< 雅歌 8 >

1 萬望你的兄弟,吮過我母親的乳房,好叫我 外邊遇見你時,能親吻你,而不致受人輕視。
O ke ou te tankou frè m, ki te souse nan tete a manman m. Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou; nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!
2 我要引領你走進我母親的家,進入懷我者的內室;給你喝調香的美酒,石榴的甘釀
Mwen ta mennen ou e fè ou antre lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an. Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.
3 他的左手在我頭下,他的右手緊抱著我。◆新郎:
Kite men goch li rete anba tèt mwen e men dwat li anbrase m.
4 耶路撒冷女郎! 我懇求妳們,不要驚醒,也不要喚我的愛,讓她自便吧![第六幕:愛情的圓滿]◆耶京女郎:
“Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo, pa fè lanmou a vin leve, ni ankouraje l jiskaske se plezi li.
5 從曠野裏上來,那依偎著自己的愛人的,是誰﹖◆新郎:在蘋果樹下我喚醒了妳,在那裏妳的母親懷孕了妳,在那裏生養妳的,為妳受了產痛。◆新娘:
Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a, k ap apiye sou cheri li a?” Jenn Fi an Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve; se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.
6 請將我有如印璽,放在你的心上,有如印璽,放在你肩上,因為愛情猛如死亡,妒愛頑如陰府:它的火焰,是上主的火焰。◆新郎: (Sheol h7585)
Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a. (Sheol h7585)
7 洪流不能熄滅愛情,江河不能將它沖去,如有人獻出全副家產想購買愛情,必受人輕視。◆新娘兄弟:
Anpil dlo p ap ka etenn lanmou, ni rivyè p ap ka inonde l. Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou, sa ta konplètman meprize.
8 我的妹妹尚小,還沒有乳房;到了她議婚之日,為我們的妹妹,我們將作什麼﹖
Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm; kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?
9 她若是牆,我們就在上面建造銀堵,她若是門,我們就用香柏木閂來關鎖。◆新娘:
Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l; men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad ak gwo planch bwa sèd.
10 我是一道牆,我的乳房如同塔。我在他眼裏,實如獲得和平的女郎。◆新娘兄弟:
Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo; konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.
11 撒羅滿在巴耳哈孟有個葡萄園,他將這葡萄園委托給看守的人;每人為園中的果子,應交一千兩銀子。◆新郎:
Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon; Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo. Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.
12 那屬我的葡萄園,就在我面前;撒羅滿! 一千兩銀子歸你,二百兩歸看守果子的人。◆新郎:
Pwòp chan rezen mwen an se devan m; mil sik ajan yo se pou ou, Salomon ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.
13 妳這住在果園中的女郎,願妳使我聽到妳的聲音! 同伴們都在等候細聽。◆新娘:
O ou menm, ki chita nan jaden yo, ansanm ak zanmi mwen yo, kite m tande vwa ou.
14 我的愛人! 願你仿效郁香山上的羚羊或幼鹿,趕快跑來!
Annou pati, cheri mwen an! Fè tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.

< 雅歌 8 >