< 箴言 22 >
Yon bon non pi bon pase tout richès; e favè Bondye, pase ajan ak lò.
Rich la ak malere a mare ansanm; se SENYÈ a ki fè yo tout.
3 精明人遇見災禍,即行隱避;無知者反向前走,自招損害。
Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
4 謙卑的賞報,是敬畏上主,是享有財富、尊榮和生命。
Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a se richès, bon repitasyon, ak lavi.
5 邪惡者的路上,滿佈荊棘羅網;潔身自愛的人,必能遠而避之。
Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo; sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale, e lè li vin gran, li p ap kite li; menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Rich yo domine sou pòv yo, e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
8 播種邪惡的,必收穫災禍;他辛苦工作,必全屬徒然。
Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.
9 目光慈祥的,必蒙受祝福,因他將食糧,施捨給狂人。
Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.
10 趕走了狂人,就除了爭執;爭訟與侮辱,亦相繼止息。
Mete moun k ap moke moun yo deyò, e diskisyon an prale tou; wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11 純潔的心靈,是上主所愛;優雅的唇舌,是君王所悅。
Sila ki renmen kè ki san tach e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12 上主的眼目,常衛護知識;敗類的言論,必加以毀滅。
Zye a SENYÈ a konsève konesans; men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13 只有懶人說:「外面有獅子,在街市之中,我會被吞噬。」
Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; m ap mouri nan lari!”
14 淫婦們的口,實是個深坑;上主惱怒的,必墮入其中。
Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon; sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16 欺壓窮人,是使他致富;饋贈富者,是使他貧窮。
Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
17 你應當傾聽智者的訓言,應專心致意領會我的知識。
Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.
Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 為使你的信賴全托於上主,我今日特將道路指示給你。
Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a, mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay, de konsèy ak konesans yo?
Pou fè ou konnen vrè pawòl verite yo, pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
22 你不可因為人窮而剝削窮人,亦不可在城門口欺壓弱小者;
Pa vòlè malere a paske li pòv, ni kraze aflije nan pòtay la;
23 因為他們的案件,上主必予以辯護;凡剝奪他們的人,上主必討其生命。
paske, SENYÈ a va plede ka yo e pran lavi a sila ki vòlè yo.
24 易怒的人,不可與他交結,暴躁的人,不要與他往來,
Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè; oswa ale ak yon moun kolerik,
sinon, ou va aprann mès li yo e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo, pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 免得你沒有什麼償還時,連你的床榻也被人奪走。
Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye, poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
Pa deplase ansyen bòn ke papa zansèt nou yo te mete a.
29 你曾見過辦事能幹的人嗎﹖他必侍立在君王面前,決不侍立在庸人面前。
Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li? Li va kanpe devan wa yo; li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.