< 詩篇 119 >

1 品行完美遵行上主法律的,這樣的人才算是真有福的,
ALÈPH. A la beni se (sila) ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.
2 遵守上主誡命全心尋求祂的,這樣的人才算是真有福的。
A la beni se (sila) ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.
3 他們總不為非作惡,只按祂的道路生活。
Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
4 您頒發了您的命令,叫他們嚴格去遵行。
Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
5 願我的行徑堅定,為遵守您的章程!
O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!
6 我若重視您的每條誡律,我就絕對不會蒙羞受辱。
Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.
7 我一學習您正義的判詞,就以至誠的心靈頌謝您。
Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
8 我要遵守您的規矩,不要將我完全棄去!
Mwen va kenbe règleman Ou yo. Pa abandone m nèt!
9 青年怎樣才能守身如玉?那就只有遵從您的言語。
BETH Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? Nan kenbe li selon pawòl Ou.
10 我要用我整個心尋覓您,不要讓我錯行您的諭旨!
Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
11 我將您的話藏在我心裏,免得我犯罪而獲罪於您。
Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m, pou m pa t peche kont Ou.
12 上主,您理應受讚頌,教訓我遵守您的誡命。
Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
13 您所傳授的一切法度,我要以我的脣舌敘述。
Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.
14 我喜愛您約法的道路,就如喜愛一切的財富。
Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.
15 我要默想上主的法度,要沉思您一切的道路。
Mwen va reflechi sou règleman Ou yo, e okipe chemen Ou yo.
16 我喜歡您一切的章程,我永遠不忘您的聖言。
Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou.
17 請恩待您的僕人我得以生存,這樣使我能夠服從您的綸音。
GIMEL Aji ak gras avèk sèvitè Ou a, pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.
18 求您開明我的眼睛,透視您法律的奇能。
Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.
19 我原是寄居塵世的旅客,不要向我隱瞞您的規則。
Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.
20 我因常常渴慕您的諭令,我的靈魂便為此而成病。
Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
21 您已經怒責了驕矜橫蠻的人,背棄您誡命的,是可咒詛的人。
Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen yo, k ap egare kite kòmandman Ou yo.
22 請除去我所受的淩辱與輕謾,因為我已經遵守了您的規範。
Retire repwòch ak mepri a sou mwen, paske mwen obsève temwayaj Ou yo.
23 判官雖然反對我而開庭,您僕人仍然默思您的章程。
Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen, Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
24 因為您的誡命是我的喜樂,您的典章是我的謀士。
Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo.
25 我的靈魂雖已輾轉於灰塵,求你照你的諾言使我生存。
DALETH Nanm mwen kole rèd nan pousyè a. Fè m leve selon pawòl Ou.
26 我陳明我的行徑,您便垂聽了我;
Mwen te pale sou chemen mwen yo, e Ou te reponn mwen. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
27 請指給我您約法的路徑,我要沉思您的奇妙工程。
Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
28 我的靈魂因憂傷而滴滴流淚,請照您的諾言使我奮昂興起。
Nanm mwen ap kriye akoz doulè. Ban m fòs selon pawòl Ou a.
29 求您不要使我走錯誤的道路,求您賜我常遵守您的法度。
Retire sou mwen fo chemen an e ban mwen gras nan lalwa Ou a.
30 我揀定真理的途徑,我矢志服從您的諭令。
Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a. Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
31 我時常依戀著您的法度,上主不要叫我蒙受羞辱。
Mwen kole rèd de temwayaj Ou yo. O SENYÈ, pa fè m desi.
32 我必奔赴您誡命的路程,因為您舒展了我的心靈。
Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi.
33 上主,給我指出您章程的道路,我要一直到死仔細遵守。
HE Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo e mwen va obsève li jiska lafen.
34 求您教訓我遵守您的法律,我要以整個心靈持守不逾。
Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
35 求您引導我走您誡命的捷徑,因為這捷徑使我非常高興。
Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo, paske sa fè kè m kontan.
36 使我的心傾慕您的律例,不要讓我的心貪財好利。
Enkline kè m a temwayaj Ou yo, e pa nan ranmase richès malonèt.
37 求您轉回我的眼目免看虛榮,求您按照您的道路賜我生命。
Vire zye m pou yo pa gade vanite e fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.
