< 箴言 5 >

1 我兒,你應注意我的智慧,側耳傾聽我的見解,
Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
2 為使你保持審慎的態度,使你的口唇能固守知識。
pou ou kab kenbe sajès e pou lèv ou ka konsève konesans.
3 因為淫婦的口,滴流甜蜜;她的嘴唇,比油還滑;
Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo, e pale li pi dous pase lwil;
4 但是,與她相處的結果,卻苦若苦艾,刺心有如雙刃的利劍。
men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl, epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
5 她的雙腳陷入死境,她的腳步直趨陰府。 (Sheol h7585)
Pye li yo desann vè lanmò e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo. (Sheol h7585)
6 她不走生命的坦途;她的腳步,躊躇不定,不知所往。
Li pa reflechi sou pa lavi a; vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
7 現在,我兒,你要聽從我,不要拋棄我口中的教訓:
Alò, fis mwen yo, koute mwen, e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
8 你應使你的道路遠離她,不要走近她的家門,
Kenbe wout ou byen lwen li, e pa pwoche toupre pòt lakay li.
9 免得將你的精力,葬送給別人;將你的歲月,委棄給無賴;
Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo ak ane ou yo a mechan an.
10 免得你的財產為他人享受,你的辛勞裨益於人家;
Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou, e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou, va rive lakay a yon etranje.
11 免得終期來臨,當你的肉軀和身體精力耗盡時,你只有嘆息,
Epi ou va plenyen nan gòj lè dènye moman lavi ou rive, lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
12 說:「唉! 為什麼我憎惡了教訓,為什麼我的心藐視了規勸﹖
Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!
13 為什麼我沒有聽從師長的勸告,沒有側耳傾聽教訓我的人﹖
Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo, ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.
14 在集會和會眾中,我幾乎陷於浩劫。」
Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”
15 你當飲你自己池裏的水,喝你井裏的活泉。
Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
16 你的泉水豈可外溢,成為街頭的流水﹖
Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje, kòn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
17 其實都應全歸於你,不得讓外人與你共享。
Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
18 你的泉源理應受祝福;你應由你少年時的妻子取樂。
Kite fontèn dlo ou a rete beni, e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19 她宛如可愛的母鹿,嫵媚的母羚;她的酥胸應常使你暢懷,她的愛情應不斷使你陶醉。
Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan, kite tete li yo satisfè ou tout tan. Rete debòde nèt ak lanmou li.
20 我兒,你為什麼要迷戀外婦,擁抱別人妻室的胸懷﹖
Paske poukisa fis mwen an, ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè, e anbrase lestonmak a yon etranje?
21 上主的眼目時常監視人的道路,不斷審察他的一切行徑。
Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a, e Li veye tout pa li yo.
22 惡人必被自己的邪惡所纏擾,必為自己罪惡的羅網所捕獲。
Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.
23 他必因不聽教訓而喪命,必因自己過度的愚昧而淪亡。
Li va mouri akoz mank enstriksyon, e nan grandè foli li, li va vin egare.

< 箴言 5 >