< 箴言 7 >

1 我兒,你要持守我的訓言,把我的誡命藏在心中;
Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
2 你要遵守我的誡命,好叫你得以生存;應恪守我的教訓,像保護你眼中的瞳人。
Kenbe kòmandman mwen yo pou viv, ak enstriksyon mwen yo kon de grenn zye nan tèt ou.
3 應將我的誡命繫在指間,刻在心上;
Mare yo sou dwèt ou; ekri yo sou tablo a kè ou.
4 應對智慧說:「你是我的姊妹,」並應稱睿智為你的女友,
Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,” e rele sajès pi bon zanmi ou,
5 好能保護你遠避奸婦,即那甜言蜜語的淫婦。
Pou li kab anpeche ou ale jwenn ak yon fanm adiltè; yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
6 我曾由我家的窗口,透過窗格往外觀看,
Paske bo fenèt lakay mwen, mwen te gade nan fant fenèt mwen an.
7 分明看見在愚昧人中,在少年人中,有一個無知的少年,
Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo, e te rekonèt pami jenn yo, yon jennonm ki te manke bon sans;
8 沿著淫婦屋角的街道經過,向她的住宅走去,
ki t ap pase nan lari a toupre kwen kay fanm nan. Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,
9 那時正是黃昏,日已西沉,已入黝黑深夜。
nan solèy kouche a, nan aswè, nan mitan lannwit ak nan fènwa.
10 看,有一個女人向他迎面而來──她身穿妓裝,存心不軌;
Epi gade, yon fanm vin pwoche li abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
11 她健談好蕩,不能停留家中:
Li parèt plen kouraj nan rebelyon li. Pye li pa rete lakay li.
12 一會在街頭,一會在市場,在每個角落上兜搭──
Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo, lap kache tan nan tout kwen.
13 她遂上前擁抱那少年,與他接吻,嬉皮笑臉對他說:「
Konsa, li sezi li, bo li; e ak figi byen ranje, li di li:
14 我原許過願,要獻和平祭,今日纔得償還我許的願。
“Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo. Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo.
15 所以我走了出來,好能與你相遇;我急切尋找你,可好現在我見了你。
Konsa, mwen te vin rankontre ou, pou jwenn prezans ou; e konsa, mwen te twouve ou.
16 我的床榻已舖設了絨毯,放上了埃及的線繡臥單;
Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti; avèk bèl dra Égypte yo.
17 又用沒藥、蘆薈和肉桂薰了我的睡床。
Mwen te flite kabann nan ak pafen flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.
18 來讓我們通宵達旦,飽享愛情;讓我們在歡愛中盡情取樂,
Vini, annou bwè ladann e fè lanmou jis rive nan maten. Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
19 因為我的丈夫現不在家,他已出外遠行,
Paske mari m pa lakay la; li ale nan yon gran vwayaj.
20 隨身帶了錢囊,不到月圓不歸家。」
Li te pran yon sak lajan avè l. Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
21 淫婦用許多花言巧語籠絡他,以諂言媚語勾引他。
Ak anpil ankourajman, li atire li; avèk lèv a flatè, li sedwi li.
22 少年遂跟她去了,好像一隻引入屠場的公牛,又像一隻自陷圈套的牡鹿,
Sibitman, li swiv li tankou yon bèf k ap monte labatwa, tankou moun sòt kab mache rive nan ne koulan an.
23 直至箭矢射穿他的心肝;他還像一隻跳入羅網的小鳥,不知這與他的性命有關。
Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l; tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen. Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
24 現在,孩子! 你們應聽從我,留意我口中的訓言:
Alò, pou sa, fis yo, koute mwen e okipe pawòl a bouch mwen yo.
25 不要讓你的心傾向她的道路,不要誤入她的迷途,
Pa kite kè ou vire akote nan chemen li yo! Pa vin antre egare nan wout li yo!
26 因為她使許多人倒地身亡,連最強健的,都作了她的犧牲。
Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo; e anpil se sila ki te mouri akoz li.
27 她的家是通往陰府的大道,是引入死境的斜坡。 (Sheol h7585)
Lakay li nan wout Sejou mò yo, k ap desann nan chanm lanmò yo. (Sheol h7585)

< 箴言 7 >