38 求您向您的僕人實踐您的許諾,即您向敬愛您的人所許的恩賜。
Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a, kon (sila) ki gen lakrent Ou.
39 求您除去我所怕的羞恥,因為您的約法是我的甘飴。
Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.
40 我如何渴慕您的規約,按照您的正義賜我生活。
Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo! Fè m remonte nan ladwati Ou.
41 上主,願您的仁慈和救恩,照您的諾言臨於我身!
VAV Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen, O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.
42 對凌辱我的人,我有所答辯,因為我全寄望於你的聖言。
Pou m kab genyen yon repons pou (sila) ki repwoche m nan, paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.
43 不要由我口撤去真理的訓言,因我一心一意渴望你的判斷。
Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
44 我要常常遵守你的法典,時時不斷,一直要到永遠。
Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt, pou tout tan e pou tout tan.
45 我要行走平坦寬闊的途徑,因為我常常追求你的誡命。
Epi mwen va mache nan libète, paske se òdonans Ou ke m chache.
46 我要傳述您的規律,在列王前也不畏懼。
Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.
47 我非常喜悅您的規誡,因為我對此有所鍾愛。
Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
48 我向您的誡命舉起我的手,對您的一切章程沉思不休。
Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo ke m tèlman renmen. Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
49 求您莫把您給您的僕人的諾言遺忘,因為您在這諾言裏賜給我希望。
ZAYIN Sonje pawòl a sèvitè Ou a. Se nan li Ou te fè m gen espwa a.
50 在我的憂苦中,這是我的安慰,因為您的聖言,賜給了我生氣。
Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an, paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
51 驕傲人雖加給我極度的侮辱,但我卻沒有偏離過您的法律。
Moun awogan yo meprize m nèt, men mwen pa vire kite lalwa Ou.
52 我一思到您永怚的斷定;上主,我是多麼安慰而高興。
Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ, e yo rekonfòte mwen.
53 為了背棄您法律的罪人,我不知不覺地恕火焚心。
Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo, ki abandone lalwa Ou.
54 在我這客居不定的寓所,您的法令成了我的詩歌。
Règleman Ou yo se chanson mwen nan kay kote m demere.
55 上主,夜間我想起您的聖名,我就決意遵守您的法令。
O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e mwen kenbe lalwa Ou.
56 我之所以如此這般,因我遵守您的規範。
Se sa ki chemen m, mwen kenbe tout òdonans Ou yo.
57 上主,我說:我的福分,就是遵守您的教訓。
HETH Se SENYÈ a ki pòsyon mwen. Mwen te fè pwomès pou kenbe pawòl Ou yo.
58 我全心仰膽著您的容貌,求您按您的諾言憐憫我。
Mwen te chache favè Ou ak tout kè m. Fè m gras selon pawòl Ou.
59 我一默想到我所走的道路,就把我的腳轉您的法度。
Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
60 爽爽快快,毫不躊躇,我常遵守您的法度。
Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta pou obeyi kòmandman Ou yo.
61 惡人的繩索雖將我纏起,我郤未將您的法律忘記。
Kòd a mechan yo te antoure m, men mwen pa t bliye lalwa Ou.
62 為了您正義的判語,我半夜起身讚美您。
A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman, akoz òdonans dwat Ou yo.
63 我常向敬愛您的人為友,與遵守您誡命的人為侶。
Mwen se zanmi parèy a tout (sila) ki gen lakrent Ou yo ak (sila) ki swiv règleman Ou yo.
64 上主,您的慈愛充滿大地,求您教我遵守您的律例。
Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo.
65 上主,您依照您的言詞,善待了您的僕役。
TETH Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
66 您以知識和聰慧教訓我,我要一心信賴您的誡條。
Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans, Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
67 我在受苦以前徘徊岐途,但我現今順從您的訓語。
Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
68 您是慈善的,好施仁惠,求您給我教授您的規矩。
Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
69 驕傲人捏造謊言陷害我,我要全心遵守您的規約。
Awogan yo te fòje yon manti kont mwen. Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.
70 他們的心遲純如蒙脂肪,然而我卻喜歡您的典章。
Kè yo rèd, kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
71 為叫我能學習您的法度,受若遭難於我確有好處。
Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
72 您頒的法律對我的利益,連千萬的金銀也不能比。
Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye.
