< 詩篇 92 >

1 安息日的詩歌。 至高者!最幸福的事情,是讚美上主,歌頌主名,
Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
2 是清晨傳揚您的仁慈,是夜間宣講您的忠義,
pou deklare lanmou dous Ou nan maten avèk fidelite Ou nan lannwit,
3 彈奏十絃琴和七絃琴,隨著琵琶旋律而詠詩。
avèk lenstriman a kòd e avèk ap, avèk mizik ki retanti sou lir.
4 上主,你既以你的化工使我喜悅,我就因你雙手的一切工程歡樂。
Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a. Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.
5 上主,您的工程是多麼偉大,您的計劃是多麼奧妙!
A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ! Panse Ou yo byen pwofon.
6 無理性的人,不會明白這事;愚昧的人,也不會領悟這事。
Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:
7 歹徒雖然一時茂盛有如青草,作奸犯科的人雖然一時顯耀,然而他們終終必滅亡,永遠沉消,
Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
8 上主,惟有您永遠是至尊至高。
Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.
9 上主,請看您的仇人,您的仇人必要沉淪;作惡的人無處棲身。
Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ, paske gade byen, lènmi Ou yo va peri. Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
10 您高舉我的角似野牛的角,用極新鮮的油膏傳抹了我,
Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon. Mwen te onksyone avèk lwil nèf.
11 因而我的眼目才輕視我的仇人,我耳朵歡樂聽見制服我的惡人。
Epi zye mwen vin gade avèk kè kontan malfektè ki leve kont mwen yo.
12 正義的人像棕櫚茂盛,似黎巴嫩的香柏高聳。
Moun dwat la va fleri tankou palmis. Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
13 他們被栽植在上主的殿中,在我們天主的庭院裏繁榮。
Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis. Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
14 雖已年老,仍然結果,枝葉繁盛,依舊綠茂;
Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye. Yo va plen ak dlo bwa vèt. Y ap rete vèt nèt.
15 為宣揚上主是多麼正直:我的磐石祂毫沒有不義。
Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat. Li se wòch mwen, e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.

< 詩篇 92 >