< 詩篇 84 >

1 詠【朝拜上主歌】 科辣黑子孫的詩歌,交於樂官。調寄「加特」。 萬軍的上主,您的居所是多麼可愛!
Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo. A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!
2 我的心靈對上主的宮庭渴慕及緬懷。我的心靈及肉身向生活的天主踴躍歡欣。
Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.
3 萬軍的上主,我的君王,我的天主,麻雀您的祭壇找到了住所,燕子也找到了安置 幼雛的窩巢。
Zwazo a osi te twouve yon kay, e iwondèl la yon nich pou li menm, kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo, Oh Wa m ak Bondye m.
4 上主,居住在您的殿宇,時常讚美您的,真是有福!
A la beni (sila) ki demere nan lakay Ou yo beni! Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.
5 那以您作為自己的助佑,居心朝聖的人,真是有福!
A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou, Nan kè a (sila) lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.
6 他們把他們經過的乾谷變為水泉,並以初雨給乾谷披上祝福的衣衫。
Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous; Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.
7 他們的體力越行越壯,來到熙雍覲見至高天主。
Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
8 萬軍的上主,求您允我的懇請,雅各伯的天主,求您側耳傾聽!
O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan
9 天主,我們的護盾,求您目睹,請對您的受傅者予以回顧。
Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.
10 的確在您的聖殿逗留一日,遠勝過在別處逗千日。我寧願站在我天主殿宇的門限,我不願逗留在惡人帳幕的裏面,
Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
11 因為上主天主是護盾。上主常廣施恩愛和光榮;祂對行為正直純潔的人,從來不會拒絕賜祐賜福。
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a (sila) ki mache dwat yo.
12 萬軍的上主,依賴您的人,那人才是真有福的。
O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

< 詩篇 84 >