< 馬可福音 16 >
1 息日一過,瑪利亞瑪達肋納、雅各伯的母親瑪利亞和撒羅默買了香料,要去傅抹耶穌。
Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.
2 一週的第一天,大清早,她們來到墳墓那裏;那時, 太陽剛升起,
Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve.
3 她們彼此說:「誰給我們從墳墓門口滾開那塊石頭呢﹖」
E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo.
5 她們進了墳墓,看見一個少年人,坐在右邊,穿著白衣,就非常驚恐。
Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
6 那少年人向她們說:「不要驚惶! 你們尋找那被釘在十字架上的納匝肋人耶穌,他已經復活了, 不在這裏了;請看安放過他的地方!
Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.
7 但是你們去,告訴他的門徒和伯多祿說:他在你們以先往加里肋亞去,在那裏你們要看見他,就如他所告訴你們的。」
Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
8 們一出來,就從墳墓那裏逃跑了,因為戰慄和恐懼攫住了她們,她們什麼也沒有給人說,因為她們害怕。
Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
9 (note: The most reliable and earliest manuscripts do not include Mark 16:9-20.) 一週的第一天,清早,耶穌復活後,首先顯現給瑪利亞瑪達肋納:耶穌曾從她身上逐出過七個魔鬼。
(note: The most reliable and earliest manuscripts do not include Mark 16:9-20.) Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.
10 她去報告那些一向同耶穌在一起的人,那時,他們正在哀號哭泣。
Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye.
Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.
12 此後,他們中有兩個人往鄉下去;走路的時候,耶穌藉了另一個形狀顯現給他,
Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò.
13 他們就去報告其餘的人,但那些人對他們也不相信。
Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis.
14 最後,當他們十一人坐席的時候,耶穌顯現給他們,責斥他們的無信和心硬,因為他們不信那些在他由死者中復活後,見了他的人。
Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
15 然後耶穌對他們說:「你們往普天下去,向一切受造物宣傳福音,
Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.
Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.
17 信的人必有這些奇蹟隨著他們:因我的名驅逐魔鬼說新語言,
Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf;
18 手拿毒蛇,甚或喝了什麼致死的毒物,也決不受害;按手在病人身上,可使人痊癒。」
yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”
19 主耶穌給他們說了這些話以後,就被接升天,坐在天主的右邊。
Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye.
20 他們出去,到處宣講,主與他們合作,並以奇跡相隨,證實所傳的道理。
Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.