< 詩篇 89 >

1 則辣黑人厄堂的訓誨詩。 我要永遠歌頌上主的恩寵,要世世代代親口稱揚您的忠誠。
Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan. Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.
2 您原說過:我的恩寵已永遠奠定!就如您在天上確定您的忠誠。
Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe janm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo.
3 我同我揀選的人起契約,向我的僕人達味起了盟誓,
“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen a. Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,
4 我直到永遠鞏您的後裔,世世代代將您的寶座建立。
‘Mwen va etabli jèm ou nèt e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan
5 上主,願蒼天稱讚您的奇事,聖者集會讚美您的忠義!
Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.
6 在雲彩之中,誰可與上主相比,天主的眾子,誰能同上主相似。
Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
7 在聖者會中,天主令人驚恐,祂偉大可怕,超過祂四週的神聖。
Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo, e mèvèye plis pase tout (sila) ki antoure Li yo?
8 上主萬軍的天主,有誰能夠相似您?上主,您是全能的,您的忠信環繞您。
O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
9 您統治洶湧的海嘯,您平抑翻騰的波濤。
Ou domine ògèy lanmè a. Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo.
10 您曾踐踏辣哈布,喜歡踐踏屍死體,您以矢能的手臂驅散您的仇敵。
Ou menm, Ou te kraze Rahab (Égypte) tankou yon moun ki fin touye. Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.
11 高天是屬您的,厚土也是屬您的,寰宇及其中的一切是您奠定的。
Syèl yo se pou Ou. Tè a se pa Ou tou. Lemond ak tout sa ki ladann, se Ou menm ki te etabli yo.
12 您創造了南方,創造了北方,大博爾,赫爾孟因您而歡暢。
Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo. Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.
13 您的臂膀孔武有力,您雙手堅強,右手舉起。
Ou gen yon men byen fò. Men dwat Ou leve byen wo.
14 正義和公理是您寶座的基礎,仁愛和忠信在您的前面開路。
Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.
15 會歡樂歌唱的百姓的確有福;上主,他們在您慈顏光中行走,
A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni! O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.
16 他們常常因您的名而歡躍,您的正義使他們引以自豪。
Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen, e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.
17 因為您給他們權勢的光明,因您慈惠,我們的威能上升。
Paske Ou se glwa a fòs yo, e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.
18 因為我們在上主內有庇護,以色列的聖者是我們的君主。
Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a, e wa nou an se (Sila) Ki Sen An Israël la.
19 您曾在異像中向您的聖者說:我已姶那有能者加冕,由百姓中將我所選者舉薦。
Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.
20 我揀選達味做我的忠僕,也給他傅抹了聖油。
Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.
21 我的雙手必要扶持祂,我的臂膀必常堅固祂,
Avèk li menm, men M va vin etabli. Anplis, bra M va ranfòse li.
22 仇敵不能欺騙他,惡人不能壓伏他,
Lènmi an p ap twonpe li. Ni fis a mechanste a p ap aflije li.
23 我要在他前擊破他的仇敵,凡仇恨他的人,我必要打擊。
Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l, e frape (sila) ki rayi li yo.
24 我的忠信與仁慈與他共處,他的頭角因我的名而得高舉。
Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li. Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.
25 我使他的手伸到海上,使他的右手伸到河上。
Mwen va osi mete men li sou lanmè a, ak men dwat li sou rivyè yo.
26 他要稱我說:『您是我的大父,是我救恩的磐石,是我的天主。』
Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondy m Wòch a sali mwen an.
27 我也要立祂為首生子,祂高出世上所有的君主。
Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen, pi wo pami tout wa latè yo.’
28 我同祂永遠保持我的慈愛,我同祂立火約,永不得破壞,
Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan, e akò Mwen va konfime a li menm.
29 使祂的後裔,永世不替,使祂的寶位,與天日齊。
Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan, e twòn li tankou jou syèl yo.
30 若他的子孫放棄我的法令,不照我的命令行,
Si fis li yo abandone lalwa Mwen an, e pa mache nan jijman Mwen yo,
31 若是他們違反了我的章程,不遵守我的誡命,
si yo vyole règleman Mwen yo, e pa kenbe kòmandman Mwen yo,
32 我必要用棍杖懲罰他們的罪過,也必用鞭子責打他們的邪惡。
alò Mwen va pini transgresyon yo avèk yon baton, e inikite yo avèk kout fwèt.
33 但我將我的慈愛撤退,我也不使我的忠誠作廢,
Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li, ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.
34 也不放棄我的盟約,也不改變我的許諾。
Mwen p ap vyole akò mwen an, ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.
35 我一次指我的聖善起誓,我也絕對不會欺騙達味。
Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen, Mwen p ap manti a David.
36 他的後裔必定要永遠興隆,他的御座在我前,如日永恆;
Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.
37 又如月亮循環不停,做空中忠實的見證。
Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan, temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”
38 但是您已經拒絕和擯棄,對您的受傅者憤怒大起。
Men koulye a Ou vin refize ak rejete, Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.
39 將您僕人的盟約撕毀,將他的冠冕拋撕於地。
Ou te desann e rejte akò a sèvitè ou a. Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.
40 蕩平了他所有的城垣,使他的堡壘化為荒原。
Ou te kraze tout miray li yo. Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.
41 凡過路的人都劫掠他,他為鄰人所嘲笑辱罵。
Tout moun ki pase akote piyaje li. Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.
42 您高舉了他仇人右手,使他的敵人滿心歡愉。
Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo. Ou te fè lènmi li yo rejwi.
43 使他的刀刃遲鈍不利,上陣時使他不能站立。
Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e fè l pa kanpe pou batay la.
44 使他的光輝消失滅跡,把他的寶座推翻於地。
Ou te fè mayifisans li vin kraze fini e te jete twòn li jis atè.
45 縮短他青春的時日,要使他去蒙受羞恥。
Ou te fè jou a jenès li yo vin kout. Ou te kouvri li ak gwo wont.
46 上主,您不斷地隱避;要到何時,上主您的怒火如焚,何時才熄?
Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan? Èske kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?
47 求您懷念我的性命何其短暫,您所創造的世人是多麼虛幻!
Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!
48 有那一個人能常生不死,有誰能自救於陰的權勢? (Sheol h7585)
Ki moun ki kab viv e pa wè lanmò? Èske li kab delivre nanm li de pouvwa sejou lanmò a? Tan (Sheol h7585)
49 吾主,您從前憑著您的忠義,向達味許的仁愛,今在哪裏?
Kote lanmou dous Ou te kon genyen, O SENYÈ? Sa Ou te sèmante a David nan fidelite Ou a?
50 上主,求您記念您僕人所受的羞辱。在我人中所承擔異民的一切憎惡:
Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo, jan mwen pote nan lestonmak mwen, repwòch a tout nasyon pwisant yo,
51 就是您的那些反對者所加加給您的羞辱,上主,他們也淩辱您的受傅者的腳步。
Avèk (sila) lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ. Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.
52 願上主永遠受讚美!阿們,阿們!
Beni se SENYÈ a pou tout tan! Amen, e Amen.

< 詩篇 89 >