< 詩篇 41 >

1 達味詩歌,交與樂官。 眷顧貧窮人的人,真是有福,患難時日,他必蒙上主救助。
Pou direktè koral la; Yon Sòm David A la beni (sila) ki konsidere ka malere a beni! SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.
2 上主必保護他,賜他生存,在世上蒙福,決不將他交給他的仇敵而任敵所欲。
SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv. Li va rele beni sou latè a. Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
3 他呻吟床榻,上主給他支援,他患病時,必使他轉危為安。
SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan. Nan maladi li, li va restore li a lasante.
4 我曾哀求你:上主,求你憐憫我」,求你治癒我,因為我得罪了你。
Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras. Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”
5 我的仇敵反而惡言辱罵我說:「他何時死,他的名字幾時泯滅?
Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
6 前來訪我的人,只以虛言相待,其實是心懷惡意,出去便說出來。
Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.
7 恨我的人,個個竊竊私議,咒我遭殃生疾:
Tout (sila) ki rayi mwen yo soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt. Kont mwen, yo fè plan pou donmaje mwen epi yo di:
8 願他身患惡疾! 願他一病不起!
“Yon bagay mechan gen tan pran l, pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”
9 連我素來信賴的知心友好,吃過我飯的人,也舉腳踢我。
Menm zanmi ki te pre m nan, nan (sila) mwen te mete konfyans la, li ki te manje pen mwen, te leve talon li kont mwen.
10 上主,求你可憐我,使我病除,為使我能對他們加以復仇。
Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e fè m leve pou m kab bay yo rekonpans yo.
11 我以此作為你真愛我的記號:就是不讓我的敵人向我誇耀;
Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen. Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.
12 你時常保持我無災無難,使我永遠站在你的面前。
Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m, epi Ou mete mwen nan prezans Ou jis pou tout tan.
13 願上主,以色列天主,受讚頌,自永遠直到永遠,阿們,阿們
Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, soti pou tout tan, jis rive pou tout tan. Amen e amen.

< 詩篇 41 >