< 民數記 35 >

1 上主在耶里哥對面,約但河邊,摩阿布曠野內,訓示梅瑟說:「
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:
2 你命令以色列子民,應由他們分得的產業內,指定一些城給肋未人居住,將城四周的牧場,也分給肋未人。
Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo teren patiraj ki antoure vil yo.
3 這些城歸他們居住,城郊的牧場為牧放他們所有的牛羊和一切牲畜。
Vil yo va pou yo, pou yo viv ladann. Teren pa yo va pou bèf pa yo, pou twoupo pa yo ak pou tout bèt pa yo.
4 你們劃給肋未城郊的牧場,應由城牆起,周圍向外伸展至二千肘,
Teren patiraj lavil ke nou te bay a Levit yo va rive soti nan miray lavil yo, pou lonje rive jis a mil koude.
5 即由城外向東方量二千肘,向南方量二千肘,向西方量二千肘,向北方量二千肘,城在中央;這些土地為作他們城郊的牧場。
Nou va, osi, mezire deyò lavil la nan kote lès, de-mil koude, nan kote sid, de-mil koude, nan kote lwès, de-mil koude, ak nan kote nò, de-mil koude, avèk vil nan mitan li an. Sa va devni pou yo kòm teren pa yo pou vil yo.
6 分給肋未人的城中,應指定六座為避難城,殺人者可逃入城中。此外還應給他們四十二座城。
Vil ke nou va bay a Levit yo va sis vil azil kote moun ki touye moun kapab sove ale. Anplis de sa yo, nou va bay karann-de vil.
7 這樣,劃給肋未人的城,共計四十八座,連城郊的牧場在內。
Tout vil ke nou va bay a Levit yo va karanntuit vil ansanm avèk teren patiraj pa yo.
8 當你們由以色列子民的產業中,劃分給肋未人城邑時,由大支派應多取,由小支派應少取;每支派應依照自己分得的產業,將城邑劃給肋未人。」
Selon vil ke nou va bay soti nan posesyon a fis Israël yo, nou va pran plis nan men pi gran yo, e nou va pran mwens nan men pi piti yo. A tout selon eritaj li ke li resevwa va bay kèk nan vil pa li yo a Levit yo.
9 上主訓示梅瑟說:「
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
10 你告訴以色列子民說:幾時你們過約但河進入了客納罕地,
“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou fin travèse Jourdain an pou lantre nan peyi Canaran an,
11 應選定幾座城作你們的避難城,凡誤殺人的,可逃到那裡。
alò, nou va apwente pou nou menm vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale.
12 這些城可作為你們脫免復仇者的避難所,好使殺人者不致在未立於會眾前受審判以前,便遭人殺害。
Vil yo va pou nou yon refij kont vanjè yo, pou sila ki touye moun nan pa mouri jiskaske li ta vin kanpe devan kongregasyon an pou jije.
13 你們應指定六座城作為你們的避難城。
Vil ke nou bay yo va sis vil nou yo pou azil.
14 在約但河東指定三座,在客納罕地指定三座,作為避難城。
Nou va bay twa vil lòtbò Jourdain an ak twa vil nan peyi Canaran an. Yo va sèvi kòm vil azil.
15 這六座城為以色列子民和外方人,以及住在你們中間的人,作為避難所;凡誤殺人的,都可逃到那裡去。
Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la.
16 人若用鐵器打人,將人打死,他就是兇手,兇手應處死刑。
“‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò.
17 人若用手中可砸死人的石頭打人,將人砸死;他就是兇手,兇手應處死刑。
Si li te frape li avèk yon wòch nan men l, pou l ta vin mouri, epi li mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò.
18 或者人若用手中可打死人的木器打人,將人打死,他就是兇手,兇手應處死刑。
Oswa, si li te frape li avèk yon bout bwa nan men l pou li ta mouri, e li vin mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò.
19 報血仇的,可將兇手殺死;幾時遇見他,可將他殺死。
Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li.
20 人若因懷恨撞倒了人,或故意拋物打人,致使那人死了;
Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri,
21 或者因仇恨用手打人,將人打死;打人的應處死刑,因他是兇手;報血仇的人,幾時遇著兇手,可將他殺死。
oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li.
22 但是,若人並無怨仇,偶然撞倒人,或無意中拋物傷人,
“‘Men si li vin pouse li sibitman san rayisman, oswa li te jete yon bagay sou li san entansyon,
23 或因沒有看見,使任何能打死人的石頭落在人身上,致使那人死了,彼此並沒有仇恨,也沒有意思害人,
oswa, avèk nenpòt objè mòtèl an wòch, men san wè, li vin tonbe sou li e li vin mouri, pandan li pa t lènmi li, ni li pa t ap chache pou fè li mal,
24 對這樣的案件,應在打死人的和要報血仇者之間進行裁判。
alò, kongregasyon an va jije antre moun ki touye moun nan avèk vanjè san an, selon òdonans sa yo.
25 會眾要把殺人者由報血仇者手內救出,使他回到他曾逃入的避難城內,叫他住在那裡,直到傅過聖油的大司祭去逝。
Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.
26 但殺人者如果離開他逃入避難城的邊界以外,
“‘Men si moun ki touye moun nan sòti pi lwen ke lizyè pwòp vil azil pa li a, kote li te gen dwa sove ale a,
27 報血仇者在避難城邊界以外遇見了他,將死殺人者殺死,他並不犯流向的罪,
epi vanjè san an vin jwenn li deyò lizyè vil azil li a; epi vanjè san an touye moun ki te touye moun nan, li p ap koupab de san an,
28 因為那該留在避難城內,直到大司祭去世;大司祭死後,殺人者方可回到屬自己產業的地方:
akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a.
29 這是你們世世代代,在你們任何住處,應遵守的法令。
“‘Bagay sa yo va yon òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo.
30 凡殺人的案件,應依據幾個證人的口供,才可以處決殺人犯;惟獨一人作證,不足以以人宣判死刑。
“‘Si, yon moun touye yon moun, asasen an va vin mete a lanmò sou temwayaj temwen yo, men pèsòn pa pou mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
31 對於被判死刑的殺人犯,你們不可取贖命金,,因為他應該死
“‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò.
32 同樣,你們對逃入避難城的人,亦不可取贖金,准他在大司祭死以前回到本鄉居住。
Nou pa pou pran ranson pou sila ki te sove ale nan vil azil la, pou l kab retounen viv nan peyi a avan lanmò a wo prèt la.
33 你們不可玷污你們所居之地,因為血能玷污地;在那裏流了血,除非那殺人者的血,為那地沒有其他取潔的方法。
“‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof pa san a sila ki te fè vèse san an.
34 你們不可褻瀆你們所居之地,這地也是我居留之地,因為我上主是住在以色列子民中間」。
Nou pa pou konwonpi peyi kote nou rete a, kote Mwen menm rete a. Paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv pami fis Israël yo.’”

< 民數記 35 >