< 民數記 30 >

1 梅瑟訓示以色列子民各支派的首領說:「這是上主所吩咐的:
Alò, Moïse te pale a chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a.
2 若人向上主許願,或發誓戒絕什麼,他不可食言,應全照口中所的去做。
Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.
3 那還在父家的年輕女子,若人向上主許願,或發願戒絕什麼,
“Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li,
4 她父親聽到了她許的願和她發誓戒絕的事,卻對她未發一言,她許的願和她所發的戒誓,概為有效。
epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe.
5 但是,如果她父親在聽到的那天,禁止了她,她所許的願和所發的戒誓,概不生效;上主必寬恕她,因為她父親禁了止了她。
Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li.
6 如果她有權在身,或口中冒然發了戒絕某事的誓,而已出嫁,
“Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a,
7 她丈夫聽說了,在聽說的那天,對她未發一言,她的願和她所說的戒誓,仍為有效;
epi mari li tande sa e li pa di anyen a li menm nan jou ke li tande sa a; alò, ve li a va kanpe, e angajman pa sila li te mare tèt li a, va kanpe.
8 但是,如果她丈夫在聽說的那天,禁止了她,他就取消了她許的願,和口中冒然所發的戒誓,上主也必寬恕她。
Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li.
9 寡婦或棄婦所許的願,或她所發的戒誓,概為有丈夫效。
“Men yon ve pa yon vèv, oswa yon fanm divòse, tout sa pa sila li te mare tèt li a, va vin kanpe kont li.
10 但是,如果她尚在丈夫家內許了願,或發誓要戒絕什麼,
“Si li te fè ve a lakay mari li, oswa li te mare tèt li pa yon angajman avèk yon sèman,
11 若她丈夫聽說了,未發一言,沒有禁止她,她的願仍為有效,她所發的戒誓,亦為有效。
epi mari li te tande sa; men pa t di anyen a li menm, e li pa t anpeche li; alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, va vin kanpe.
12 但是,如果她的丈夫,在聽說的那天,聲明無效;凡她所說出的,不論是許的願,或發的戒誓,一概無效;她的丈夫既聲明無效,上主也就寬恕她。
Men si, vrèman, mari li anile yo nan jou ke li tande yo a; alò, okenn ve oswa angajman ki sòti nan lèv li, p ap kanpe. Mari li te anile yo. SENYÈ a va padone li.
13 凡女人所許的願,或為苦身克己所發的誓,丈夫能使之生效,亦能聲明無效。
Nenpòt ve oswa nenpòt sèman pa sila li te mare tèt li a, mari li kapab aksepte li, oswa mari li kapab anile li.
14 但是如果她的丈夫兩天內對她未發一言,就算他使她所許的願和她發的戒誓生效,因為在他聽說的那天,對她未發一言,就已算贊成。
Men si mari li, vrèman, pa di anyen a li menm de jou an jou; alò, li te aksepte li. Paske li pa di anyen a li menm nan jou ke li te tande yo a.
15 但若他聽說很久以後,才聲明無效,他應負妻子的罪債」。
Men si li, vrèman, anile yo apre li te tande yo a; alò, mari a va pote koupabilite chaj li.”
16 這是有關丈夫和妻子的關係,父親與尚在家內年輕女兒的關係,上主向梅瑟吩咐的法令。
Sa yo se règleman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, antre yon mesye ak madanm li, oswa antre yon papa ak fi ki nan laj jenès li, ki te viv lakay papa li.

< 民數記 30 >