< 詩篇 102 >

1 受壓迫者在憂心悲愁時,向上主訴苦訴。 上主,求您允許我的祈求,願我的呼聲上達於您!
Koute lapriyè mwen, O SENYÈ! Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.
2 在我蒙難時日,求您不要掩面迴避我,我呼號您時,求您側耳聽我,迅速俯允我。
Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an; Panche zòrèy Ou bò kote m. Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.
3 因為我的日月消散如雲煙,我的骨骸枯焦如火煎。
Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen, e zo m te chofe tankou yon chemine.
4 我的心憔悴得枯草一般,因此我也忘記了吃我的飯。
Kè m fin frape tankou zèb. Li fennen nèt. Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
5 因為我哀傷得過度,我已僅是皮包骨頭。
Akoz gwo bri kri mwen yo, zo m yo kole sou chè m.
6 我好像成了曠野中的淘河,我又像成了廢墟中的鴟鶚;
Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè. Mwen tankou yon frize nan gran savann.
7 整夜不眠,獨自哀號,像屋頂的孤零小鳥。
Mwen kouche zye tou louvri. Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
8 我的仇敵常不停地辱罵我,對我猖狂的人,指名詛咒我;
Lènmi m yo repwoche m tout lajounen. (Sila) ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
9 我吃灰塵當食糧,我喝眼淚當水湯;
Paske mwen te manje sann kon pen e mele bwason m ak dlo zye m,
10 為了您的義憤與震怒,您把我舉起,將我撲拋去。
akoz endiyasyon avèk kòlè Ou. Ou te leve m wo e te jete m lwen.
11 我的日月像傾斜的陰影,我的本身好像禾草枯零。
Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.
12 然而上主,您卻永遠常在,您的名號萬也代不衰。
Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
13 求您起來,願您寬赦熙雍,因憐憫她的時日已來臨。
Ou va leve pou fè pitye sou Sion, paske se lè pou fè li gras. Lè apwente a fin rive l.
14 因您的眾僕愛惜她的石頭,他們也念念不忘她的廢壚。
Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo. Yo plen tristès akoz pousyè li.
15 上主,萬民必敬愛您的聖名,普世列王必敬愛您的光榮。
Pou sa, nasyon yo va krent non SENYÈ a, e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
16 因為上主必定要重建熙雍,且要顯現於自己的光榮中。
Paske se SENYÈ a ki te ranfòse Sion. Li te parèt nan glwa Li.
17 祂必垂顧窮苦人的祈禱,也決不拒絕他們的哀號。
Li te prete atansyon a lapriyè malere yo, e pa t meprize priyè yo.
18 將此事寫出流給後世,叫新生的人民讚美上主。
Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an. Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
19 因上主由至高聖所俯視,由高天之上垂顧人間世,
Li te gade anba soti nan wotè sen Li an. Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
20 為傾聽俘虜的哀嘆,為釋放待斃的囚犯,
pou tande vwa plenyen a prizonye a, pou mete an libète (sila) ki te kondane a lanmò yo,
21 為在熙雍傳述上主的聖名,在耶路撒冷宣揚祂的光榮。
Pou lezòm ta kab pale sou non SENYÈ a nan Sion, e bay lwanj Li nan Jérusalem,
22 那時萬民都要聚集在一處,諸邦列國也要來朝拜上主。
pandan pèp yo rasanble ansanm ak wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
23 祂在中途將我的力量消滅,將我的歲月縮短;
Li fin febli fòs mwen nan chemen an. Li rakousi nonb de jou mwen yo.
24 我說:我天主,莫我中年夭折,但願您的歲月永留萬代。
Mwen te di: “O Bondye mwen an, pa rache m nan mitan jou mwen yo. Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
25 在起初您奠定了下地,上天也是您手的功績。
Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè, e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
26 天地必要毀滅,而您永遠存在,萬物必要如同衣裳一樣衰敗,有如衣服更換,都要新存化代謝;
Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou. Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman. Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
27 但是您卻永存不變,您的壽命無盡無限。
Men Ou menm, se menm jan an Ou ye. Ane pa Ou yo p ap janm fini.
28 願您僕人的子女居家安康,願他們的子孫在您前永昌。
Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye, e desandan pa yo va etabli devan Ou.”

< 詩篇 102 >