< 詩篇 55 >

1 達味訓誨歌,交與槳官。 天主,求你側耳傾聽我的祈禱,求你不要迴避我的哀告。
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!
2 求你俯視我,並垂允我,我痛苦憂傷,嘆息悲號:
Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn!
3 由於仇敵的叫囂,並因惡人的吵鬧,因加於我的災禍,怒中給我的騷擾,
Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'.
4 我的心在我胸內焦灼,死亡的恐怖籠罩了我,
Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri.
5 驚懼與戰慄侵襲了我,恐怖與煩惱淹沒了我。
Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi.
6 我於是說:但願我有鴿子般的翅膀,為能飛翔而去,棲身安藏!
Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo.
7 看,我必要逃往遠處,在荒涼的地方暫住;
Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a.
8 從速尋找一個避難所,避過這一場風狂雨暴。
Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen.
9 我主,求你分散擾亂他們的語言,因我在城中只見到鬥爭與紛亂:
Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt.
10 他們日夜在城牆上巡行,邪惡與欺壓在城中叢生。
Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans.
11 城池中已滿布詭計,霸道欺詐橫行街市。
Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun.
12 若是我的仇人辱罵我,我還可容忍;若是惱恨我者欺凌我,我尚可退隱;
Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen.
13 可惜是你,我的同僚,我的伙伴,我的友好;
Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'.
14 我們曾經推心置腹,無所諱言,在人群中走進了天主的聖殿。
Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.
15 願死亡突襲他們,活活的墜入陰府!因為他們的居處和內心滿是惡毒。 (Sheol h7585)
Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo. (Sheol h7585)
16 但我卻要呼號天主,上主必定予我救助。
Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.
17 不論在黃昏在清晨或在中午,我哀聲悲嘆,祂必聽我的苦訴。
Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.
18 祂必從迫害我的人中,救我然脫險,因為那些反對我的人,實在眾多難算。
L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil.
19 永遠為王的天主必要俯聽我,而把他們趕走,因為他們不知回心轉意,又不知敬愛天主。
Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye.
20 他們伸手攻擊自己的友好,他們任意訂立違背的盟約。
Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.
21 他們的容貌比奶油更光滑,心卻是好戰;他們的言語比脂粉還柔和,但口蜜腹劍。
Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
22 將你的重擔卸交上主,祂必扶持你,祂決對不會讓義人永遠動搖不止。
Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
23 天主,求你使他們墮入滅亡的深穴!兇手和奸詐的歹徒必定中年夭折。上主,但我卻要時常一心唯你是賴。
Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.

< 詩篇 55 >