< 馬可福音 9 >
1 耶穌又對他們說:「我實在告訴你們:站在這裏的人中,就有幾個在未嘗到死味以前,必要看見又主的國帶著威能降來。」
Jésus te di yo: “Anverite Mwen di nou, gen kèk moun nan sila ki kanpe la yo ki p ap goute lanmò jouk lè yo fin wè wayòm Bondye a rive avèk pouvwa.”
2 六天後,耶穌帶著伯多祿、雅各伯和若望,單獨帶領他們上了一座高山,在他們前變了容貌:
Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.
3 他的衣服發光,那樣潔白,世上沒有一個漂布的能漂得那樣白。
Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.
Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.
5 伯多祿遂開口對耶穌說:「「師傅,我們在這裏真好! 讓我們搭三個帳棚:一個為你,一個為梅瑟,一個為厄里亞。」
Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.”
Paske li pa t konnen ki repons pou bay, akoz kè yo te plen avèk laperèz.
7 當時,有一團雲彩遮蔽了他們,從雲中有聲音說:「這是我的愛子,你們要聽從他!」
Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”
8 他們忽然向四周一看,任誰都不見了,只有耶穌同他們在一起。
Nan menm moman sa a, yo te gade toupatou e pa t wè pèsòn avèk yo ankò, sof ke Jésus sèl.
9 他們從山上下來的時候,耶穌囑咐他們,非等人子從死者中復活後,不要將他們所見的告訴任何人。
Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.
10 他們遵守了這話,卻彼此論從死者中復活是什麼意思。
Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò an”.
11 他們就問耶穌說:「為什麼經師們說厄里亞應該先來﹖」
Yo te mande Li: “Poukisa skrib yo di ke Élie oblije vini avan an?”
12 耶穌對他們說:「厄里亞固然要先來整理一切:但是經上關於人子應受許多痛苦,被人輕慢,是怎樣記載的呢﹖
Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?
13 可是,我告訴你們:厄里亞己經來了,人們任意對待了他,正如經上關於他所記載的。」
Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.”
14 他們來到門徒那裏,看見一大群人圍著他們,經師和他們正在辯論。
Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo.
15 全民眾一看見了耶穌,就都驚奇,立刻向前跑去問候他。
Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.
E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”
17 群眾中有一個人回答說:「師傅,我帶了我的兒子來見你,他附著一個啞吧魔鬼;
Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè;
18 無論在那裏,魔鬼抓住他,就把他摔倒,他就口吐白沫,咬牙切齒,並且僵硬了。我曾請你的門徒把魔鬼逐出,他們卻不能。」
epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
19 耶穌開口向他們說:「哎! 無信的世代! 我與你們在一起要到幾時呢﹖我容忍你們要到幾時呢﹖帶他到我這裏來! 」
Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
20 他們就把孩子領到耶穌跟前。魔鬼一見耶穌,立時使那孩子拘攣了一陣,那孩子便倒在地上,打滾吐沫。
Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.
21 耶穌問他的父親說:「這事發生在他身上有多少時候了﹖」他回答說:「從小的時候;
Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun.
22 魔鬼屢次把他投到火裏或水裏,要害死他。但是,你若能做什麼,你就憐憫我們,幫助我們罷!」
Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”
23 耶穌對他說:「『你若能,』為信的人,一切都是可能的! 」
Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”
24 小孩子的父親立刻喊說:「我信! 請你補助我的無信罷!」
Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”
25 耶穌看見群眾都跑過來,就叱責邪魔說:「又聾又啞的魔鬼,我命你從他身上出去! 不要再進入他內!」
Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
26 魔鬼就喊叫起來,猛烈使那孩子拘攣了一陣,就出去了;那孩子好像死了一樣,以致有許多人說:「他死了! 」
Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”
27 但是,耶穌握住他的手,拉他起來,他就起來了。
Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.
28 耶穌進到家裏,他的門徒私下問他說:「為什麼我們不能趕他出去﹖」
Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”
29 耶穌對他們說:「這一類,非用祈禱[和禁食,]是不能趕出去的。」
Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”
30 他們從那裏起身,經過加里肋亞;耶穌卻不願叫人知道。
Depi la yo te ale pase nan tout Galilée, e Li pa t vle ke pèsòn konnen anyen sou sa.
31 因為那時他教訓他的門徒,給他們說:「人子將要被交在人手中,為人所殺;被殺以後,過了三天, 他必要復活。」
Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: “Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.”
Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.
33 他們來到葛法翁,到了家裏,耶穌問他們說:「你們在路上爭論了什麼﹖」
Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?”
34 他們都默不作聲,因為他們在路上彼此爭論誰最大。
Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.
35 耶穌坐下,叫過那十二人來,給他們說:「誰若想做第一個,他就得做眾人中最末的一個,並要做眾人的僕役。」
Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”
36 遂領過一個小孩子來,放在門徒中間,抱起他來,給他們說:
Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo:
37 「誰若因我的名字,收留一個這樣的小孩子,就是收留我;誰若收留我, 並不是收留我,而是收留那派遣我來的。」
“Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”
38 若望向耶穌說:「師傅! 我們見過一個人,他因你的名字驅魔,我們禁止了他,因為他不跟從我們。」
Jean te di Li: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase move lespri yo nan non Ou, e nou te eseye fè l sispann, paske li pa t ap swiv nou.”
39 耶穌說:「不要禁止他,因為沒有任何人,以我的名字行了奇跡,就會立刻毀謗我的,
Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen.
Paske sila ki pa kont nou an, li pou nou.
41 「誰若因你們屬於基督,而給你們一杯水喝,我實在告訴你們:他決不會失掉他的賞報。
Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.
42 誰若使這些信者中的一個小子跌倒,倒不如拿一塊驢拉的磨石,套在他的脖子上,投在海裏,為他更好。
“Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.
43 倘若你的手使你跌倒,砍掉它! (Geenna )
“Si men nou fè nou chape tonbe, koupe l nèt; li pi bon pou nou ta antre nan lavi kokobe, pase avèk de men, pou nou ta jete nan twou san fon an, nan lanfè ki “pa kapab etenn nan, (Geenna )
44 你殘廢進入生命,比有兩隻手而往地獄裏,到那不滅的火裏去更好。 ()
‘kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.’
45 倘若你的腳使你跌倒,砍掉它! (Geenna )
“E si pye nou fè nou chape tonbe, koupe li nèt; li pi bon pou nou antre nan lavi bwete, pase genyen tou de pye nou, e vin jete nan lanfè, (Geenna )
46 你瘸腿進入生命,比有雙腳被投入地獄裏更好。 ()
kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
47 倘若你的眼使你跌倒,剜出它來! 你一隻眼進入天主的國,比有兩隻眼被投入地獄裏更好, (Geenna )
“Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye. (Geenna )
Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
“Paske tout moun va vin sale ak dife, e chak sakrifis ap sizonnen ak sèl.
50 鹽是好的;但鹽若成了不鹹的,你們可用什麼去調和它﹖在你們中間當有鹽,又該彼此和平相處。」
“Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”