< 馬可福音 3 >

1 耶穌又進了會堂,在那裏有一個人,他的一隻手枯乾了。
Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch.
2 他們窺察耶穌是否在安息日治好那人,好去控告他。
Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.
3 耶穌對那有一隻手枯了的人說:「起來,站在中間! 」
Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
4 遂對他們說:「安息日許行善呢,或作惡呢﹖許救命呢,或害命呢﹖」他們一聲不響。
Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
5 耶穌遂含怒環視他們,見他們的心硬而悲傷,就對那人說:「伸出手來! 」他一伸,他的手就復了原。
Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
6 法利賽人一出去,立刻便與黑落德黨人作陷害耶穌的商討,為除滅他。
Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
7 那時,耶穌同自己的門徒退到海邊去,有許多民眾從加里肋亞跟隨了來,並有從猶太、
Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo,
8 耶路撒冷、依杜默雅、約旦河彼岸、提洛和漆冬一帶地方的許多群眾,聽說他所做的一切事,都來到他跟前。
avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li.
9 因為人多,他遂吩咐他的門徒,為自己備好一隻小船,免得人擁擠他。
Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp.
10 因為他治好了許多人,所以,凡有病的人都向他湧來,要觸摸他。
Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.
11 邪魔一見了他,就俯伏在他面前,喊說:「你是天主子。」
E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”
12 他卻嚴厲責斥他們,不要把他顯露出來。
Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.
13 隨後,耶穌上了山,把自己所想要的人召來,他們便來到他面前。
Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li.
14 他就選定了十二人,為同他常在一起,並為派遣他們去宣講,
Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche,
15 且具有驅魔的權柄。
e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo:
16 他選定了這十二人:西滿給他取名叫伯多祿,
Simon, ki rele Pierre,
17 載伯德的兒子雅各伯和雅各伯的弟弟若望,並為他們起名叫「波納爾革」,就是「雷霆之子」,
Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo);
18 安德肋、斐理伯、巴爾多祿茂、瑪竇、多默、阿爾斐的兒子雅各伯,達陡和熱誠者西滿,
André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;
19 並猶達斯依斯加略,他是負責耶穌者。
ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
20 耶穌到了家,群眾又聚集了來,以致他們連飯都不能吃。
Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
21 他的人聽說了,便出來要抓住他,因為他們說:「他瘋了!」
Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.
22 從耶路撒冷下來的經師們說:「他賴魔王驅魔。」
Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
23 耶穌遂把他們叫來,用比喻向他們說:「撒殫怎能驅逐撒殫呢﹖」
Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò?
24 一國若自相紛爭,那國就不能存立;
Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe.
25 一家若自相紛爭,那家也將不能存立。
Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe.
26 撒殫若起來自相攻擊紛爭,也就不能存立,必要滅亡。
Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!
27 決沒有人能進入壯士的家,搶劫他的家俱的,除非先把那壯士捆起來,然後搶劫他的家。
“Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.
28 我實在告訴你們:世人的一切罪惡,連所說的任何褻瀆的話,都可得赦免;
“Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè;
29 但誰若褻瀆了聖神,永遠不得赦免,而是永久罪惡的犯人。」 (aiōn g165, aiōnios g166)
men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.” (aiōn g165, aiōnios g166)
30 耶穌說這話,是因為他們說:「他附有邪魔。」
Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.
31 耶穌的母親和他的兄弟們來了,站在外邊,派人到他跟前去叫他。
Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.
32 那時,群眾正圍著他坐著,有人給他說:「看,你的母親和你的兄弟在外邊找你。」
Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.
33 耶穌回答他們說:「誰是我的母親和我的兄弟﹖」
Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”
34 遂環視他週圍坐著的人說:「看,我的母親和我的兄弟!
Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: “Gade, men manman M avèk frè M yo!
35 因為誰奉行天主的旨意,他就是我的兄弟、姊妹和母親。」
Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

< 馬可福音 3 >