< 詩篇 42 >

1 科辣黑後裔的訓誨,交與樂官。 天主,我的心靈渴慕你,好像牝鹿渴慕溪水。
Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo. Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan, Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.
2 我的心靈渴慕天主,生活的天主:我何時能目睹天主的儀容?
Nanm mwen swaf pou Bondye, Pou Bondye vivan an. Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?
3 有人終日向我說:你的天主在那裏?我的眼淚竟變成了我晝夜的飲食。
Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit. Pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye ou a?”
4 我想起昔日周旋在歡樂的群眾裏,在群眾歡呼讚頌的歌聲裏,他們朝覲天主聖殿時,我的心不免感到憂傷哀悲,
Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.
5 我的靈魂,你為何悲傷,為何憂苦?期望天主!因為我還要向祂頌祝,因為祂是我的救援,我的天主。
Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
6 我自約旦地,從赫爾孟山,由小丘陵,一想起你來,我的靈魂即惴惴不寧。
O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.
7 在你瀑布的巨聲下,深淵與深淵哈唱;你所有的洪濤巨浪,都沖擊在我身上。
Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
8 但願上主在白晝頒賜祂的恩愛慈惠,我夜間向賜我生命的天主歌頌讚美!
SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen, chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan: Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.
9 我對天主說:我的磐石你為何將我遺忘?為何我應常在仇人的壓迫下徘徊沮喪?
Mwen va di a Bondye, wòch mwen an: “Poukisa Ou te bliye mwen? Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”
10 我仇敵欺凌我時,我覺得痛入骨髓,他們終日對我說:「你的天主在那裏?」
Se tankou tout zo mwen yo kraze, jan advèsè mwen yo anmède mwen, pandan y ap di m tout lajounen: “Kote Bondye Ou a”?
11 我的靈魂,你為何悲傷,為何憂苦?期望天主!因為我還要向祂頌祝,因為天主是我的救援,是我的天主
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.

< 詩篇 42 >