< 箴言 25 >
1 以下也是撒羅滿的箴言,由猶大王希則克雅的人所蒐集:
Sila yo se pwovèb yo a Salomon ke mesye Ézéchias yo, wa Juda a te dechifre.
2 將事隱蔽,是天主的光榮;清察事實,是君王的光榮。
Se glwa Bondye pou kache yon bagay; men se glwa a wa yo pou chache konprann yon bagay.
Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a, se konsa kè a wa a ensondab.
Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.
Retire mechan an devan wa a, e twòn li an va etabli nan ladwati.
Pa reklame bèl repitasyon nan prezans a wa a, e pa kanpe nan plas a moun pwisan yo;
paske li pi bon pou yo di ou: “Vin monte isit la”, olye pou ou ta oblije desann piba nan prezans a prens lan, ke zye ou te wè.
8 你眼若有所見,不可冒然訴訟;人若使你難堪,你將何以善後﹖
Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.
9 與你的近人,可自決爭端;他人的秘密,切不可洩漏;
Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou, e pa devwale sekrè a yon lòt,
oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch, e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.
11 一句簡單話,若說得適當,有如銀盤中,放上金蘋果。
Tankou pòm an lò ki monte sou ajan, se konsa yon mo byen plase nan moman li.
12 明智的勸戒,對受教的人,無異於金環,或純金美飾。
Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
13 忠誠的使者,對遣他的人,有如秋收時,吹來的涼風,使他主人的心感到愉快。
Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt, se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo, paske li rafrechi nanm a mèt li yo.
Tankou nwaj ak van san lapli, se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.
Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade; se yon lang dous ki kase zo.
16 你找到蜂蜜,應按食量吃;怕吃的過多,反要吐出來。
Èske ou te jwenn siwo myèl? Manje sèlman kont ou, pou ou pa gen twòp pou vomi li.
17 鄰舍的住家,你應少踏入;怕他討厭你,反而憎恨你。
Kite pye ou raman pile lakay vwazen ou, sinon li va fatige avè w, e vin rayi ou.
18 作假見證陷害鄰舍的人,無異是鐵鎚、刀劍和利箭。
Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file, se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.
19 在患難之日,信賴無信用的人,有如信賴蛀壞的牙,脫節的腳。
Tankou yon move dan ak yon pye ki pa estab, se konsa konfyans nan yon nonm enfidèl nan tan gwo twoub.
20 對憂傷的心靈詠唱詩歌,無異在傷口處倒上酸醋。
Tankou yon moun ki retire rad li nan jou fredi, oswa tankou vinèg sou poud bikabonat, se konsa sila ki chante chan ak kè twouble yo ye.
21 若仇人餓了,你要給他吃;若是他渴了,應給他水喝:
Si lènmi ou grangou, ba li manje; epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;
22 這是將火炭堆在他頭上,上主也必要因此還報你。
paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li, e SENYÈ a va bay ou rekonpans.
Van nò pote lapli e yon lang medizan, pote yon move vizaj.
Li pi bon pou viv nan yon kwen twati pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.
Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige, se konsa yon bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.
26 義人如在惡人面前失足,無異弄混的水泉,弄濁的水井。
Tankou yon sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine, se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.
27 吃蜂蜜過多,有損無益;過於求光榮,反而受累。
Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl, ni li pa bon pou chache pwòp glwa pa w.
28 人若不控制自己的脾氣,就如一座無牆無防的城市。
Tankou yon gran vil ki kase antre san miray, se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.