瞎子在暗中摸索一样。你所行的必不亨通,时常遭遇欺压、抢夺,无人搭救。
Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan ankenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.
30 你聘定了妻,别人必与她同房;你建造房屋,不得住在其内;你栽种葡萄园,也不得用其中的果子。
N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'.
31 你的牛在你眼前宰了,你必不得吃它的肉;你的驴在你眼前被抢夺,不得归还;你的羊归了仇敌,无人搭救。
Y'a touye bèf nou yo la devan je nou, men nou p'ap ka mete yon ti moso nan vyann li nan bouch nou. Y'ap pran bourik nou nan bab nou al avè l', yo p'ap janm renmèt nou li. Y'a bay lènmi nou yo tout mouton nou yo, epi p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.
32 你的儿女必归与别国的民;你的眼目终日切望,甚至失明,你手中无力拯救。
N'a wè ak je nou y'ap pran pitit gason ak pitit fi nou yo bay moun lòt nasyon. Tout lè n'a anvi wè yo ankò, men p'ap gen anyen nou ka fè pou sa.
33 你的土产和你劳碌得来的,必被你所不认识的国民吃尽。你时常被欺负,受压制,
Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.
Lè n'a wè tout bagay sa yo rive nou, n'a pèdi tèt nou!
35 耶和华必攻击你,使你膝上腿上,从脚掌到头顶,长毒疮无法医治。
Seyè a va ban nou yon sèl malenng nan jenou ak sou kwis janm nou ki p'ap janm geri. Bouton ap parèt sou tout kò nou, depi nan pye jouk nan tèt.
36 “耶和华必将你和你所立的王领到你和你列祖素不认识的国去;在那里你必事奉木头石头的神。
Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.
37 你在耶和华领你到的各国中,要令人惊骇、笑谈、讥诮。
Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.
38 你带到田间的种子虽多,收进来的却少,因为被蝗虫吃了。
N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.
39 你栽种、修理葡萄园,却不得收葡萄,也不得喝葡萄酒,因为被虫子吃了。
N'a plante jaden rezen, n'a okipe yo byen. Men, nou p'ap jwenn rezen ni pou nou rekòlte, ni pou fè diven pou nou bwè, paske vèmen va fin manje tout.
40 你全境有橄榄树,却不得其油抹身,因为树上的橄榄不熟自落了。
Pye oliv va pouse toupatou nan peyi nou an, men nou p'ap gen yon ti degout lwil oliv, paske tout grenn oliv yo ap koule.
N'a fè pitit fi ak pitit gason, men yo p'ap pou nou, paske lènmi nou yo ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo.
Krikèt pral manje tout pyebwa nou yo ak tout ti plant ki nan jaden nou yo.
43 在你中间寄居的,必渐渐上升,比你高而又高;你必渐渐下降,低而又低。
Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou va vin pi fò pase nou. Nou menm, chak jou, n'a pèdi fil.
44 他必借给你,你却不能借给他;他必作首,你必作尾。
Se yo menm ki va gen lajan pou yo prete nou. Nou menm nou p'ap gen anyen pou n' prete yo. Se yo ki va devan, nou menm nou pral dèyè nèt.
45 这一切咒诅必追随你,赶上你,直到你灭亡;因为你不听从耶和华—你 神的话,不遵守他所吩咐的诫命律例。
Tout giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pa t' fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo.
46 这些咒诅必在你和你后裔的身上成为异迹奇事,直到永远!
Madichon sa yo va sèvi ni pou nou ni pou pitit nou yo pou moutre nou kalite mèvèy ak mirak Bondye ka fè.
47 “因为你富有的时候,不欢心乐意地事奉耶和华—你的 神,
Bondye te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pa t' sèvi l' tout bon ak kè kontan.
48 所以你必在饥饿、干渴、赤露、缺乏之中事奉耶和华所打发来攻击你的仇敌。他必把铁轭加在你的颈项上,直到将你灭绝。
Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
49 “耶和华要从远方、地极带一国的民,如鹰飞来攻击你。这民的言语,你不懂得。
Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
50 这民的面貌凶恶,不顾恤年老的,也不恩待年少的。
Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun.
51 他们必吃你牲畜所下的和你地土所产的,直到你灭亡。你的五谷、新酒,和油,以及牛犊、羊羔,都不给你留下,直到将你灭绝。
Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
52 他们必将你困在你各城里,直到你所倚靠、高大坚固的城墙都被攻塌。他们必将你困在耶和华—你 神所赐你遍地的各城里。
Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.
53 你在仇敌围困窘迫之中,必吃你本身所生的,就是耶和华—你 神所赐给你的儿女之肉。
Lè lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
54 你们中间,柔弱娇嫩的人必恶眼看他弟兄和他怀中的妻,并他余剩的儿女;
Menm moun nou konnen ki pi bon nan mitan nou an, moun ki pa janm nan kont ak pesonn lan, enben menm li menm, l'a fèmen kè l', li p'ap konn frè, li p'ap konn madanm li te renmen an, ni ankenn pitit nan sa ki rete l' yo,
55 甚至在你受仇敌围困窘迫的城中,他要吃儿女的肉,不肯分一点给他的亲人,因为他一无所剩。
pou li pa bay pesonn nan vyann pitit li l'ap manje a, paske ak lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere nan mitan lavil nou yo, ata li menm, l'a sitèlman grangou, l'a blije manje pwòp pitit li, epi li p'ap bay pesonn ladan l'.
56 你们中间,柔弱娇嫩的妇人,是因娇嫩柔弱不肯把脚踏地的,必恶眼看她怀中的丈夫和她的儿女。
Menm fanm nou konnen ki pi bon moun nan mitan nou an, fanm ki pa ta janm ap mache nan lari tèlman li gen bon jan ak bon levasyon an, li va fèmen kè l', li p'ap konn ni mari li renmen anpil la, ni pitit fi, ni pitit gason.
57 她两腿中间出来的婴孩与她所要生的儿女,她因缺乏一切就要在你受仇敌围困窘迫的城中将他们暗暗地吃了。
Pou li pa separe ak yo, l'a kache kò l' pou yo pa wè l' lè l'ap manje pitit li fenk fè a, ansanm ak tout manman vant lan. Paske, avèk lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere, p'ap gen anyen pou manje. Lè sa a, l'a kache kò l' pou l' pa bay yo anyen nan sa l'ap manje a.
58 “这书上所写律法的一切话是叫你敬畏耶和华—你 神可荣可畏的名。你若不谨守遵行,耶和华就必将奇灾,就是至大至长的灾,至重至久的病,加在你和你后裔的身上,
Si nou pa swiv tout regleman ki ekri nan liv lalwa sa a, si nou pa gen krentif pou Bondye nou an, Seyè ki gen anpil pouvwa a, Bondye moun fèt pou respekte a,
Seyè a va voye gwo malè sa yo sou nou ak sou pitit nou yo, l'a voye gwo epidemi ki pa tande rete, move maladi ki pa konn renmèd.
60 也必使你所惧怕、埃及人的病都临到你,贴在你身上,
L'a voye sou nou ankò tout malè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo, malè ki te fè nou tranble yo. Nou p'ap janm ka soti anba yo.
61 又必将没有写在这律法书上的各样疾病、灾殃降在你身上,直到你灭亡。
Sa ki pi rèd ankò, Seyè a va voye sou nou tout kalite epidemi ak maladi yo pa pale nan liv lalwa Seyè a jouk la fini nèt avèk nou.
62 你们先前虽然像天上的星那样多,却因不听从耶和华—你 神的话,所剩的人数就稀少了。
Epi nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, te di nou.
63 先前耶和华怎样喜悦善待你们,使你们众多,也要照样喜悦毁灭你们,使你们灭亡;并且你们从所要进去得的地上必被拔除。
Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.
64 耶和华必使你们分散在万民中,从地这边到地那边,你必在那里事奉你和你列祖素不认识、木头石头的神。
Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.
65 在那些国中,你必不得安逸,也不得落脚之地;耶和华却使你在那里心中跳动,眼目失明,精神消耗。
Antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Seyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman.
66 你的性命必悬悬无定;你昼夜恐惧,自料性命难保。
Lavi nou ap toujou an danje. Lajounen kou lannwit, n'ap nan laperèz, n'ap pè pou lanmò pa pran nou.
67 你因心里所恐惧的,眼中所看见的,早晨必说,巴不得到晚上才好;晚上必说,巴不得到早晨才好。
Devan bagay n'a wè k'ap pase devan je nou, n'a gen yon sèl laperèz nan kè nou, kè nou va bat bip-bip! Chak maten n'a mande kilè aswè va rive. Chak aswè n'a mande kilè la jou.
68 耶和华必使你坐船回埃及去,走我曾告诉你不得再见的路;在那里你必卖己身与仇敌作奴婢,却无人买。”
Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou.