< 撒母耳记下 13 >
1 大卫的儿子押沙龙有一个美貌的妹子,名叫她玛。大卫的儿子暗嫩爱她。
Pi tà, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li.
2 暗嫩为他妹子她玛忧急成病。她玛还是处女,暗嫩以为难向她行事。
Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li.
3 暗嫩有一个朋友,名叫约拿达,是大卫长兄示米亚的儿子。这约拿达为人极其狡猾;
Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize.
4 他问暗嫩说:“王的儿子啊,为何一天比一天瘦弱呢?请你告诉我。”暗嫩回答说:“我爱我兄弟押沙龙的妹子她玛。”
Li te di li: “O fis a wa a, poukisa ou deprime maten apre maten konsa? Èske ou p ap di m sa?” Epi Amnon te di li: “Mwen tonbe nan renmen avèk Tamar, sè a frè m nan, Absalom.”
5 约拿达说:“你不如躺在床上装病;你父亲来看你,就对他说:‘求父叫我妹子她玛来,在我眼前预备食物,递给我吃,使我看见,好从她手里接过来吃。’”
Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’”
6 于是暗嫩躺卧装病。王来看他,他对王说:“求父叫我妹子她玛来,在我眼前为我做两个饼,我好从她手里接过来吃。”
Konsa, Amnon te kouche e te fè tankou li te malad. Lè wa a te vin wè li, Amnon te di a wa a: “Souple, kite sè m nan, Tamar vini fè kèk gato devan zye m, pou m kab manje nan men li.”
7 大卫就打发人到宫里,对她玛说:“你往你哥哥暗嫩的屋里去,为他预备食物。”
Alò, David te voye lakay pou Tamar. Li te di: “Ale koulye a lakay frè ou a, Amnon e prepare manje pou li.”
8 她玛就到她哥哥暗嫩的屋里;暗嫩正躺卧。她玛抟面,在他眼前做饼,且烤熟了,
Konsa, Tamar te ale lakay Amnon pandan li te kouche a. Li te pran boul pen an, li te fwote l, li te fè gato devan zye li e te kwit gato yo.
9 在他面前将饼从锅里倒出来,他却不肯吃,便说:“众人离开我出去吧!”众人就都离开他,出去了。
Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: “Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li.
10 暗嫩对她玛说:“你把食物拿进卧房,我好从你手里接过来吃。”她玛就把所做的饼拿进卧房,到她哥哥暗嫩那里,
Alò, Amnon te di a Tamar: “Mennen manje a nan chanm dòmi mwen an, pou m kab manje li nan men ou.” Konsa, Tamar te pran gato ke li te fè yo e te mennen yo antre nan chanm dòmi kote frè li a, Amnon.
11 拿着饼上前给他吃,他便拉住她玛,说:“我妹妹,你来与我同寝。”
Lè li te mennen kote li pou manje, Amnon te kenbe li e te di li: “Vin kouche avè m, sè mwen.”
12 她玛说:“我哥哥,不要玷辱我。以色列人中不当这样行,你不要做这丑事;
Men li te reponn li: “Non, frè mwen, pa vyole mwen! Paske bagay konsa yo pa fèt an Israël. Pa fè dega sila a!
13 你玷辱了我,我何以掩盖我的羞耻呢?你在以色列中也成了愚妄人。你可以求王,他必不禁止我归你。”
Pou mwen menm, kote mwen ta kab livre a wont sa a? Epi pou ou menm, ou va tankou yon moun ranpli avèk foli an Israël. Pou sa, souple, pale avèk wa a, paske li p ap anpeche ou pran m.”
14 但暗嫩不肯听她的话,因比她力大,就玷辱她,与她同寝。
Sepandan, li pa t koute li. Akoz Amnon te pi fò pase li, li te vyole li, e te kouche avèk li.
15 随后,暗嫩极其恨她,那恨她的心比先前爱她的心更甚,对她说:“你起来,去吧!”
Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”
16 她玛说:“不要这样!你赶出我去的这罪比你才行的更重!”但暗嫩不肯听她的话,
Men li te di a li: “Non, paske mal sa a ke w ap fè nan voye m ale a pi mal pase lòt ke ou te fè m nan!” Men li pa t koute li.
17 就叫伺候自己的仆人来,说:“将这个女子赶出去!她一出去,你就关门,上闩。”
Alò, li te rele jennonm ki t ap okipe li a, e te di: “Koulye a, jete fanm sa deyò prezans mwen e kadnase pòt la dèyè l.”
18 那时她玛穿着彩衣,因为没有出嫁的公主都是这样穿。暗嫩的仆人就把她赶出去,关门上闩。
Alò, li te genyen yon rad avèk manch long, paske se te konsa fi vyèj a wa yo te konn abiye an manto. Epi sèvitè l te mennen Tamar deyò e te kadnase pòt la dèyè li.
19 她玛把灰尘撒在头上,撕裂所穿的彩衣,以手抱头,一面行走,一面哭喊。
Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a.