73 您的雙手創造了我,形成了我;求您賜我智力,為學您的誡條。
YODH Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
74 敬愛您的人,見我就喜歡;因為我常仰望您的聖言。
Ke (sila) ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan. Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.
75 上主,我知道您的審判是公正無私的,您叫我遭受磨難是理所當然的。
Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.
76 照您給您僕人的許諾,按您的仁慈來安慰我。
O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen, Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
77 願您的仁愛臨於我,使我生活,因為您的法律就是我的喜樂。
Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.
78 願無端難為我的驕傲人蒙羞!但是我要默想沉思您的法律。
Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
79 願那些敬愛您的人歸向我,願關心您的人依附我!
Ke (sila) ki krent Ou yo kapab vire kote mwen. Yo va konnen règleman Ou yo.
80 願我全心遵守您的法典,這樣我便不致自覺羞赧。
Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo, pou m pa vin desi.
81 我靈渴慕您的救援而衰弱,我熱切地盻望著您的許諾。
KAPH Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.
82 我對您的諾言望眼欲穿,究竟您何時才賜我慰安?
Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou, pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
83 我雖然相似煙熏的皮囊,我仍然不忘卻您的典章。
Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.
84 您僕人的歲月還能有多久?您何時處罰迫害我的惡徒?
Konbyen jou sèvitè Ou gen? Se kilè Ou va pase jijman sou (sila) ki pèsekite mwen yo?
85 不按您法律生活的驕傲人,暗中給我挖掘了陷阱深坑。
Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen, (Sila) ki pa an akò ak lalwa Ou yo.
86 您所有的一切誡命全是真道;他們無理迫害我,求您協助我。
Tout kòmandman Ou yo fidèl. Se ak manti yo te pèsekite mwen. Fè m sekou!
87 我們幾乎將我由地上滅絕,但我卻沒有背棄您的規誡。
Yo te prèske fin detwi m sou latè, Men pou mwen, mwen pa t kite òdonans Ou yo.
88 您按照您的仁慈使我生活,這樣我必遵守您口中的條約。
Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a, Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo.
89 上主您的聖言,永遠存留,它堅固而不移,好似蒼天。
LAMEDH Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin etabli nan syèl la.
90 您所有的忠誠,代代流傳,您所造的大地,屹立不變。
Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo. Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
91 天地時常遵守您的旨意,因為萬物都是您的僕役。
Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou. Paske tout bagay se sèvitè Ou.
92 我如果不喜愛您的法令,我早已在我苦患中喪命。
Si lalwa Ou pa t plezi mwen, mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.
93 我永遠不忘卻您的法令,因為您藉此賜給我生命。
Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo, Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
94 我全屬於您,求您救拔我,因為我尋求了您的法約。
Se pa W mwen ye. Fè m sekou! Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
95 惡人窺視我,忌把我殺害,然而我仍細想您的規誡。
Mechan yo ap tann mwen pou detwi m. Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.
96 我看任何齊全的都有界限,唯您的誡命卻廣闊無邊。
Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon, men kòmandman Ou an vrèman vast.
97 上主,我是多麼愛慕您的法律,它是我終日對默想的題目。
MEM O! A la mwen renmen lalwa Ou a! Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
98 您的誡命永遠存在於我心,它使我比我的仇敵聰明。
Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo, Paske yo toujou pou mwen.
99 我比我所有的教師更聰明,因為我常默想您的法令。
Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo, Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
100 我比老年的人更有智慧,因為我恪守您的律例。
Mwen gen konprann plis pase granmoun yo, akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
101 我使我的腳迴避一切惡路,為叫我能夠遵守您的言語。
Mwen te anpeche pye m antre nan tout wout ki gen mechanste, Pou m te kab kenbe pawòl Ou.
102 我不偏離您的約法,因為是您教訓了我。
Mwen pa t vire kite règleman Ou yo, paske se Ou menm ki te enstwi m.
103 您的教言對我上顎多麼甘美!在我的口中比蜂蜜更要甘美!
A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
104 由您的誡命,我獲得了聰明,因我憎惡一切欺詐的途徑。
Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann. Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.
