< 箴言 6 >
Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou, ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2 你如果為你口中說的話所連累,為你口中的言詞所束縛,
Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou, ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3 那麼,我兒,你既然已陷在你友人的手中,你就該逃脫,該這樣做:火速前去,央求你的友人,
Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou. Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an, ale desann pou jennen vwazen ou an.
Pa kite dòmi tonbe nan zye ou, ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
5 應急速解救自己,如羚羊掙脫羅網,飛鳥逃脫獵人的圈套。
Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè, oswa zwazo a nan pelen moun lachas la.
6 懶漢,你去看看螞蟻,觀察牠的作風,便可得些智識:
Ale kote foumi, o parese. Veye abitid li yo e vin saj!
Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
kon prepare manje li nan gran sezon an e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 這樣貧窮就要如同竊賊,困乏也要如同武士,向你侵襲。
mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon, e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
Yon sanzave, yon moun mechan se sila ki mache ak yon bouch pèvès,
ki bat zye li, ki fè siy ak pye li, ki pwente ak dwèt li;
ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.
15 為此,他的喪亡必突然來臨,霎時間全被毀滅,無法挽救。
Pou sa, malè li va parèt sibitman; nan yon enstan li va kase nèt; e li p ap gen gerizon ditou.
16 上主憎恨的事,共有六件,連他心裏最厭惡的事,共有七件:
Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi; wi sèt menm ki abominab devan l:
Zye ògeye, yon lang k ap bay manti, avèk men ki vèse san inosan,
Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,
Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
20 我兒,應堅守你父親的命令,不要放棄你母親的教訓;
Fis mwen an, swiv lòd a papa ou e pa abandone enstriksyon manman ou.
Mare yo tout tan sou kè ou; mare yo nan kou ou.
22 她們在你行路時引領你,在你躺臥時看護你;在你醒來時與你交談。
Lè ou mache toupatou, yo va gide ou. Lè ou dòmi, yo va veye sou ou. Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
23 因為父命是盞燈,母教是光明,嚴格的勸告是生命的道路,
Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a, a lang glise de fanm adiltè a.
25 不讓你的心貪戀她的美色,不讓她的秋波迷惑你,
Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 因為娼妓所求的只是一塊餅,有夫之婦卻獵取寶貴的生命。
Paske akoz yon pwostitiye, yon gason redwi a yon mòso pen. Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.
Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo pou rad li pa brile?
Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen, san ke pye l pa brile?
29 與他人妻子通姦的人就是這樣:凡接近她的,必難免受罰。
Se konsa li ye ak yon nonm ki antre nan madanm vwazen li. Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
Pèsòn pa meprize yon vòlè kap vòlè pou l kab satisfè grangou.
31 但若被擒獲了,他仍須七倍償還,交出家中所有的財物。
Men si pa aza, li jwenn li, la oblije repeye li sèt fwa. Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
32 與婦人通姦的人,實屬愚眛,他這樣做,卻是毀滅自己。
Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
33 他必遭受可恥的打擊,並且他的恥辱,永不得拭去,
L ap twouve blesi ak gwo wont, e repwòch li p ap efase menm.
34 因為妒火能激怒男人,使他在報復時,決不留情;
Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm; li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35 任何的賠償,他都不理睬;即便你多送禮品,他也不肯罷休。
Li p ap dakò dedonmaje ak ranson, ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.