< 詩篇 88 >

1 詠【哀怨歌】 科辣黑子孫的詩歌,交於樂官,悲調歌唱。 上主,我的天主,我白天禱告,我黑夜在您的面前哀號。
Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”. Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
2 願我的祈禱上前達您前,求您側耳聽我的呼喊。
Kite priyè mwen vini devan Ou. Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
3 因我的心靈飽受災難,我的性命已臨近陰間; (Sheol h7585)
Paske nanm mwen gen kont twoub li. Lavi m vin toupre sejou lanmò a. (Sheol h7585)
4 我已被列在進入墳墓的人中,我已變成與無氣力的人相同。
Mwen vin konte pami (sila) ki desann nan fòs yo. Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,
5 我的床榻舖在死人的中間,與葬於墳墓者的屍身作伴,您已不再記念他們,您已不再照顧他們。
abandone pami mò yo, tankou (sila) ki te touye e kouche nan tonm lan. (Sila) a nou pa sonje ankò menm, ki koupe retire nan men Ou.
6 您把我放在極深的坑間,您把我置於黑暗和深淵。
Ou te mete m nan fòs pi ba a, nan plas fènwa yo, nan fon yo.
7 您的忿怒氣燄重壓著我,您的大浪巨濤苦害著我。
Kòlè Ou vin poze sou mwen. Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan
8 您叫我的知己離我遠去,您使我被他們痛恨厭惡;我受他們拘留不得外出。
Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m. Ou te fè m yon objè abominab devan yo. Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.
9 我的眼睛痛苦而憔悴,上主,我天天在呼號著您,也把我的雙手向您舉起。
Zye m gen tan pouri akoz afliksyon. Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ. Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
10 難道您還要給死人發顯奇跡,或是去世的人會起來稱謝您?
Èske Ou va fè mirak pou mò yo? Èske lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj? Tan
11 難道在墳墓裏還有人稱述您的仁慈,或者在陰府內還有人宣揚您的信義?
Èske lanmò dous Ou a va deklare nan tonbo a? Fidelite Ou nan labim nan?
12 難道在幽暗處能有人明瞭您的奇蹟?或者在遺忘區還有人曉得您的正義?
Èske mirak Ou yo va fèt parèt nan tenèb la? Oswa ladwati Ou nan peyi kote tout bagay bliye yo?
13 但是上主,我現今呼號您,我的祈禱早晨上達於您;
Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye. Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
14 上主,您為什麼捨棄了我的靈魂?又為什麼向我掩起了您的慈容?
O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen? Poukisa Ou kache figi Ou kont mwen?
15 我自幼受苦,幾乎死去,受您的威嚇,萬分恐懼;
Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen. Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
16 您的盛怒將我淹沒,您的威嚇使我死掉,
Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen. Gwo laperèz Ou yo te koupe retire m.
17 像水一樣常環繞著我,由四周齊來緊圍著我。
Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen. Yo ansèkle m nèt.
18 您使親友同伴將我離棄,黑暗成了我的家人知己。
Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.

< 詩篇 88 >