< 詩篇 109 >

1 達味的聖詠,交於樂官。我所讚美的天主,求您別緘口不語!
Pou direktè koral la; Yon Sòm David O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!
2 因為邪惡欺詐的口,已經張開攻擊我,騙人說謊的舌頭,也已經出言陷害我,
Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen. Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
3 以毒恨的言語四面評擊我,又無緣無故地興訟毀謗我。
Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman E yo te goumen kont mwen san koz.
4 他們誣告我,以報我的友愛;然而我卻為他們祈禱不懈;
An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen; men mwen toujou ap priye.
5 他們以惡心回報我的善心,他們用恨情還報我的愛情。
Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.
6 求您派一惡人向他們攻訐,叫控告者站在他的右邊。
Plase yon nonm mechan sou li e kite yon akizatè kanpe sou men dwat Li.
7 使他受審時,被判為罪,使他的辯護,仍構成罪案。
Lè l fin jije, kite li sòti koupab e kite lapriyè li devni peche.
8 願您縮短他的年歲,讓人取去他的權位。
Kite jou li yo vin mwens. Kite yon lòt moun pran pozisyon li.
9 使他的子女盡成孤獨,使他的妻子流為寡婦,
Kite pitit li yo rete san papa, e kite madanm li vin vèv.
10 使他的子孫流離失所,沿門乞食,使他由殘破的家室裏,被人逐離。
Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari. Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.
11 使債主搜括他所有的家產,仗外人劫掠他勞力的所賺。
Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.
12 誰也不要向他施行仁慈,誰也不要憐憫他的孤兒;
Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous, Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.
13 願他的後肓裔全被斬盡滅絕,他們的姓名被塗抹於後代。
Kite desandan li yo koupe retire nèt. Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yo efase nèt.
14 願上主記念他父親的罪愆,總不要赦免他母親的過犯;
Kite inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a, E pa kite peche a manman l yo vin efase.
15 叫那些罪永留在上主前,從地上除去他們的記念。
Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L koupe retire memwa yo sou latè,
16 因為他們總不想施恩行善,但知道迫害弱釔和貧賤,連人靈破碎的人也摧殘。
akoz li pa t sonje montre lanmou dous, men te pèsekite e te aflije malere a, ak (sila) ki dekouraje nan kè l la, pou l mete yo a lanmò.
17 他既喜愛詛咒,願詛咒臨於他!他既不愛祝福,願祝福遠離他!
Anplis, li te renmen bay madichon. Konsa, madichon an te retounen sou li. Li pa t renmen beni. Konsa, sa te rete lwen l.
18 他以詛咒為他的衣帶,詛咒如水浸入他的五內,更像脂油滲透他的骨骸,
Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman, e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.
19 好像衣服遮蔽了他,好似皮帶纏住了他。
Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l, paske sentiwon sa a ap toujou mare l.
20 凡控告我並惡言誹謗我的人,願他們由主獲得這些報應。
Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak (sila) ki pale mal kont nanm mwen yo.
21 然而上主,為了您的名,求您善等我,天主,按焄您的仁慈和善良,拯救我!
Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a, aji dousman avè m pou koz a non Ou. Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,
22 我原來貧窮可憐,我的人腸傷痛悲慘;
paske mwen aflije e malere. Kè m blese anndan m.
23 我像夕陽殘影漸漸消逝,我被人驅除又與蝗蟲相似。
Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen souke retire tankou krikèt volan.
24 我的雙膝因齋戒而酸軟,我的肉體已經消瘦不堪。
Jenou m vin fèb nan fè jèn e chè m vin mèg, san grès.
25 我竟成了他們的笑柄,看見我的人頭搖齒冷。
Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm. Lè yo wè m, yo souke tèt yo.
26 上主,我的天主,求您扶助我,求您按著您的慈愛拯救我,
Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an. Sove mwen selon lanmou dous Ou a.
27 讓人知道這是您手的工程,上主,的確這是您的所作所行。
Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou, ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.
28 任憑他們詛咒,惟願您予以祝福,叫您的僕人喜歡,使我的仇敵蒙羞。
Kite yo menm bay madichon sou mwen, men pou Ou menm, bay benediksyon. Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.
29 叫誣告我的人滿被淩辱,他們蒙受恥辱,如被氅裘。
Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè. Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont yo tankou se avèk yon manto.
30 我要親口向上主,歌頌,要讚美祂在億萬人中。
Avèk bouch mwen, mwen va bay anpil remèsiman a SENYÈ a. Nan mitan gwo foul la, mwen va louwe Li.
31 因祂站在窮苦人的右邊,拯救他脫離定罪的裁判。
Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a (sila) ki jije nanm li yo.

< 詩篇 109 >