105 上主,您的言語是我腳步的明燈,是我路途上的光明。
NUN Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e yon limyè nan pa pye mwen.
106 我今起誓,我要定志,堅守您正義的諭令。
Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.
107 上主,我已經受苦很重,照您的諾言,保我生命。
Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
108 上主,請悅納我口中的祭獻,請教訓我明白您的審斷。
O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
109 我的生命常處於危險中,但我仍不忘記您的法典。
Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
110 惡人雖然給我設下陷阱,我仍然不偏離您的章程。
Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen, malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.
111 您的誡命永做我的家產,因為這是我心中的喜歡。
Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.
112 我要傾心遵守您的法典,千秋萬世,一直到永遠。
Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo jis pou tout tan, jiska lafen.
113 我惱恨心懷二意的人,對您的法律,我喜愛萬分。
SAMEKH Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
114 您是我的庇護我的盾牌,因此我唯您的聖言是賴。
Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen, Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
115 作惡的人,您們應離我遠去!因為我要遵守天主的法度。
Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
116 照您的諾言,扶持我的生命,不要讓我的希望成成為泡影。
Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv. Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.
117 求您扶持我得蒙拯救,能時常留意您的制度。
Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
118 凡背棄您法令的,您都鄙棄,因為他們的思念全是詐欺。
Ou te rejte tout (sila) ki te egare kite règleman Ou yo, paske sediksyon yo a pa reyisi.
119 地上的惡人您都看作渣滓,因此我非常喜愛您的法制。
Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou kim initil. Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.
120 我的肉身因敬愛您而戢戰憟,對您的諭令失也知所敬愛。
Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo.
121 我行正義及合法律的事情,別把我交於壓迫我的壞人。
AYIN Mwen te fè sa ki jis e dwat. Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.
122 求您保證您僕人的安全,沒有驕傲心將我磨難。
Aji kon soutyèn pou bonte a sèvitè Ou a. Pa kite awogan yo oprime mwen.
123 對您的救助和正義的諾言,我熱切渴盻已經望眼欲穿。
Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.
124 求您照您的仁慈恩待您的僕人,也求您教訓我能明白您的章程。
Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
125 我是您的僕人,求賜我明達,為使我能夠通曉您的約法。
Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann pou m konnen temwayaj Ou yo.
126 現今是上主行動的時候,因他們違反了您的法度。
Se lè pou Ou aji, SENYÈ, paske yo te vyole lalwa Ou a.
127 所以我愛慕您的誡律,遠勝各種黃金和寶玉。
Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.
128 我尊重您的一切誡命,憎惡所有的欺詐途徑。
Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo.
129 您的約法誠然是美妙神奇,因此我的靈魂要遵守不離。
PE Temwayaj Ou yo mèvèye. Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
130 您的言語經過解釋必會發亮光照,連知識淺薄的人也可以通達知曉。
Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a (sila) ki senp yo.
131 我張開我的口嗟嘆唏嚧,因為我極渴慕您的誡律。
Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
132 求您回身向我,垂憐我,如素常對待愛您名者然。
Vire kote mwen e fè m gras, menm jan ke Ou konn fè ak (sila) ki renmen non Ou yo.
133 引導我的腳步履行您的訓誥,不要允許任何邪惡來主宰我。
Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.
134 求您救我擺挩人的欺壓,為使我能遵守您的律法。
Rachte mwen anba opresyon a lòm, pou m kab kenbe òdonans Ou yo.
135 求您給您的僕人顯示您的慈顏,同時也您們給我教導您的規範。
Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
136 我的眼淚滴滴下流有如溪水,因為他們全不遵守您的法規。
Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a.
137 上主,您原是公義的,您的判決是正直的。
TZADHE Oudwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
138 您以正義和至誠,立定了您的誡命。
Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati. Yo fidèl nèt.
139 我的熱火快要將我消耗殆盡,因為我的敵人忘了您的聖訓。
Zèl mwen fin manje m nèt, akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.
140 您的教言經過千捶百鍊,您的僕人對它愛不知倦。
Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
141 我雖然年記幼小,被人輕看,可是我總不忘卻您的法範。
Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
142 您的正義永遠公正,您的法律永遠堅定。
Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
143 困苦和壓迫雖然來臨我身,但您的誡命仍是我的歡欣。
Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen. Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
144 您的約法永遠公允,賜我智慧,使我生存。
Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan. Ban mwen bon konprann pou m kab viv.
