< 箴言 9 >
Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto.
Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje.
Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo:
4 誰是無知的,請轉身到這裏來! 」她對愚鈍的人說:「
Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo:
Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non!
6 你們應放棄無知,好使你們得以生存,並在明智的道路上邁進。」
Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
7 誰矯正輕狂的人,只有自招羞辱;誰責斥邪惡的人,只有自找凌辱。
Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li.
8 你不要責斥輕狂的人,免得他恨你;卻要責斥明智的人,他必會愛你。
Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.
9 你若指教明智的人,他必更明智;你若教訓正義的人,他必更有見識。
Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.
11 藉著我,你的歲月纔可增多,你的壽命纔可延長。
Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne.
12 你若有智慧,你必蒙受其惠;你若是輕狂也只有自食其果。
Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou.
Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen.
Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la.
L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo:
16 誰是無知的,請轉身到這裏來! 」她向愚鈍的人說:
Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:
Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!
18 他卻不知冥域正在那裏,她的客人都在陰府的深處。 (Sheol )
Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri. (Sheol )