< 民數記 15 >

1 上主訓示梅瑟說:「
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 你吩咐以色列子民說:你們進入了我賜給你們居住的地方時,
“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote nou dwe viv la, peyi ke Mwen ap bannou an,
3 如要以牛或羊獻給上主作火祭,或作全燔祭,或作任何祭獻,或為還願,或出於自願,或因逢節期,以之作為悅樂上主的馨香祭,
alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton—
4 獻祭的人應給上主加獻十分之一「厄法」細麵,調和四分之一「辛」油,作為素祭。
sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil.
5 此外,為全燔祭或為任何祭獻,還應奠上酒:為每隻公羔羊,奠四分之一「辛」酒。
Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou chak jenn mouton.
6 如果是隻公綿羊,應加獻十分之二「厄法」細麵,調和上三分之一「辛」油,作為素祭;
“‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil;
7 再奠上三分之一「辛」酒,作為悅樂上主的馨香祭。
epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a.
8 如果你以一隻牛犢獻作全燔祭或任何祭獻,或為還願,或獻與上主作和平祭,
“‘Lè ou fin prepare yon towo kòm yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, oswa ofrann lapè bay SENYÈ a,
9 除牛犢外,還應加獻十分之三「厄法」細麵,調和上半「辛」油,作為素祭;
alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil;
10 再奠上半「辛」酒,作為悅樂上主的馨香火祭。
epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
11 每獻一頭公牛,或一隻公綿羊,或一隻公羔羊,或一隻公山羊,都應照此而行;
Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo.
12 你們所獻的數目無論多少,為每一隻都應照此而行。
Selon kantite ke nou prepare yo, konsa nou va fè pou chak selon kantite ki genyen an.
13 本地人不論誰,獻悅樂上主的馨香火祭時,都應這樣行。
“‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mod la, nan prezante yon ofrann pa dife a, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
14 幾時一個與你們同住的,或與你們的後代同住的外方人,願獻悅樂上主的馨香火祭,你們怎樣行,他也應怎樣行。
Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon a SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l.
15 全會眾,不論是為你們,或為與你們同住的外方人,只有一樣的規定;這為你們世世代代,是一永遠的規定:在上主面前你們與外方人一樣;
Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a.
16 為你們和與你們同住的外方人,只有一種法律,只有一種制度。」
Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”
17 上主訓示梅瑟說:「
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
18 你吩咐以色列子民說:幾時你們進入了我引你們去的地方,
“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote Mwen mennen nou an,
19 吃那地方的食糧時,應拿一分獻給上主作禮品:
alò konsa sa va rive, ke lè nou manje nan manje peyi a, nou va leve yon ofrann bay SENYÈ a.
20 由初熟的麥麵團中,獻一個餅作禮品,有如奉獻纔從禾場打下之物一樣。
“‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li.
21 你們世世代代,應從初熟麥麵團中取出,獻給上主作禮品。
Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo.
22 如果你們誤犯了過失,而沒有遵行上主向梅瑟所吩咐的某條誡命,
Men lè nou tonbe fè yon fòt ki pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo—
23 即上主藉梅瑟向你們所吩咐的,由上主出命之日起,直到你們世世代代,
tout sa ke SENYÈ a te kòmande pa Moïse yo soti nan jou ke SENYÈ a te bay kòmandman an, avanse rive nèt pou tout jenerasyon yo—
24 那麼,如果是會眾出於無心誤犯了過失,全會眾應獻一公牛犢當全燔祭,作為悅樂上主的馨香祭,並依照禮規獻素祭和奠酒禮,再獻一公山羊作贖罪祭。
alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche.
25 司祭應為以色列子民全會眾行贖罪禮,他們即可獲得赦免,因為這是無心之過。當他們為這無心之過,給上主奉獻了火祭,並在上主面前獻了贖罪祭後,
Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.
26 以色列子民全會眾以及住在你們中的外方人,都獲得赦免,因為全人民犯了無心之過。
“‘Konsa, tout kongregasyon fis Israël yo va vin padone, avèk etranje ki demere pami yo, paske sa te rive a tout pèp la akoz fòt erè a.
27 如果是一人出於無心犯了罪,應獻一隻一歲的母山羊作贖罪祭。
Osi, si yon moun fè peche ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche.
28 司祭為這犯無心之過的人,在上主面前行贖罪禮,因為他由於無心犯了罪;為他行了贖罪禮,他即可獲得赦免。
Prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou moun ki kite chemen an lè li fè peche ki pa eksprè a, pou li k ap fè ekspiyasyon pou li pou jiskaske li kapab padone.
29 凡以色列子民,不拘是本地人或住在你們中的外方人,對誤犯過失的人,只有一條法律。
Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo.
30 但如果一人,不論是本地人,或是外方人,敢大膽妄為,侮辱上主,這人應由民間剷除;
Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a.
31 因為他輕視了上主的話,違犯了他的誡命,這人應被除滅,應自負罪債。」
Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’”
32 以色列子民尚在曠野的時候,遇見一人在安息日拾柴,
Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a.
33 遇見他拾柴的人,就帶他到梅瑟及亞郎和全會眾前;
Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a.
34 他們將他押在看守所內,因為尚未指明應如何處置他。
Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li.
35 那時上主對梅瑟說:「這人應處死刑,全會眾應在營外用石頭將他砸死。」
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”
36 全會眾遂拉他到營外,用石頭砸死他,照上主對梅瑟所吩咐的。
Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
37 上主訓示梅瑟說:「
SENYÈ a te osi pale avèk Moïse e te di:
38 你吩咐以色列子民,命他們世世代代,在自己衣邊上做上繸頭;衣邊的每個繸頭,應用紫繩繫著。
“Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble.
39 這繸頭是為叫你們一看見,就想起上主的誡命,依照遵行,免得你們隨從心中和眼目的慾望,而放縱淫亂。
Se va yon ponpon pou nou gade, e pou sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan noun te kon fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou,
40 這樣,你們必對我的一切誡命,懷念不忘,依照遵行;這樣在你們的天主面前,你們常是聖潔的。
e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou rete sen a Bondye nou an.
41 我上主是你們的天主,我領你們出埃及是為作你們的天主:我上主是你們的天主。」
“Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”

< 民數記 15 >