< 詩篇 59 >

1 達味金詩,交與樂官。調寄「莫要毀壞」。 我主,求你由我的仇敵中,救我免難,求你從攻擊我者中,使戈脫險;
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l. Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de (sila) ki leve kont mwen yo.
2 求你救我脫離為非作歹的人,求你救我脫離好流人血的人。
Delivre m de (sila) ki fè inikite yo, e sove mwen de moun ki vèse san yo.
3 上主,你看,我雖然沒有作過惡,沒有犯過罪,但強橫人為害我的性命,卻群起與我作對。
Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m. Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo, pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
4 我雖然無辜,他們卻跑來挑戰,求你醒來扶助我,且予以察看。
Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an. Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!
5 因為你是上主,萬軍的天主,以色列的天主,醒來嚴罰這些群眾,別恩待這些背信的惡徒。
Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la, leve e pini tout nasyon yo. Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan
6 他們晚上歸來,狂吠如犬,他們環繞城池,四周圍轉。
Yo retounen nan aswè. Yo rele tankou chen pandan yo antoure lavil la.
7 看,他們的唇舌宛如利劍,且滿口傲慢說:有誰聽見?
Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. Nepe yo nan lèv yo, paske yo di: “Kilès ki tande”?
8 但是你,上主,你必嘲笑他們,你必譏諷這般異民。
Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo! Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
9 我的力量,我只有仰望於你,因為你是天主,是我的堡壘。
O Fòs mwen, m ap veye tann Ou. Bondye se sitadèl mwen.
10 願那愛我的天主援助我,使我因仇敵失敗而歡樂!
Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m. Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.
11 天主,求你擊殺他們,免得侵犯我的人民;上主,我的謢盾,你以強力制服他們。
Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.
12 他們口唇所說的話語:就是他們口舌的罪過,他們因自己的驕傲咒罵與謊言,自陷網羅!
Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo, Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo. Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
13 求你發怒滅絕他們,滅絕他們無一存立,使人知道:天主在雅各伯為王直達地極。
Detwi yo nan kòlè Ou! Detwi yo pou yo disparèt nèt. Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob, jis rive sou tout latè. Tan
14 他們晚上歸來,狂吠如犬,他們環繞城池,四周圍轉。
Kite yo retounen nan aswè. Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.
15 他們到處遊蕩,覓食餬口。若不得飽食,便狂吠不休。
Yo gaye toupatou. Yap tan tout lanwit si yo pa satisfè.
16 但是我要稱你的威能,每日清晨歡呼你的寬仁,因為只有你是我的碉堡,是我困厄時日的避難所。
Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou. Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten. Paske Ou te toujou sitadèl mwen, yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17 我的力量,我只有向你歡唱,因為只有你是天主,是我的保障。你是我的天主,你對我慈祥。
A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm. Paske Bondye se sitadèl mwen, Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

< 詩篇 59 >