< 詩篇 83 >

1 詠【求消滅聯盟的異民】阿撒夫的詩歌。 上主,求您不要一言不發,天主,您們不要靜默無話!
Yon Chan. Yon Sòm Asaph O Bondye, pa rete an silans. Pa fè silans, O Bondye. Pa rete trankil.
2 因為您的仇敵騷擾狂吼,惱恨您的人都搖頭昂首;
Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen. (Sila) ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.
3 相聚密謀,陷害您的百姓,商議攻擊您保護的人民,
Yo fè plan malen kont pèp Ou a. Yo fè konplo ansanm kont (sila) ki se trezò Ou.
4 說:大家來,由萬民將要他們驅散,使以色列的名不再被記念。
Yo te di: “Vini, annou disparèt yo nèt kon nasyon, pou non Israël la pa sonje ankò menm.”
5 於是,他們心齊謀同,締結盟約,向您進攻,
Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse. Kont Ou menm, yo fè yon akò.
6 即厄東部落及依市瑪耳,又有摩阿布以及哈革爾。
Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,
7 還有革巴耳、阿孟和阿瑪肋克人,且有培肋舍特人和提洛的居民,
Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;
8 亞述人也與他們串通,作了羅特子民的幫兇。
Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo, yo te prete lamen a pitit a Lot yo. Tan
9 求你對待他們像對待米德楊人,像在克雄河對待息色辣和雅賓,
Aji avèk yo tankou Madian, tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!
10 他們都喪亡於恩多爾,全變成了田裏的糞泥,
Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.
11 使他們的王侯要與敖勒布和東一樣,使他們的將領與巴黑和匝耳慕一樣,
Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb e tout prens yo tankou Zébach avèk Tsalmunna,
12 因為他們都曾如此說過:我們去佔領天主的住所。
Ki te di: “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”
13 我的天主,求您使他們像旋風捲起的落葉,求您使他們像狂風吹起的碎楷,
O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon! Tankou pay devan van!
14 好像被火燐焚燒的樹林,又似被火燄燃燒的山陵;
Tankou dife ki brile forè a, ak flanm ki limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.
15 求您也這樣以您的颶風驅散他們,以您的暴雨驚嚇他們。
Konsa, kouri dèyè yo avèk tanpèt Ou e teworize yo ak gwo siklòn Ou.
16 上主,求您羞辱他們的面容,是為叫他們尋求您的聖名;
Plen figi yo ak gwo wont, pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.
17 使他們永遠受辱恐慌,叫他們個個蒙羞喪亡。
Kite yo vin wont e dekouraje jis pou tout tan. Wi, kite yo imilye e peri,
18 從此,認識您的名號是雅威,惟有您在普天下至尊無對。
pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.

< 詩篇 83 >