< 詩篇 145 >

1 我的天主,君王,我要頌揚您,歌頌您的名,世世代代不停止。
Yon chan lwanj pa David Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2 我要每日不斷讚美您,頌揚您的名,永遠不停止。
Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
3 偉大的上主,實在應受讚美,上主的偉大,高深不可推測;
Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.
4 世世代代應宣揚上主的工程,世世代代應傳述上主的大能:
Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
5 講述您的威嚴尊榮,彰明您的奇異化工,
Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan.
6 述說您驚天動地的威能,不斷宣揚您的偉大無朋;
Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran.
7 廣傳您無窮慈愛的事跡,歡呼歌唱您的公義無限。
Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
8 主慈悲為懷,寬宏大方;他常緩於發怒,仁愛無量。
SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9 上主對待萬有,溫和善良,對他的受造物,仁愛慈祥。
SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout zèv Li yo.
10 上主,願您的一切受造物稱謝您,上主,願您的一切聖徒們讚美您,
Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou.
11 宣傳您王國的光榮,講處述您的威力大能,
Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12 讓世人盡知您的威能,您王國的偉大光榮。
Pou fè rekonèt a fis a lòm yo, zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak majeste a wayòm Ou an.
13 您的王國,是萬代的王國,您的王權,存留於無窮世;上主對自己的一切諾言,忠信不欺,上主對自己的一切受造,勝善無比。
Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14 凡跌倒的,上主必要扶持,凡被壓抑的,使他們起立。
SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout (sila) ki vin pwostène yo.
15 眾生的眼睛都仰望您,您準時賞給他們糧食。
Zye a tout moun genyen espwa sou Ou. Ou bay yo manje yo nan lè yo.
16 您伸出了您的雙手,滿足了眾生的需求。
Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi a tout (sila) k ap viv yo.
17 上主在他的一切路徑上,至公至義;上主在他的一切化工上,聖善無比。
Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 上主接近一切呼求祂的人,就是一切誠心呼求祂的人。
SENYÈ a toupre tout (sila) ki rele Li yo, tout (sila) ki rele li ak verite yo.
19 他必成全敬愛自己者的心願,聽到他們的呼號,必施以救援。
Li va ranpli dezi a (sila) ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 凡愛慕上主的,上主必保護他們;凡作惡犯罪的,上主必消除他們。
SENYÈ a kenbe tout (sila) ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi
21 願我的口舌稱述上主的光榮,願眾生讚美他的聖名於無窮!
Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.

< 詩篇 145 >