< 彌迦書 1 >

1 猶大不約堂、阿哈次和希則克雅年間,上主的話傳給摩勒舍特人米該亞;以下如果他關於撒馬黎雅和耶路撒冷所見的聖視:
Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
2 眾民族,你們請聽! 大地和充乎其間的萬物,你們側耳傾聽! 吾主上主要作証反抗你們,吾主已離開了衪的聖殿。
Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
3 看,上主已離開自己的居所下降,踏著大地高處前行。
Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a. Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.
4 在衪腳下,諸山銷鎔,諸谷分裂,有如蠟在火前,有如冰瀉斜坡。
Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
5 這一切都是因為雅各伯的邪惡,猶大家的罪過。雅各伯的邪惡是什麼﹖不就是撒馬黎雅﹖猶大的罪過是什麼﹖不就是耶路撒冷﹖
Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?
6 我必要使撒馬黎雅變為田野中的廢墟,化為栽植葡萄的園地;我要把她的石頭投入山谷,暴露她的基礎。
Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil mazi nan yon chan louvri, tankou yon kote pou plante yon chan rezen. Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a, e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
7 她的一切雕像必被打碎;她的一切淫資必被火燒盡;她的一切偶像,我必使之變為廢物,因為偶像是聚合娼妓淫資做成的,將再轉為娼妓的淫資。
Tout zidòl li yo va vin kraze nèt, tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, e tout zidòl li yo Mwen va detwi; paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo, e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
8 為此,我要哀號悲鳴,我要赤足裸體而行;哀號若豺狼,悲鳴如駝鳥;
Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!
9 因為撒馬黎雅的創傷無法醫治,且已廷及猶大,逼近我的門口,直達耶路撒冷。
Paske blesi li a p ap ka geri; paske li fin rive nan Juda. Li rive nan pòtay a pèp mwen an, menm Jérusalem.
10 你們在加達不要歡樂,在隨苛要慟哭,在貝特敖斐勒,要輾轉於灰塵之中。
Pa pale sa nan Gath. Pa kriye menm. Nan Beth-Leaphra mwen te woule kò mwen nan pousyè.
11 沙非爾的居民! 人已向你吹起了號角;匝南的居民,不要走出自己的城! 在貝特厄責耳有了哭訴,因為人從你們手中奪去了立足之地。
Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; nan lawont ak toutouni ou. Moun Tsaanan p ap chape. Plenyen Beth-Haëtsel la: Li va retire sou ou tout soutyen li.
12 災禍已由上主降於耶路撒冷門前,瑪洛特的居民還怎能希望幸福﹖
Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon, akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, rive nan pòtay Jérusalem nan.
13 拉基士的居民,你們要以快馬駕車! 你們是熙雍子女犯罪的開端,因為在你們中間找出以色列罪惡的根源。
Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis! Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
14 摩勒舍特加特! 人要給你送來臨別的贈品;阿革齊布家為以色列君王,是一條變幻無常的溪流。
Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath. Lakay Aczib yo va vin yon desepsyon pou wa Israël yo.
15 瑪勒沙的居民,征服者還要來你們這裏;的確,以色列的光榮阿杜蘭將要消逝!
Anplis, Mwen va mennen bay nou sila k ap pran posesyon nou an, O nou menm k ap viv nan Maréscha yo! Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.
16 熙雍女子! 妳應為了妳所愛的子女剃頭削髮,並要徹底使妳的頭光禿,有如一隻兀鷹,因為你們已由妳面前被擄去充軍。
Vin chòv nèt; koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an. Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg, paske yo te ale an egzil kite ou!

< 彌迦書 1 >