< 撒迦利亞書 10 >

1 到春雨的時節,你們應向上主求雨,上主必興起雷電,降下傾盆大雨,賜人食糧,使田間生出青草,
Mande pou lapli ki sòti nan SENYÈ a nan epòk prentan. Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo; epi se Li ki bay lapli lejè a tout pou jaden plant yo.
2 因為「忒辣芬」所講的只是謊言,占卜者所見的只是虛幻,所報告的只是幻夢,只會以空言安慰人;為此,民眾流離失所,有如沒有牧人的羊群。
Paske zidòl lakay yo pale inikite; divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, ke yo repete kòn fo rèv. Yo bay rekonfò an ven. Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; yo aflije akoz yo pa gen bèje.
3 我的怒火必要向牧人發作,我必要懲罰公山羊,因為萬軍的上主將要看顧自己的羊群──猶大家,使他們有如自己戰埸上的駿馬。
Kòlè Mwen limen kont bèje yo. Mwen va pini mal kabrit yo, paske SENYÈ dèzame yo te vizite bann mouton li an lakay Juda, e Li va fè yo vin tankou cheval majeste Li nan batay la.
4 角石是出於衪,幕樁是出於衪,戰弓是出於衪,而且所有的首領也是出於衪。
De li menm, va vin parèt wòch ang lan, de li menm, pikèt tant lan, de li menm, banza batay la, de li menm, tout wa yo ansanm.
5 他們全如勇士,在戰埸上踐踏敵人,有如踐踏街上的泥濘;他們必要得勝,因為上主與他們同在;騎馬的人反要慚愧!
Yo va tankou mesye pwisan yo, k ap foule lènmi yo anba pye yo, nan labou lari a nan batay la. Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo; epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
6 我要使猶大家強健盛,使若瑟家勝利;我要使他們復興,因為我憐憫了他們,他們必好像我從未放逐過他們一樣:因為我是上主他們的天主,我必要應允他們。
Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va sove lakay Joseph la, e mwen va fè yo retounen; paske Mwen gen konpasyon pou yo. Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, e mwen va reponn yo.
7 厄弗辣因人要如勇士,他們的心必像飲了那樣喜樂;他們的子孫見了也要喜樂,他們的心必歡樂於上主。
Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan e kè yo va kontan konsi se ak diven. Anverite, pitit yo va wè sa, e yo va kontan, kè yo va rejwi nan SENYÈ a.
8 我要向他們吹哨,聚集他們,因為我解救了他們;他們的人數眾多,必如昔日一樣。
Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an.
9 我雖曾將他們分散到各異民中,但他們在遠方仍懷念著我,養大自己的兒子,然後歸來。
Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo, yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo. Yo va viv ak pitit yo, e yo va retounen.
10 我要從埃及地領他們出來,由亞述聚集他們,領他們到基肋阿得地和黎巴嫩,但此地仍然為他們不夠。
Mwen va mennen yo retounen soti nan peyi Égypte la, e rasanble yo soti Assyrie. Mwen va mennen yo antre nan peyi Galaad ak Liban jiskaske pa gen espas pou yo.
11 他們要渡過埃及海,擊打海中的波浪,使河底乾涸;亞述的高傲必要受挫,埃及的權杖必被奪去。
Li va pase nan lanmè afliksyon an, e Li va frape lanm lanmè yo, jiskaske tout pwofondè Rivyè Nil lan vin sèch. Epi ògèy Assyrie va vin bese e baton Égypte la va sòti.
12 他們的力量全在於上主,他們必以衪的名號為自己的光榮。
Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.

< 撒迦利亞書 10 >