20 她胞兄押沙龙问她说:“莫非你哥哥暗嫩与你亲近了吗?我妹妹,暂且不要作声,他是你的哥哥,不要将这事放在心上。”她玛就孤孤单单地住在她胞兄押沙龙家里。
Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè.” Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a.
Alò, lè David te tande tout koze sila yo, li te vin byen fache.
22 押沙龙并不和他哥哥暗嫩说好说歹;因为暗嫩玷辱他妹妹她玛,所以押沙龙恨恶他。
Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.
23 过了二年,在靠近以法莲的巴力·夏琐有人为押沙龙剪羊毛;押沙龙请王的众子与他同去。
Alò, li te vin rive apre dezan nèt ke Absalom te gen moun pou taye lenn mouton Baal-Hatsor ki toupre Ephraïm, e Absalom te envite tout fis a wa yo.
24 押沙龙来见王,说:“现在有人为仆人剪羊毛,请王和王的臣仆与仆人同去。”
Absalom te vin kote wa a e te di: “Gade byen, sèvitè ou a genyen moun k ap taye lenn mouton. Souple, kite wa a avèk sèvitè li yo ale avèk sèvitè ou.”
25 王对押沙龙说:“我儿,我们不必都去,恐怕使你耗费太多。”押沙龙再三请王,王仍是不肯去,只为他祝福。
Men wa a te di a Absalom: “Non, fis mwen, se pa tout moun ki pou ale, paske nou va yon fado pou ou.” Malgre li te ankouraje li, li pa t ale, men li te beni li.
26 押沙龙说:“王若不去,求王许我哥哥暗嫩同去。”王说:“何必要他去呢?”
Alò, Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.” Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?”
27 押沙龙再三求王,王就许暗嫩和王的众子与他同去。
Men lè Absalom te ankouraje li, li te kite Amnon avèk tout fis a wa yo ale avèk li.
28 押沙龙吩咐仆人说:“你们注意,看暗嫩饮酒畅快的时候,我对你们说杀暗嫩,你们便杀他,不要惧怕。这不是我吩咐你们的吗?你们只管壮胆奋勇!”
Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
29 押沙龙的仆人就照押沙龙所吩咐的,向暗嫩行了。王的众子都起来,各人骑上骡子,逃跑了。
Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.
30 他们还在路上,有风声传到大卫那里,说:“押沙龙将王的众子都杀了,没有留下一个。”
Alò, se te pandan ke yo te nan wout la yon rapò te rive kote David ki te di: “Absalom te frape fè tonbe tout fis a wa yo e nanpwen youn nan yo ki te rete.”
31 王就起来,撕裂衣服,躺在地上。王的臣仆也都撕裂衣服,站在旁边。
Konsa, wa a te leve. Li te chire rad li e te kouche atè, epi tout sèvitè li yo te kanpe akote avèk rad yo chire.
32 大卫的长兄,示米亚的儿子约拿达说:“我主,不要以为王的众子—少年人都杀了,只有暗嫩一个人死了。自从暗嫩玷辱押沙龙妹子她玛的那日,押沙龙就定意杀暗嫩了。
Jonadab, fis a Schimea a, frè David la, te reponn: “Pa kite mèt mwen an sipoze ke yo te mete a lanmò tout jennonm yo, fis a wa yo. Se sèl Ammon ki mouri. Se sa ki te entansyon Absalom. Afè sa a te vin detèmine depi jou ke li te vyole sè li a, Tamar.
33 现在,我主我王,不要把这事放在心上,以为王的众子都死了,只有暗嫩一个人死了。”
Alò pou sa, pa kite mèt mwen, wa a, pran rapò sa a a kè, ki vle di ‘tout fis a wa yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.”
34 押沙龙逃跑了。 守望的少年人举目观看,见有许多人从山坡的路上来。
Alò, Absalom te sove ale deja. Epi jennonm ki te gadyen an te leve zye li gade e vwala, anpil moun t ap vini soti nan wout la dèyè li akote baz mòn nan.
35 约拿达对王说:“看哪,王的众子都来了,果然与你仆人所说的相合。”
Jonadab te di a wa a: “Gade byen, men fis a wa yo gen tan vini! Menm jan avèk pawòl sèvitè ou a, se konsa sa fèt.”
36 话才说完,王的众子都到了,放声大哭;王和臣仆也都哭得甚恸。
Depi li fin pale a, vwala, fis a wa yo te vini e te leve vwa yo pou te kriye. Konsa, wa la menm, avèk tout sèvitè li yo te kriye byen anmè.
37 押沙龙逃到基述王亚米忽的儿子达买那里去了。大卫天天为他儿子悲哀。
Men Absalom te sove ale e te ale kote Talmaï, fis a Ammihur a, wa a Gueschur a. David te kriye fè lamantasyon pou fis li a chak jou.
Konsa, Absalom te sove ale nan Gueschur e te rete la, pandan twazan.
39 暗嫩死了以后,大卫王得了安慰,心里切切想念押沙龙。
Wa David te byen vle ale kote Absalom, paske li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri.