< 詩篇 80 >

1 詠【求以色列復興】阿撒夫的詩歌,交與樂官。 以色列的牧養者,懇求您留心細聽,您率領若瑟的子孫有如率領羊群。坐於革魯賓之上者,求您大顯光榮。
Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.
2 於厄弗辣因、本雅明和默納協之中;求您發顯您的威能,快來作我們的救星!
Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou. Vin bannou sekou!
3 天主,求您使我們能以復興,顯示您的慈顏,好拯救我們。
O Bondye, restore nou! Fè vizaj Ou briye sou nou e nou va sove.
4 萬軍的天主,何時消除向您祈禱的百姓發怒?
O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
5 您給他們吃的是含淚的食物,您用汪汪淚水,作他們的飲料。
Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo. Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
6 您使我們四鄰因我們而爭吵,您讓我們的仇人向我們嘲笑。
Ou fè nou vin yon objè konfli devan vwazen nou yo. Lènmi nou yo ri pami yo menm.
7 萬軍的天主,求您復興我們,顯示您的慈顏,好拯救我們。
O Bondye dèzame yo, restore nou! Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.
8 您從埃及移來一棵葡萄樹,您把異民趕走,而種植這樹。
Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.
9 給這樹準備了肥沃土質,這樹深深紮根,滿佈大地。
Ou te netwaye tè a devan l. Li te anrasine byen fon e te ranpli peyi a.
10 他的蔭影遮蔽著群山峻嶺,它的枝幹與蒼天松柏相等;
Mòn yo te kouvri ak lonbraj li. Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.
11 它的枝蔓伸展到海涯、它的根苗綿延到河壩。
Li te voye branch li yo rive jis nan lanmè, ak boujon li yo jis nan Rivyè a.
12 您為何折毀它的籬笆,任憑過路的人去砍伐,
Poukisa Ou te kraze tout kloti li yo, pou tout (sila) ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?
13 使森林的野豬去踐踏,使田間的野獸去吃它?
Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann e bèt sovaj chan an manje sou li.
14 萬軍的天主,求您領我們回去,求您從高天之上垂視而憐恤!
O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a, nou sipliye Ou, souple. Gade soti anwo nan syèl la pou wè, e okipe pye rezen (sila) a.
15 求您常看顧這葡萄樹,和您右手種植的園圃,保護您所培養的小樹。
Menm boujon ke men dwat Ou te plante a, e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.
16 願那放火焚燒它,砍伐它的人,因懍於您怒容的威嚇而沈淪。
Li fin brile ak dife. Li fin koupe atè nèt. Yo peri ak repwòch devan Ou.
17 願您右手扶持您右邊的人。並扶助為您所堅固的子民!
Kite men Ou rete sou nonm nan ki se moun men dwat Ou a, sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.
18 從此,我們再不願意離開您,賜我們生存,為能傳揚您名。
Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou. Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
19 上主萬軍的天主,求您復興我們,顯示您的慈顏,好拯救我們!
O SENYÈ dezame yo, restore nou. Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.

< 詩篇 80 >