< 尼希米記 6 >

1 當桑巴拉特、托彼雅、阿剌伯人革笙和我們其他的仇敵,一聽說我重修了城牆,已沒有破口的地方,──雖然到那時,我還沒有在門上按裝門扇,──
Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo,
2 桑巴拉特和革笙,便派人到我這裏說:「請來,我們在敖諾平原的一個村鎮中會晤。」其實他們是企圖謀害我。
Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
3 我遂派使者去答覆他們說:「我作的工程浩大,不能前去。我怎能離開工作,到你們那裡去,而使工程停頓呢﹖」
Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?”
4 他們如此連續四次,遣使者到我這裏,我也同樣答覆了他們。
Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an.
5 隨後,桑巴拉特第五次,又同樣打發他的臣僕來,手中拿著一封未封的信,
Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l.
6 信上寫著說:「在各民族中傳說,而且革笙也證實此說:你和猶太人圖謀造反,為此你纔重修城牆;據說你還要為王。
Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo.
7 並且你派定了先知,在耶路撒冷為你宣傳說:猶大有了王! 現今這些話勢必傳到君王那裏,所以請你來,我們互相商議商議。」
Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.”
8 我遂派遣使者向他說:「決沒有像你所說的那些事,是你心中虛構的。」
Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap envante yo nan pwòp panse ou.”
9 其實,他們是企圖恐嚇我們,心想:「如此他們必放棄那工程,不在工作下去。」但我的力量更堅強了。
Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, O Bondye ranfòse men m.
10 有一天,我來到默塔貝耳的孫子,德拉雅的兒子舍瑪雅的家裏,他正閉門在家,對我說:「我們上天主的殿,到聖所裏去會晤,關好聖所的門戶,因為他們要來殺你,且今夜要來殺你。」
Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit la pou touye ou.”
11 我答說:「像我這樣的人,能逃避到聖所中,保全生命嗎﹖我決不進去! 」
Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.”
12 我覺察出來,不是天主打發他向我講這預言,而是托彼雅和桑巴拉特賄賂了他,
Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li.
13 要他恐嚇我,使我那樣去作犯罪的事,如此給他們留下一種壞名譽,好藉以辱罵我。
Li te anplwaye li pou rezon sa a; pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen.
14 我的天主! 請你按照托彼雅和桑巴拉特之所行,記憶他們! 也不要忘卻諾阿狄雅女先知和其餘的先知,因為他們企圖使我恐懼。
Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
15 「厄路耳」月二十五日,城垣完成,共計為時五十二日。
Konsa, miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou.
16 我們所有的仇敵一聽說這事,我們四周的人民一看見這事,都十分驚異,並承認這工程,是賴我們的天主而完成的。
Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an.
17 在此期間,猶大有些有權勢的人,給托彼雅寄了許多函件,托彼雅也有覆函寄回。
Anplis, nan jou sa yo, anpil lèt te sòti nan gwo moun a Juda yo bay Tobija e lèt Tobija yo te rive kote yo.
18 因為猶大有許多人,與他宣示為盟,因他原是阿辣黑的兒子,舍加尼亞的女婿,他的兒子約哈南,又取了貝勒革雅的兒子默叔藍的女而為妻。
Paske anpil nan yo te mare pa sèman ak li menm, paske li te bofis a Schecania, fis a Arach la e fis pa li a, Jochanan te marye ak fi a Meschullam nan, fis a Bérékia a.
19 他們常在我面前稱道他的善行,也將我的事向他報告,托彼雅遂來信恐嚇我。
Anplis, yo t ap pale afè bon zèv li nan prezans mwen e te bay li rapò a pawòl mwen yo.

< 尼希米記 6 >