145 我全心呼號,並求您俯聽,上主,我要遵守您的法令。
QOPH Mwen te kriye ak tout kè mwen. Reponn mwen, O SENYÈ! Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
146 我呼號您,求您救護,我必遵守您的法度。
Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen! Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
147 天還未亮,我就起來求助,熱切期待您的訓語,
Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou. Mwen ap tann pawòl Ou yo.
148 夜裏每更,我都睜開眼睛,全是為了您的聖訓。
Zye m rete ovèt pandan vè lanwit la, konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
149 上主,請照您的仁慈俯聽我的呼聲,上主,請照您的正義使我得以重生。
Tande vwa m selon lanmou dous Ou a. Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
150 非法迫害我的人已經臨近,他們都遠離了您的法令。
(Sila) ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.
151 上主,願您時常與我親近,您一切的誡命全屬忠信。
Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
152 我早就已由您的約法得知,那都是您從永遠所立定。
Depi nan tan ansyen yo, mwen te konnen de temwayaj Ou yo, ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo.
153 求您垂視我的苦難而救拔我、因為我媲沒有忘記您的約法。
RESH Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
154 求您辯護我的案件而拯救我,並請依照您的諾言,使我生活。
Plede kòz mwen e rachte mwen! Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.
155 恨不得救恩達達離開惡徒,因為他們不理睬您的法度。
Sali a lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
156 上主,您的仁愛何其廣闊,按照您的諭旨,賜我生命。
Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ. Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.
157 迫害與磨難我的人確實眾多,然而我卻不曾偏離您的法約。
Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo. Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.
158 奸黨惡輩我一看見就會生厭,因為他們都不遵守您的規範。
Mwen gade moun trèt yo e mwen rayi yo nèt, akoz yo pa kenbe pawòl Ou.
159 上主,請您看我如何愛您的訓令,上主,照您的仁慈保全我的生命。
Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo. Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
160 您聖言的總綱確是真實無欺,您正義的一切判斷永遠不移。
Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.
161 王侯雖然無緣無故加我苦難,我的心靈仍舊敬愛您的教言。
SIN AK SHIN Prens yo pèsekite mwen san koz, men kè m kanpe etonnen devan pawòl Ou yo.
162 我對您的諾言實在歡喜若狂,像得到許多勝利品的人一像。
Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.
163 奸詐邪惡是我所恨所愛的,您的法令是我所喜所愛的。
Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo. Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
164 為了您那正義的判詞,我一要讚美您七次。
Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou, akoz òdonans dwat Ou yo.
165 愛慕您法律的必飽享平安,沒有一點失足跌倒的危險。
(Sila) ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè. Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
166 上主,我期待您的助佑,上主,我遵守您的法度。
Mwen espere gen Sali Ou, O SENYÈ. Mwen te fè kòmandman Ou yo.
167 我的靈魂恪守您的規誡,因為我對規誡十分喜愛。
Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo. Mwen renmen yo anpil anpil.
168 我必要遵守您的規誡和勸言,因我的一切道路在您的面前。
Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo, Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou.
169 上主,願我呼聲上達於您,求您照您的約言使我明理。
TAV Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ. Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
170 願我的祈求到達您的面前,求您照您的諾言救我脫險。
Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou. Delivre mwen selon pawòl Ou.
171 願我的雙脣湧溢讚美歌曲!因為您給我教授您的法律。
Kite lèv mwen eksprime lwanj, paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
172 願我的舌頭歌詠您的訓令!因您的一切誡命盡屬公正。
Kite lang mwen chante de pawòl Ou, paske tout kòmandman Ou yo dwat.
173 願您伸出您的手救助我!因為我揀選您的法約。
Kite men Ou parèt pou fè m sekou, paske mwen te chwazi òdonans Ou yo.
174 上主,我渴望您的救援,您的法律是我的喜樂。
Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.
175 願我的靈魂活著讚美您,願您的斷語來支持我!
Kite nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou. Kite òdonans Ou yo ban m sekou.
176 我像迷路的亡羊,請尋回您的僕人,因為我總沒有忘記您任何的誡命。
Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.

< 詩篇 119 >