< 詩篇 65 >

1 達味詩歌,交與樂官。 天主,人應在熙雍山上歌詠讚美您,同時也應向您還願,因您允我所祈。
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
2 凡一切有血肉的人們,都因罪過,而向您投奔。
Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,
3 我們的罪重壓著我們,但您都一一赦免不存。
pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo.
4 您所選拔,而使他居留在您庭院的人,真是有福!願我們得飽享您居所的福樂,您殿宇中的聖物!
Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
5 天主我們的救主您常照公義以奇事來俯聽我們,世人在天涯地角與海洋的遠處都對您全心信任。
Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.
6 您以神威大能束腰,您以大力堅定山嶽;
Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
7 您曾平息了澎湃的汪洋,咆哮的巨浪,萬民的喧嚷:
Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.
8 遠居地角的人,因您的奇跡而恐慌;您使東西兩極的人,都要喜氣洋洋。
Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan.
9 您眷顧大地,普降甘霖,使大地豐收;天主的河水洋溢,為他們準備五穀。原來這一切都是由於您安排就緒。
Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a:
10 您灌溉了田畦,又犁平了土壤,使雨鬆軟土壤,祝福植物生長。
Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen.
11 您的慈惠使年歲豐收,您的腳步常滴流脂油。
Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!
12 曠野的牧場豐滿外溢,漫山遍陵充滿了歡喜;
Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan.
13 羊群遮蔽了牧場,山谷蓋滿了食糧,一切在歡呼歌唱。
Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.

< 詩篇 65 >