< 啟示錄 10 >

1 以後,我看見了另一位強有力的天使,由天上降下,身披雲彩,頭上有虹,容貌像太陽,兩腿像火柱,
Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
2 手中拿著一卷展開的小書,右腳踏海,左腳踏地。
Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a.
3 他大聲呼喊,有如獅子怒吼。正當他呼喊時,就有七個雷霆發出說話的聲音。
Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
4 那七個雷霆說話以後,我正要寫出來,就聽見有聲音從天上說:「你應把七個雷霆所說的話,密封起來,不要寫出來。」
Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
5 我看見的那位踏著海和踏著地的天使,向天舉起了右手,
Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, te leve men dwat li vè syèl la,
6 指著那創造天及天上的一切,地及地上的一切,海及海中的一切的萬世萬代的永生者起誓說:「時候不再延長了! (aiōn g165)
e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, (aiōn g165)
7 但當第七位天使將要吹號角發聲的日期,天主的奧秘必定完成,正如天主向自己的眾僕先知所宣告的。」
men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
8 我聽見那從天上來的聲音,又對我說道:「你去,從那踏著海和踏著地的天使手中,取過那卷展開的小書來!」
Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
9 我便往那位天使跟前去,請他給我那卷小書。他就對我說:「你拿去吞下它罷!它必使你肚子發苦,但在你的嘴裏卻甘甜如蜜。」
Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: “Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
10 我就從天使手中接過那卷小書來,吞下它,果然它在我嘴裏甘甜如蜜;但我一吃下去,我的肚子就苦起來了。
Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
11 隨後有聲音對我說:「關於諸民族、諸邦國、諸異語人民和諸君王,你應再講預言。」
Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”

< 啟示錄 10 >