< 民數記 13 >

1 上主訓示梅瑟說:「
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 你要派遣一些人去窺探我要賜給以色列子民的客納罕地;每一宗族支派應派遣一人去,個個都應是他們中的領袖。」
Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.
3 梅瑟就依照上主的命令,從帕蘭曠野派遣他們去了;這些人全是以色列民的首領。
Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.
4 以下是他們的名字:勒烏本支派是匝雇爾的兒子沙慕亞;
Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a;
5 西默盎支派是曷黎的兒子沙法特;
soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a;
6 猶大支派是耶孚乃的兒子加肋布;
pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a;
7 依撒加爾支派,是若瑟的兒子依卡耳;
pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la;
8 厄弗辣因支派是農的兒子曷舍亞;
pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan
9 本雅明支派是辣富的兒子帕耳提;
pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a;
10 則步隆支派是索狄的兒子加狄耳;
pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a;
11 若瑟支派,即默納協支派是穌息的兒子加狄;
pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a;
12 丹支派是革瑪里的兒子阿米耳;
pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a;
13 阿協爾支派是米加耳的兒子色突爾;
pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la;
14 納斐塔里支派是沃斐息的兒子納赫彼;
pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a;
15 加得支派是瑪基的兒子革烏耳:
pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.
16 以上是梅瑟派去窺探那地方的人名;梅瑟給農的兒子曷舍亞起名叫若蘇厄。
Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Hosée, fis a Nun nan, Josué.
17 當梅瑟派遣他們窺探客納罕地時,向他們說:「你們由此上乃革布去,然後上山區去,
Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.
18 窺看那地方怎樣,看住在那地方的人民是強盛或是軟弱,是稀少或是眾多;
Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun.
19 他們住的地方是好,或是壞;他們居住的城鎮是不設防,或是設防的;
Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò?
20 有什麼土壤,是肥沃或是貧瘠;在那裏有沒有樹木。你們應勇敢,帶些那地方的果子來。」那時是葡萄初熟的時節。
Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.
21 他們遂上去,窺探了那地方,從親曠野直到勒曷布,哈瑪特關口。
Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan.
22 他們上到乃革布,來到了赫貝龍。在那裏有阿納克的後裔阿希曼、舍瑟和塔耳買。──赫貝龍城比埃及左罕城早建七年。
Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
23 他們一直來到厄市苛耳山谷,砍下了一枝只有一嘟嚕的葡萄,兩人用槓子抬著,又摘了些石榴和無花果。
Yo te rive nan vale Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans.
24 人稱那地方為厄市苛耳山谷,因為以色列子民從那裏砍去了一嘟嚕葡萄。
Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo.
25 四十天後,他們由偵探的地方回來,
Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo.
26 到了帕蘭曠野的卡德士去見梅瑟、亞郎和以色列子民的全會眾,給他們和全會眾報告,叫他們看那地方的果子。
Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a.
27 他們向梅瑟報告說:「我們到了你派遣我們去的那個地方,實在是流奶流蜜的地方;這是那地方的出產。
Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
28 只是住在那地方的人強盛,城鎮堅固廣大,而且我們在那裏也見到了阿納克的後裔。
“Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.
29 阿瑪肋克人住在乃革布地方;赫特人、耶步斯人和阿摩黎人住在山區;客納罕人住在海濱和約但河沿岸一帶。」
Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
30 加肋布使百姓在梅瑟前鎮靜說:「我們儘管上去,必要佔領那地方。我們必能戰勝。」
Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
31 但是與他同去的人卻說:「我們不能前去攻打那民族,因為他們比我們強盛。」
Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”
32 於是他們在以色列子民中,對所偵探的地方散佈謠言說:「我們偵探所經過的地方,是個吞噬當地居民的地方;我們在那裏所見到的民族,都是高大的人。
Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran.
33 在那裏還見到了巨人,即巨人的後裔,阿納克的子孫;我們看自己好像是蚱蜢;在他們看來,我們也實在如此。」
La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”

< 民數記 13 >